KANAL REZISTANS : Konfli kanal sou rivyè Masak la : Prezidan Abinader ap fè Gaslighting (Gaslayting)

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Djeride Jean-Baptiste pou Platfòm MIT-Ayiti | 1e janvye 2024

Imaj : Wideline Pierre, Manm komite konstriksyon Kanal Rivyè Masak, Wanament

Lèkti tèks sa a ap ede lektè a :

  • Dekouvri konsèp gaslighting/gaslayting lan ak fason yo itilize l nan politk ;
  • Dekouvri estrateji manipilasyon nan politik Prezidan Luis Abinader ;
  • Konprann ki jan l dwe reyaji lè yon lòt moun ap manipile l ;
  • Konprann ki sa Ayiti dwe fè pou bay Prezidan Abinader repons.

Nan mwa septanm 2023, prezidan dominiken an, Luis Abinader, mache akize Ayiti nan plizyè okazyon, ata nan tribin Nasyon Zini (1), kòm ki dirè Ayiti ap degrade anviwònman zile a. Akizasyon tribò babò sa yo vini aprè yon gwoup Ayisyen ki nan komin Wanament te deside fouye yon kanal ki pran priz nan Rivyè Masak e ki pral wouze jaden yo nan plèn Maribawou. Abinader chèche manipile koze a : li di Ayiti deside fouye kanal la san l pa t konsilte Repiblik Dominikèn. Li menm di Ayisyen yo ap devye dlo Rivyè Masak la. Epi sa k pi grav la, prezidan dominiken an deside melanje bagay yo : li fè kanal Wanament lan tounen yon kesyon « sekirite nasyonal » epi li kanpe sikilasyon nan tout zòn fwontyè ant 2 peyi yo, li kanpe komès epi li deside bay gwo presyon lè l deplwaye yon kantite sòlda dominiken ki gwo zam ak cha blennde. Sou bò Ayiti a menm, tout moun rete tèt frèt pandan y ap vanse ak travay yo nan yon anbyans pasifik, san yo pa chèche pèsonn kont.

Malgre tout akizasyon sa yo, Ayisyen yo pa gen tò ditou nan fouye kanal la. Pa gen okenn agiman ki ka montre fouye yon kanal pou wouze jaden pral degrade anviwònman an. Konsènan aspè legal yo, nan mwa me 2021, 2 peyi yo te fè yon deklarasyon ansanm kote yo tou lè 2 te aksepte, depi travay k ap fèt sou rivyè a p ap domaje pakou natirèl rivyè a, Ayiti ka kontinye travay li jan l vle (2). An reyalite, se Repiblik Dominikèn k ap degrade anviwònman an lè gouvènman dominiken an deside konstwi kanal La Vigía san l pa t konsilte Ayiti ditou. An plis, fason Dominiken yo deside konstwi kanal La Vigía a, ki pral alimante l dirèkteman nan aval Rivyè Masak la, sa se yon vre menas kont Ayiti. Entansyon otorite dominiken yo se detounen dlo a ann amon pou Ayiti pa jwenn ase dlo pou pwodiksyon agrikòl (3). Epi, tou, gouvènman dominiken an pa bay gouvènman ayisyen an enfòmasyon ki pi resan sou kanal La Vigía sa a. (3)

Prezidan Abinader ap jwe yon jwèt sikolojik pou objektif ekonomik e jeyo politik ; an n chèche konprann sa

Lè yon moun fè w yon abi epi yo plede ap akize w kòm si se te ou menm ki t ap fè abi a, sa se yon teknik pou mete w sou defansif epi kreye konfizyon. Sa se yon estrateji manipilasyon (nou ka menm rele sa « zonbifikasyon » selon analiz Dòk Jerry Gilles, Tidiri Mede, Eritye Ginen, nan dat 23 desanm 2023) — yon estrateji manipilasyon zonbifikasyon pou yo fè w santi w mal, fè w viv nan kilpabilite.

Sikològ yo rele fòm manipilasyon/zonbifikasyon sa a Gaslighting (n ap ekri mo a « Gaslayting » an kreyòl). Estrateji gaslayting sa a rive souvan nan koup yo. Pafwa, viktim lan ka menm rive doute de pwòp tèt li, paske youn nan objektif manipilasyon sa a se fè inosan an pran plas koupab la. Politisyen yo konn itilize estrateji gaslayting lan anpil pou destabilize viktim yo (4), manipile epi konfonn opinyon piblik ak kominote entènasyonal la. Sa konn vin fè viktim yo pa kwè nan tèt yo ankò, emosyon yo konn twouble epi yo konn vin pèdi kontwòl sou kapasite yo genyen pou yo reflechi kòm sa dwa. (4)

Dayè, mo a soti nan yon pyès teyat ki rele « Gas Light » (egal : limyè gaz). Patrick Hamilton, ki ekri pyès teyat sa a an 1938, montre ki jan yon mari, ki rele Jack, ap chèche fè madanm li, ki rele Bella, kwè li fou lè madanm lan remake gaz ki nan lanp yo ap plede bese. E poutan, se Jack, li menm menm, ki lakoz gaz lanp yo ap bese epi li sèvi ak sa kòm youn nan plizyè estrateji pou l fè madanm li pèdi kontwòl tèt li. Objektif Jack se voye madanm li nan azil moun fou ; kon sa Jack ap ka fè dappiyanp sou lajan fanmi madanm li — yon lajan madanm li te jwenn kòm eritaj.

Itilizasyon gaslayting nan politik

Nan politik, yo konn itilize estrateji gaslayting lan pou manipile enfòmasyon nan objektif pou dezoryante opinyon piblik la. Souvan, se nan kad estrateji sa a politisyen yo konn bay manti nan diskou san pye ni tèt, diskou ipokrit. Kon sa tou, diskou yo konn egzajere yon pwoblèm ki ta dwe rezoud fasil : yo pran pwoblèm sa a (yon fo pwoblèm !) epi yo fè bri ak li pou detounen atansyon piblik la. Yo konn eseye pwovoke laperèz tou lakay viktim lan nan fè tout kalte menas. Politisyen sa yo se espesyalis nan kreyasyon fo nouvèl.

Ebyen, lè n gade fason Prezidan Abinader aji, nou ka remake gen anpil nan aksyon l yo ki tonbe daplon nan kategori estrateji gaslayting lan — kote objektif la se destabilize Ayisyen yo. Li eseye kreye laperèz lè l te deside voye pil sòlda dominiken sou fwontyè a. Kon sa tou, li eseye mete opiyon entènasyonal la kont Ayiti pou l eseye fè lòt peyi kwè se Ayiti ki koupab. Se pou sa l te kanpe sou tribin Nasyon Zini pou l di kanal Wanament lan ap gen enpak negatif sou anviwònman zile a. Li prezante tèt li ak peyi li tankou inosan. Poutan, si n analize fason Repiblik Dominikèn ap itilize kanal La Vigía, tout evidans montre se yo menm k ap travay pou anpeche Rivyè Masak la bay kantite dlo li te dwe bay la. An gwo, Prezidan Abinader itilize estrateji gaslayting lan kòm zouti pou twouble lespri moun, pou destabilize Ayiti, pandan l ap chèche ranfòse enterè komèsyal, politik ak jeyo politik RD.

Ki sa yon moun dwe fè devan menas gaslayting ?

Nan ka yon moun ki viktim gaslayting nan yon relasyon pèsonèl (zanmitay, mennaj, plasay, maryaj e latriye), gen plizyè konsèy sikològ yo ofri pou viktim lan ka jere menas sa a. (5) Men kèk nan konsèy sa yo : Fòk viktim lan eseye asire l li vrèman wè anpil siy ki montre se gaslayting — sa vle di : kolekte tout evidans ki montre sa. Pran distans ak espas kote aksyon manipilasyon sa yo ap dewoule a epi kontinye fè tèt li konfyans. Pataje sa l ap viv la ak yon espesyalis nan sante mantal oswa ak yon grandèt ki gen anpil esperyans e ke l ka fè konfyans pou ede l wè pi klè.

Men ki jan nou ka aplike konsèy sa yo nan sitiyasyon kanal Wanament lan

Nan pwen nou rive la a, Ayiti dwe kontinye montre li gen dwa sou Rivyè Masak la tou. E kòm Ayiti deja angaje l nan yon lit pou defann diyite nasyonal li, li t ap bon pou Ayisyen — kit se Leta, kit se pèp souvren — montre Prezidan Abinader yo konprann jwèt li a. Ki donk, pi bon repons ak estrateji nou devan Prezidan Abinader, se mobilize tout Ayisyen alawonn Badè nan solidarite ak inite nasyonal. Kounye a, nou dwe kontinye aprann pi plis sou gaslayting yon fason pou n ka gen plis abilite pou n idantifye rapidman lè y ap chèche fè n sa. Epi li t ap bon si medya yo, ògàn diplomatik ak politik ansanm ak think thank yo kontinye devlope pwogram k ap ede popilasyon peyi d Ayiti pi byen fòme tèt li pou l ka pi byen konprann mouvman politik ak jeyo politik yo epi bay repons ki apwopriye, toujou nan yon lespri konbit ak kole zepòl.  

Kesyon pou ede nou reflechi :

  1. Pandan n ap reflechi ansanm sou konsèp gaslayting lan, an n eseye jwenn tout sans mo sa a ka genyen an kreyòl. (Sijesyon Claude Calixte — Lekòl Liv Ouvè — ak Jacques Ronald Jean — CAPTÉH — nan dat 1e desanm 2023.)
  2. « Le loup et l’agneau » se yon powezi Lafontaine te ekri. Nou ka jwenn li nan liv « Pour lire avec plaisir » ki sou entènèt oubyen nan kèk lòt liv powezi. Lè nou fin gade powezi sa a, ki jan nou ka idantifye kèk egzanp gaslayting nan fason lou a ap pale ak ti kabrit la ?  (Sijesyon Claude Calixte — Lekòl Liv Ouvè — nan dat 1e desanm 2023.)
  3. Kounye a, an n ekri yon ti tèks sou konsèp gaslayting lan :
  • N ap defini konsèp sa a : nou ka baze nou sou egzanp nou jwenn nan tèks la epi nou ka chèche lòt sous sou entènèt.
  • Idantifye kèk lòt egzanp enjistis nan istwa peyi d Ayiti ak lòt peyi kote yo te itilize gaslayting kòm estrateji.
  • Youn nan egzanp nou ka itilize se lajan ranson peyi Lafrans te fè Ayiti peye aprè endepandans lan nan lane 1825. Nou ka chèche lòt egzanp tou nan istwa peyi a.
  • Fini tèks sa a ak kèk rekòmandasyon pou pèp souvren an  ka konnen ki sa li dwe fè lè li an fas gaslayting ?

4. Èske w ta vle ede zanmi w konprann konsèp gaslayting lan ? Ki jan w vle fè sa ? Ki mwayen w ap itilize ?

Referans :

  1. Discurso del presidente Abinader ante la ONU : https://www.youtube.com/watch?v=9-H7tRqickw
  2. AlterPresse | Rivière Massacre : L’ex-ambassadeur Smith Augustin juge insuffisante la position du gouvernement de facto en Haïti : https://www.alterpresse.org/spip.php?article29682
  3. AlterPresse | Haïti-RD/Le canal de la Vigie : Nouvelle consécration de l’hydro-hégémonie dominicaine et risque d’escalade dans le conflit de la rivière Massacre https://www.alterpresse.org/spip.php?article29710
  4. Latif F. Political Gaslightting in the climate change discourse surrounding the 2026 election : https://about.jstor.org/terms
  5. Sweet PL. The Sociology of Gaslighting. Am Sociol Rev : https://www.healthline.com/health/how-to-deal-with-gaslighting

Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments