Règleman sou enfòmasyon ki dwe rete prive

Kiyès Nou Ye

Sit entènèt nou se: https://MIT-Ayiti.net

Men ki done pèsonèl nou ranmase epi men pou ki rezon nou ranmase yo :

Remak

Lè gen vizitè ki pataje remak sou sit la, nou ranmase: done ki nan fòmilè remak yo; adrès IP vizitè a; kòd ajan itilizatè navigatè vizitè a.  Done sa yo ka ede n goumen kont spam.

Gen yon kòd sekrè ki fèt dapre adrès imel ou (moun konn rele kòd sa a yon « hash »).  Gen posibilite pou n pataje kòd sa a ak sèvis Gravatar la pou n wè si w anrejistre sou sèvis sa a Règleman pa l disponib isit la : https://automattic.com/privacy/. Aprè nou apwouve remak ou, imaj pwofil ou ap vin piblik nan kontèks remak ou.

Medya

Si w ajoute imaj sou sit la, pito w ta evite imaj ki gen done sou lokasyon (EXIF GPS) ladan yo. Vizitè sou sit la ka telechaje imaj sa yo epi pran done sou lokasyon ki nan imaj yo.

KOUKI YO (SA YO RELE « COOKIE » ANN ANGLE)

Si w ap pataje yon remak sou sit nou, w ap gen opsyon pou w sovgade non w, adrès imel ou, ak sit wèb ou sou kouki yo. Opsyon sa a se pou fasilite travay ou, pou w pa oblije ranpli detay pa w ankò chak fwa w ap pataje nouvo remak. Kouki sa yo ap dire 1 an.

Depi w vizite paj “antre nan kont ou” sou sit nou, n ap mete yon kouki pou yon ti tan sèlman pou n wè si navigatè pa w aksepte kouki. Kouki sa a p ap gen okenn done pèsonèl ladan epi n ap jete l lè w femen navigatè w.

Lè w antre sou kont ou, n ap tou tabli kèk kouki pou n sovgade enfòmasyon sou jan w antre sou kont ou (tankou mo d pas ak non w chwazi kòm itilizatè platfòm lan) ansanm ak chwa sa yo ke w fè konsènan paramèt pou afichaj ekran w. Kouki sou jan pou w antre sou kont ou ap dire pou 2 jou, epi kouki sou paramèt ekran w ap dire 1 an. Si w chwazi « Sonje m », kont pa w ap rete ouvri pou 2 semenn. Si w soti nan kont lan, kouki yo ap tou disparèt.

Si w modifye oubyen pibliye yon atik, gen yon lòt kouki k ap sovgade sou navigatè w. Kouki sa a pa gen okenn done pèsonèl ladan epi li sèlman endike ID atik ou fèk modifye a. L ap ekspire apre 1 jou.

Kontni ki sòt sou lòt sit wèb

Atik ki sou sit sa a ka gen kontni ki sòt nan lòt sit tou ladan (egzanp : videyo, imaj, atik, elatriye). Kontni sa a ap fè menm bagay egzakteman li ta fè si vizitè a ta ale sou lòt sit la.

Sit sa yo ka ranmase done sou ou tou. Yo ka sèvi ak kouki. Epi tou, yo ka entegre lòt kalte lojisyèl k ap suiv aktivite w epi k ap suiv entèraksyon w ak kontni entegre sa a si w gen yon kont ki ouvri sou lòt sit sa yo. Se kon sa tou, depi w sèvi ak yon kont medya sosyal pou w konekte sou Platfòm lan, sit medya sosyal la ka ranmase enfòmasyon sou ou.

Kontribye Resous

Se Google Drive ki sèvi kòm sistèm estokaj fichye kontribisyon yo. Men règleman Google yo : https://policies.google.com/.

Kreye kont pa w sou Platfòm MIT-Ayiti

Pou w kreye yon kont sou Platfòm lan, ou pa bezwen pataje plis pase non w ak imel ou. Menm si w pa gen yon kont sou Platfòm lan, ou toujou ka sèvi ak materyèl ki sou Platfòm lan : ou toujou ka telechaje materyèl, pataje materyèl, epi pataje remak ou.

N ap sèvi ak imel ou tanzantan lè n gen enfòmasyon oswa envitasyon nou vle pataje ak tout abone yo konsènan Platfòm MIT-Ayiti oswa aktivite Inisyativ MIT-Ayiti tankou atelye ak lòt anons.

Pwofil ou

Ou toujou ka kache pwofil ou pou l ret sekrè : kon sa okenn lòt itilizatè Platfòm lan p ap wè pwofil ou. Men, administratè sit la ap toujou ka wè pwofil ou.

Zouti Analiz

Sit sa a sèvi ak Zouti Analiz Google yo pou ranmase done anonim. Nou ranmase done sa yo pou n amelyore pèfòmans sit wèb la pou vizitè yo. Zouti Analiz Google yo sèvi ak yon kouki nan navigatè a pou analiz estatistik ki gen rapò ak ki jan w navige sit sa a. Si w vle, ou ka chwazi pa patisipe depi w etenn kouki yo nan paramèt preferans yo sou navigatè w, oubyen w ka telechaje epi enstale sou navigatè w zouti lojisyèl pou n pa patisipe nan analiz Google yo : Google Analytics Opt-out Browser Add-on. Pou plis enfòmasyon, ale sou Google Analytics Solutions.

Pandan konbyen tan nou kenbe done w

Si w pataje yon remak, n ap kenbe remak sa a ak done sou remak sa pou tout tan gen tan. N ap fè sa pou n ka otomatikman rekonèt epi apwouve lòt remak ou pral fè olye pou nouvo remak sa yo oblije ret tann moderasyon.

Pou itilizatè ki anrejistre sou sit nou, n ap tou kenbe done pèsonèl yo bay nan pwofil pa yo. Tout itilizatè ka wè, modifye oubyen efase done pèsonèl pa yo nenpòt lè (eksepte yo pa ka chanje non itilizatè pa yo). Moun sa yo k ap jere sit la ka wè epi modifye enfòmasyon sa a tou.

Dwa pa w sou done w

Si w gen yon kont sou sit sa a oubyen si w te pataje remak, ou ka mande pou n ba w yon fichye ki gen tout done nou kenbe sou ou, e ki gen ladan tout done w te ban nou. Ou ka tou mande n efase nenpòt done pèsonèl nou kenbe sou ou. Sa pa gen ladan done n oblije kenbe pou rezon administratif, legal oubyen pou sekirite.

Ki kote nou voye done w

Lè n resevwa remak nan men vizitè sou sit la, nou ka sèvi ak yon sèvis pou detekte spam otomatikman.

Kontakte nou

Si w gen nenpòt kesyon sou reglèman sa a, tanpri kontakte n sou mit-haiti@mit.edu.

Plis enfòmasyon

Ki jan nou pwoteje done w

Tout done w bay sekirize ak teknoloji Secure Socket Layer (SSL) epi yo estoke sou sèvèfounisè sèvis entènèt nou nan yon lokal pou done sekirize ki nan Pòtlann, Oregon, oz Etazini. Sekirite nan lokal sa a baze sou done biyometrik ak lòt kalte kòd sekrè. Sèvè entènèt nou yo an ba siveyans videyo 24/7 epi yo lòk nan yon etajè ki bloke aksè pou moun ki pa gen otorizasyon. Rezo ki bay sèvis pou sèvè entènèt yo itilize dènye vèsyon pwoteksyon « firewall » ansanm ak deteksyon a la men pou anpeche aksè san otorizasyon kit se anndan oswa deyò rezo a.  Se sèlman anplwaye otorize yo ki gen aksè a enfòmasyon w.

Men, nou pa ka garanti ke nou ka pwoteje enfòmasyon pèsonèl kont aksè ki pa otorize. Epi tou, nou pa ka garanti enfòmasyon sa a p ap janm pèdi. Nou pa aksepte responsabilite pou sekirite enfòmasyon w ban nou an.