Tiraj avèk remiz avèk lòd

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Se Marc-Ansy Laguerre ki kreye videyo sa a ki nan yon koleksyon zouti pou ansèyman pwobabilite ak analiz konbinatwa nan matematik. Videyo sa a se yon egzanp aprantisaj aktif paske li ale pi lwen pase aplikasyon fòmil matematik. Li chèche montre lojik ki nan devlòpman fòmil yo. Objektif la se pou etidyan yo ka vin konprann demach ki te pèmèt matematisyen yo defini fòmil sa yo. Se kon sa etidyan yo ap ka vin pwofesyonèl ki kreyatif e ki ka fè pwòp rechèch ak inovasyon pa yo.

Telechaje 2- Tiraj avèk remiz avèk lòd.mp4

Marc-Ansy Laguerre se yon enjenyè sivil ki diplome nan Fakilte Syans Inivèsite Leta d Ayiti. Aprè sa, li te jwenn bous Fulbright ki te pèmèt li fè yon metriz nan jeni sivil ansanm ak etid avanse nan politik piblik Amerik Latin. Se nan University of Pittsburgh li fè etid sa yo. Kounye a, l ap fè rechèch pou doktora nan jeni sivil nan Rice University.

Pasyon Marc-Ansy se pou edikasyon ansanm ak itilizasyon teknoloji pou amelyore ansèyman. Youn nan objektif li se jwenn metòd syantifik ki ka kwape enpak tranbleman tè nan peyi d Ayiti.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments