Repost •
@kreyolizasyon • Li lè li tan…Link to DeGraff article:
https://www.opendemocracy.net/en/openglobalrights-openpage/diskriminasyon-lengwistik-ann-ayiti-se-yon-mepri-pou-dwa-timoun-epi-/
Lang kreyòl ayisyen an se zouti mas pèp la itilize pou espresyon kiltirèl, pèsonèl ak politik. Lang lan soti lwen ; nan lane 80 ak 90 yo, pa egzanp, te gen anpil opozisyon kont kreyòl paske gen yon pati nan pèp la ki pa te vle majorite peyi a patisipe nan tout koze ki konsène yo nan peyi a. Tout sa k regle Ayiti, espèsyalman nan zafè lekòl ak administrasyon sosyal ak politik, dwe fèt nan lang tout pèp la konprann. Pèp ayisyen an merite viv nan yon monn kote lang matènèl li pa tounen yon baryè pou li. Jis ki lè moun alatèt yo ap aksepte sa ?
The Haitian Creole language is the medium of religious, political, and general cultural expression of the Haitian masses. But one wouldn't know this based on the attitude of schools in Haiti and the government. As Haiti continues to find its footing in this current world order, this language issue has to be seriously considered. Haitians, like all peopleentitled to live in a world where their first language is not a barrier or something to overcome. The people already know this, but when will the "government" accept it?
Fason GOUVÈNMAN an ka kore kreyòl :
Kreye yon nouvo sistèm lekòl an kreyòl
; Regle biznis pèp la an kreyòl ;
Envesti nan materyèl kreyòl pou tout nivo edikasyon ;
Bay ayisyen k ap angaje lang kreyòl la sipò.
How the government can support Kreyòl :
Create a new school system in Kreyòl ;
Communicate and conduct all administrative affairs in Kreyòl ;
Investment in Kreyòl educational materials for all grades and subjects ;
Support for Haitians who are engaging the Kreyòl language.
Istwa nou montre tou, gouvènman ayisyen pa bay panse pèp la regle anyen pou li. Men, malgre sa, tout bon bagay nan peyi a se pèp la ki ba nou yo : revolisyon 1804 la, lang kreyòl la ak tout lòt bagay nou renmen lakay nou. Se pèp la ki kreye yo, se pèp la ki ba yo valè.
#kreyòl #haitian #haitiancreole #languages #language #caribbeanlanguages #haiti #ayiti #kreyòl
#creolefood #blackhistory