Sa n ap fè

Sit sa a se platfòm pou yon konbit (yon mouvman sitwayen) kote n ap kole zepòl e met tèt ansanm pou n devlope yon bibliyotèk nimerik pou yon lekòl tèt an wo ann Ayiti.

Ki sa « yon lekòl tèt an wo » vle di ?

Sa se yon lekòl ki chita sou twa « wòch dife » : (i) aprantisaj aktif kote ti moun yo ka patisipe nan bati konesans pa yo ; (ii) materyèl entèraktif ki ka ede aprenan yo met men nan sa y ap aprann lan ; (iii) lang manman ti moun yo kòm zouti ki endispansab pou esprime kiryozite ak kreyativite. Twa « wòch dife » sa yo ka ede n rezoud pwoblèm ke Pwòf. Yves Dejean te analize nan liv li a ki rele « Yon lekòl tèt an ba nan yon peyi tèt an ba ».

Motivasyon pou yon mouvman sitwayen

Platfòm sa a se yon zouti pou n lanse yon konbit lajman laj pou anseyan — Grenadye ak Grenadyèz — k ap bati yon lòt kalte lekòl pou tout pitit peyi a. N ap kreye, ranmase, evalye, seleksyone, revize, òganize, epi pataje materyèl an kreyòl pou sal klas.

Istorik Platfòm lan

Nan atelye ak senpozyòm MIT-Ayiti 2010–2017, pifò patisipan yo te deja dakò sou enpòtans lang kreyòl la kòm zouti ki nesesè pou aprantisaj aktif. Men, pou n reyalize rèv sa a, fòk gen ase materyèl an kreyòl, gratis ti cheri, nan tout matyè e nan tout nivo. Erezman, gen yon bèl kantite anseyan ki deja ap pwodui epi simaye materyèl ki djanm an kreyòl. Men, trè souvan, paske pa gen ase mwayen, anseyan sa yo ap travay pou kont yo — kòm si se « chak koukouy klere pou je yo ». Men, n ap jwenn pi plis limyè lè nou ka pran ti pil fè gwo pil. Se pou sa n ap kolabore ak nenpòt anseyan ki enterese nan kreyasyon e itilizasyon materyèl an kreyòl  !

Pwosesis pou n entegre mouvman sa a :

Ki moun ki kapab antre ?

Youn nan dimansyon fondamantal platfòm lan se kolaborasyon. Platfòm sa a se pou n fè konbit pami tout kalte edikatè ann Ayiti e menm nan lòt peyi. Men anpil, chay pa lou…

Ki kalte materyèl nou bezwen sou platfòm lan ?

N ap chèche 2 kalte materyèl:

Materyèl ki pou sèvi nan sal klas, nan tout nivo e nan tout matyè :

  1. Plan leson, kaye nòt pou pwofesè
  2. Aktivite pou etidyan nan sal klas : kesyon, dekouvèt, travo pratik, zouti pou evalyasyon
  3. Pwogram etid / gid pwofesè / manyèl

Materyèl pou pwofesè ki ta renmen sèvi ak pi bon metòd nan sal klas:

  1. Prensip jesyon sal klas
  2. Prezantasyon teyori ak pratik pou edikasyon modèn
  3. Dokiman sou dwa ti moun ak metòd ki pou ranplase chatiman kòporèl
  4. Atik syantifik sou enpòtans lang manman nan edikasyon
  5. Rapò sou esperyans nan aplikasyon pwogram ofisyèl yo

Paj « resous » la gen bèl echantiyon materyèl n ap chache yo. Wòl akonpayman ekip MIT-Ayiti a se pou n mete kontribisyon yo a nivo si sa nesesè — pou tout materyèl ki monte sou platfòm lan ka djanm djanm. Men ki jan nou pral evalye materyèl yo :

  1. Fòk materyèl sa yo an kreyòl.
  2. Fòk materyèl yo pare pou yo sèvi nan sal klas dapre kourikoulòm ofisyèl Ministè Edikasyon Nasyonal.
  3. Fòk materyèl yo antre nan kad aprantisaj aktif.

Ki kalte angajman nou bezwen sou platfòm lan ?

Gen twa nivo angajman (pou pi piti) ki ka ede n kreye kominote :

  1. Kreye epi pataje materyèl pa w.
  2. Brase lide sou platfòm lan — pa egzanp, sèvi ak materyèl ki sou platfòm lan epi pataje kòmantè ki ka ede anseyan nan sal klas.
  3. Motive lòt anseyan pou yo antre nan mouvman an.

Kesyon lojistik :

Ki jan nou ka kontribye nan konbit sa a menm si n pa gen aparèy pou n monte sou sit entènèt la ?

N ap tabli yon pwosesis pou chak patisipan nan konbit la jwenn yon fason pou yo pataje plan leson dapre kontèks pa yo (imel, WhatsApp, fichye elektwonik, foto, e latriye). Pa egzanp, si plan leson yo ekri sou fèy kaye eskolè, n ap kontan resevwa foto fèy sa yo. 

Si sa nesesè, ekip MIT-Ayiti a ava fè rekòmandasyon pou n revize materyèl yo pou yo ka koresponn ak kritè aprantisaj aktif. Nan ka sa a, n ap bezwen fè suivi ak pwofesè ki te pwopoze leson an. Objektif ekip nou se akonpanye kontribitè yo pandan y ap devlope ekspètiz pa yo.

Epi tou, si sa nesesè, n ava fè rekòmandasyon ki pou mete tèks an kreyòl yo djanm — dapre grafi ofisyèl, vokabilè ak sentaks lang lan, e latriye. Pou n rapousuiv kole zepòl la, ekip MIT-Ayiti a ava ekri pwofesè sa yo, kite mesaj vokal pou yo, fè ti videyo ak yo, oubyen rele yo sou telefòn.

Ki sa kontribitè nan platfòm lan ava resevwa pou kore jefò yo, ogmante ekspètiz yo epi ankouraje yo ?

Apre vèsyon final kontribisyon an vin disponib sou Platfòm MIT-Ayiti, l ap vin disponib pou edikatè tout kote ki branche sou entènèt, epi edikatè sa yo ap ka bay fidbak dapre esperyans ak ekspètiz pa yo pandan y ap sèvi ak kontribisyon sa a nan kontèks pa yo.

Kon sa, platfòm lan ava devlope kapasite chak grenn pwofesè k ap patisipe nan konbit la. An menm tan, platfòm lan ap kontribye nan devlopman kominote lokal e entènasyonal kote youn ka ede lòt vin pi maton nan metye anseyan — yon bèl metye pou Grenadye ak Grenadyèz nan konba jounen jodi a pou yon demen miyò.

Objektif Platfòm MIT-Ayiti se nan lespri pou n pataje bon jan resous nan lang manman ak papa nou ak edikatè k ap feraye pou yon demen miyò ann Ayiti. Se kon sa n ap rive kreye yon modèl lekòl tèt an wo pou tout lòt peyi k ap redi pou yo pataje pen ledikasyon alawonnbadè san baryè. Wi, an n kreye yon konbit ki lajman laj pou n bati peyi tèt an wo.