An n konprann Chante Alfabè Kreyòl La

Se Mandaly Claude Louis-Charles, Michel DeGraff ak Bemol Telfort ki kreye Chante Alfabè Kreyòl La. Sa se pou ede tout ti moun ak tout gran moun vin maton nan ekriti lang kreyòl la ki se lang nasyonal peyi d Ayiti. Materyèl sa yo ap ede aprantisaj grafi ofisyèl lang kreyòl la fèt nan fyète ak kè kontan, nan chante ak danse.