Entèvyou ak Jeanie Bogart

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Powèt Jeanie Bogart te chita pale ak Grenadyèz Laissa Moïse ansanm ak Jemima Morinvil nan kad yon seri entèvyou ak plizyè atis ki tou ofri nou yon bann ak yon pakèt bèl lide sou divès kalte atizay. Atis sa yo ban nou bèl diplis sou plan leson ke Jemima ak Laissa te devlope kòm resous siplemantè sou konsèp atizay ki mache ak Liv Trapèz Roseny Blanca (Voyageons Local).

Jeanie Bogart fèt ann Ayiti. Apre li fin diplome jounalis, li te travay nan jounal, radyo ak televizyon ann Ayiti. Epi tou, li gen yon diplòm metriz nan lang franse ak literati. Kounye a l ap viv Nouyòk oz Etazini kote li travay kòm entèprèt nan tribinal.

Jeanie kòmanse ekri pwezi depi l te gen katòz an ; li pibliye plizyè liv pwezi. An 2006 li pran premye pri Konkou Pwezi nan Lang Kreyòl, « Kalbas Lò Lakarayib », ki fèt an Matinik.

Se vwa li ki sou CD Lettres d’automne / Tan lapli Franz Benjamin te pibliye nan Monreyal, Kanada, an 2008. Li te reprezante Ayiti nan Guadeloupe Poésie Festival an 2014 epi an 2017.

Videyo pou powèm – Sa m pral kite dèyè

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments