Liv Trapèz

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Nan leson sa a, elèv yo pral esplore talan yo kòm atis. Yo pral kòmanse aprann ki jan pou yo li ak ekri pwezi pandan y ap tou pwofite apresye travay atistik.  Epi y ap tou gen chans tande divès atis k ap brase lide sou aktivite atizay pa yo.  Nan semenn k ap vini yo, nou pral afiche videyo atis sa yo sou Platfòm MIT-Ayiti epi n ap tou pwofite remèsye atis sa yo :

Li Liv Trapèz  
Roseny Blanca :

Enstriksyon pou fabrikasyon Liv Trapèz – Videyo

Plan Leson

Sa se yon plan leson ki mache ak Liv Trapèz

Se Laissa Moïse & Jemima Morinville ki prepare plan leson sa a.

Tit leson an : Kreyativite

Deskripsyon :

Nan leson sa a, elèv yo pral esplore talan yo kòm atis. Yo pral kòmanse aprann ki jan pou yo li ak ekri pwezi pandan y ap tou pwofite apresye travay atistik.

Objektif :

 Nan fen leson sa a, elèv yo pral kapab :

  •  Konnen ki sa mo « kreyativite » a vle di.
  •  Itilize epi aplike imajinasyon yo pou yo fè yon travay atistik.
  •  Li pwezi kòrèkteman — yon fason pou yo esprime tout emosyon powèt la vle fè pase nan powèm lan.
  •  Vin fyè de kilti atistik peyi yo.

 Aktivite pou elèv yo :

  1. Fè kopi Liv Trapèz, epi prepare sizo, lakòl ak tep pou chak gwoup elèv.
  2. Prepare materyèl atistik pou elèv yo (papye atizanal, fet, penti, penso, e latriye).
  3. Mande pèmisyon pou elèv yo ka al vizite travay atistik nan mize.

Aktivite pou anseyan yo :

  1. Esplike elèv yo kisa mo « kreyativite »  a vle di.
  2. Mete 2 elèv nan chak gwoup, epi distribye kopi Liv Trapèz, yon pè sizo, lakòl ak tep nan chak gwoup.
  3. Prezante elèv yo videyo ki esplike konsèp Liv Trapèz oswa ba yo enstriksyon sou ki jan pou yo konstwi liv la. Ankouraje elèv yo pou yo travay ansanm.
  4. Lè yo fini, li yon powèm nan Liv Trapèz epi mande chak gwoup pou yo li yon powèm pou klas la tou.
  • Mande elèv yo pou yo esplike powèm lan ak emosyon k ap degaje ladan.
  • Mete aksan sou son ak rim nan powèm lan ; sa pral pèmèt yo fè esperyans ak espresyon oswa emosyon k ap degaje nan powèm lan.
  • Esplike elèv yo ki sa mo « metafò »  a vle di ak wòl metafò jwe nan yon powèm.

5. Lè w santi elèv yo konprann ide ak fason pou yo li powèm, aprann yo ekri powèm pa yo.

  • Itilize modèl powèm Mwen se yon fason ki amizan e ki senp pou w aprann elèv yo bon fason pou ekri yon powèm.  Powèm sa a ap ede yo konsantre sou pwòp pèsonalite pa yo.
  • Powèm Mwen se gen 3 paragraf, epi chak paragraf gen 6 liy.
  • Itilize modèl lide ki nan chak liy. Kòmanse premye liy lan pou elèv yo ak ‘mwen se’ epi mande yo pou yo ekri pwòp karakteristik pa yo. Itilize menm egzanp lan pou konplete rès liy yo tankou :  « Mwen wè … » ;  « Mwen santi … » ; e latriye. (N ap jwenn modèl powèm Mwen se nan dènye paj plan leson an.)

6. Mande elèv yo pou fè travay atistik ki baze sou powèm ki nan Liv Trapèz.

  • Esplike elèv yo ki sa « travay atistik » vle di.
  • Mande timoun yo pou yo chwazi yon powèm, epi mande yo kreye yon objè oswa fè yon desen ki gen rapò ak yon tematik nan powèm sa a. Kòm egzanp : si powèm nan baze sou fwi ak legim, mande yo fè yon desen ki reprezante fwi oswa legim ; mande yo pou yo reflechi sou koulè, fom, gwosè, e latriye.  Travay atistik sa a ka pwodwi ak desen sou papye oswa ak lòt materyèl ki apwopriye, tankou bwa, plastik, twal, e latriye
  • Montre elèv yo fè boukè flè ak papye bristòl, sizo, ak kòl
  • Lè elèv yo fini, sèvi ak travay atistik elèv yo pou w dekore sal klas la.

Vizit nan mize nasyonal la :

  • Mande pèmisyon nan direksyon lekòl la pou elèv yo ka al visite mize nasyonal la.
  • Ekri yon nòt voye bay paran yo pou kotizasyon transpò a.
  • Fwete yon ti bis oswa yon kamyonèt (tou depan de kantite elèv yo) epi envite sansè lekòl la nan vizit la.
  • Mande elèv yo pou yo mache ak kaye, plim, oswa kamera pou yo ka pran nòt.
  • Mande elèv yo pou yo fè yon redaksyon sou yon travay atistik ki nan mize a. Nan redaksyon an, yo ka pote repons pou kesyon sa yo : Ki non atis ki fè travay la ? Nan ki ane travay la te fèt ? Ki tip travay li ye epi ki enpòtans li ? Pou ki sa se travay atistik sa a ou chwazi ?  e latriye.
  • Mande yo pou yo prezante redaksyon an nan sal klas la.  Mande pou yo itilize foto oswa desen lè y ap prezante pwojè a nan klas la.

Pou jounal yo :

Mande elèv yo pou yo itilize yon kaye pou yo ka esprime emosyon yo nan yon powèm. Ede yo konprann tout benefis ki genyen nan sa. Mande yo pou yo ekri pwòp powèm pa yo epi kreye yon travay atistik kòm devwa pou yo fè lakay yo.

Travay atistik ap ede elèv yo :

  • Aprann esprime emosyon yo nan yon fason ki pozitif.
  • Amelyore fonksyonnman sèvo yo, epi ede yo soulaje doulè emosyonèl.
  • Ogmante nan vokabilè yo, epi jwenn yon bon fason pou yo esprime sa yo panse.

Chapant pou powèm Mwen se :

Mwen se :  _____________________________________________________

(pwòp karakteristik ou)

M ap mande si :  ________________________________________________

(yon bagay ou ta renmen konnen)

Mwen tande : __________________________________________________

(yon son ou imajine)

Mwen wè : ____________________________________________________

(yon bagay ou imajine)

Mwen vle : ____________________________________________________

(yon bagay ou ta renmen genyen)

Mwen se : _____________________________________________________

(repete premye liy powèm lan)

Mwen pran pòz mwen se : ________________________________________

(yon bagay ou fè kòm si se sa ou ye)

Mwen santi m : __________________________________________

(yon santiman sou yon bagay imajinè oswa reyèl)

Mwen manyen : _________________________________________

(yon bagay ou imajine w ap manyen)

Mwen enkyete paske : _________________________________________

(yon bagay ki vrèman deranje w)

Mwen kriye paske : ____________________________________________

(yon bagay ki fè w kriye)

Mwen se : _______________________________________________

(repete premye liy powèm lan)

Mwen konprann : _________________________________________

(yon bagay ou konprann)

Mwen di : _______________________________________________

(yon verite ou konnen)

Mwen reve : ______________________________________________

(yon rèv ki enpòtan pou ou)

Mwen eseye : ____________________________________________

(yon bagay w ap fè jefò pou w reyalize)

Mwen espere : ___________________________________________

(yon bagay ou ta renmen)

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments