Otorizasyon

Lisans pou itilizasyon materyèl yo :

Tout materyèl ki disponib sou http://MIT-Ayiti.NET se resous ki gratis ti cheri ; se resous lib ki tou louvri pou edikasyon san baryè, dapre lisans ki mande atribisyon, ki gratis ti cheri, epi ki mande tout modifikasyon yo kenbe menm lisans lan kòm byen piblik « Creative Commons » (CC BY-NC-SA 4.0). W ap jwenn pi plis enfòmasyon sou lisans sa a nan plizyè lòt lang nan paj sa a : https://creativecommons.org/licenses/by/4.0/

Ekip MIT-Ayiti a ansanm ak divès kominote anseyan ap pataje yon gran varyete materyèl an kreyòl pou ansèyman ak aprantisaj aktif — materyèl ki baze sou modèl pedagoji kote etidyan yo ka patisipe nan fabrikasyon konesans. N ap mete materyèl sa yo disponib pou anseyan ka adapte yo epi itilize yo nan sal klas pa yo, nan enstitisyon pa yo oswa nan nenpòt sikonstans pa yo. Nou otorize itilizasyon, pataj, modifikasyon ak distribisyon materyèl sa yo ki sou Platfòm MIT-Ayiti a dapre lisans « CC BY-NC-SA 4.0 ».

Dapre lisans « CC BY-NC-SA 4.0 » sa a, materyèl sou Platfòm MIT-Ayiti ansanm ak tout lòt materyèl ki pral devlope sou baz materyèl ki sou Platfòm lan ap toujou rete disponib gratis ti cheri kòm resous lib ki tou louvri. Sa vle di : Lisans « CC BY-NC-SA 4.0 » sa a pa otorize okenn itilizasyon kòmèsyal konsènan materyèl ki disponib sou Platfòm lan oswa materyèl ki t ava sèvi, nan nenpòt ki fason, ak materyèl ki disponib sou Platfòm MIT-Ayiti. Kèlkeswa fason w itilize materyèl sa yo ki sou Platfòm MIT-Ayiti (kit se nan vèsyon orijinal la, kit se modifye ou modifye yo selon bezwen pa w) se menm lisans sa a (« CC BY-NC-SA 4.0 ») k ap toujou aplike konsènan materyèl orijinal yo ansanm ak nenpòt nouvo materyèl w ava kreye sou baz materyèl ki sou Platfòm lan.

Lè n itilize materyèl sa yo ki sou Platfòm MIT-Ayiti, fòk nou ajoute referans sa a kòm atribisyon :

Materyèl sa yo disponib sou Platfòm MIT-Ayiti
Massachusetts Institute of Technology (MIT)
http://MIT-Ayiti.NET
Nou sèvi ak materyèl sa yo dapre lisans pou byen piblik
« Creative Commons » (CC BY-NC-SA 4.0) :
https://creativecommons.org/licenses/by/4.0/

Lisans pou kontribitè :

Inisyativ MIT-Ayiti ap mete tout materyèl k ap monte sou Platfòm MIT-Ayiti (leson, aktivite, manyèl, gid, ak tout lòt kalite resous pou ansèyman ak aprantisaj aktif an kreyòl) disponib gratis ti cheri pou tout moun alawonnbadè dapre yon lisans lisans ki mande atribisyon, ki gratis ti cheri, epi ki mande tout modifikasyon yo kenbe menm lisans lan kòm byen piblik « Creative Commons » CC BY-NC-SA 4.0Egal : sa se materyèl gratis ti cheri ki lib e ki tou louvri e ki pa dwe janm sèvi nan okenn materyèl ki pa gratis ti cheri — ki vle di : materyèl sou Platfòm MIT-Ayiti ak nenpòt materyèl ki baze sou materyèl ki sou Platfòm lan ap toujou gratis ti cheri (ki vle di : materyèl sa yo pa dwe janm antre nan okenn aktivite komèsyal). 

Kondisyon « gratis ti cheri sa a » p ap anpeche otè materyèl la vann materyèl pa l sou bò pa l ; epi otè yo toujou gen dwa bay lòt moun dwa pou yo distribye materyèl a yo ak yon lòt kalte lisans. Si w vle rann sa pi fasil pou moun k ap gade platfòm lan ka kontakte w oubyen pou yo aprann ki lòt kondisyon ki aplike dapre pwòp lisans pa w, tanpri ban nou yon adrès imel, yon nimewo telefòn oubyen adrès (« URL ») yon sit entènèt pou n pataje sou platfòm lan.

Lisans sa a ap pemèt lòt moun itilize, distribye epi kreye resous pa yo dapre materyèl orijinal la, depi materyèl sa yo (kit se materyèl orijinal sa yo ki sou Platfòm MIT-Ayiti, kit se nenpòt materyèl ki vin kreye sou baz materyèl sa yo ki sou Platfòm MIT-Ayiti) pa antre nan okenn aktivite komèsyal. Lisans ki mande atribisyon, ki gratis ti cheri, epi ki mande tout modifikasyon yo kenbe menm lisans lan « Creative Commons » (CC BY-NC-SA 4.0) satisfè kondisyon sa yo epi li bay garanti ke otè materyèl orijinal yo ap toujou jwenn kredi pou jefò yo mete nan kreyasyon materyèl sa yo.

Se mwen menm menm kòm otè oswa se òganizasyon ki kreye materyèl la ki bay Platfòm MIT-Ayiti otorizasyon pou distribisyon materyèl sa a dapre lisans ki mande atribisyon, ki gratis ti cheri, epi ki mande tout modifikasyon yo kenbe menm lisans lan kòm byen piblik « Creative Commons » ki nan dokiman sa a : https://creativecommons.org/licenses/by/4.0/.

Depi mwen oswa òganizasyon ki kreye materyèl la bay otorizasyon pou materyèl la monte sou Platfòm MIT-Ayiti, nou tou dakò ak règleman kondisyon sa yo :

  1. se otè materyèl la k ap kenbe dwa d otè konsènan materyèl sa a ; epi
  2. nou bay garanti se nou menm ki otè oubyen pwopriyetè materyèl la oubyen nou gen dwa legal pou n distribye materyèl sa a ; epi
  3. nou dakò pou materyèl sa a vin disponib dapre prensip lisans pou atribisyon kòm byen piblik « Creative Commons » (CC-BY-NC-SA 4.0) (lisans sa a gen ladan pèmisyon pou itilizatè materyèl la telechaje epi modifye materyèl sa a epi sa mande pou itilizatè materyèl la bay otè a bon jan atribisyon) ; epi
  4. nou dakò yon bon atribisyon pou itilizasyon materyèl pa nou nan kad Platfòm MIT-Ayiti se nenpòt atribisyon ki gen non otè yo, tit materyèl la ansanm ak yon lyen (« URL ») ki mennen itilizatè a nan sit entènèt kote l ap jwenn materyèl la sou Platfòm MIT-Ayiti.