Ann Ayiti ak nan anpil lòt ansyen koloni nan kontinan Amerik la, ann Afrik e latriye, anpil moun gen tandans konsidere lang ansyen kolon yo kòm sèl kòk chante nan edikasyon, administrasyon, palman, tribinal... Se kon sa lang ansyen kolon yo toujou sèvi kòm zouti pou diskriminasyon nan sistèm neyo kolonyal k ap sèvi enterè moun an wo kont moun an ba epi se puisans jeyo politik yo (« Lagrandyab » entènasyonal la) k ap tire pi plis pwofi nan mizè Pèp Souvren an. Menm plis pase 200 lane apre endepandans peyi d Ayiti an 1804, toujou gen prejije kont lang rasin nou, sèl lang nasyonal la — lang kreyòl la — epi elit yo toujou sèvi ak lang franse kòm « butin de guerre » pa yo, yon biten k ap toupizi dwa lengwistik ak diyite Pèp Souvren. Se analiz sa a Pwòf Ti Jan Bosal (Jean Casimir), Pwòf Michel DeGraff ak Grenadye Djeride Jean-Baptiste devlope nan resous sa a. Li plis...