Entèvyou ak Jonas Exumé

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Atis pent Jonas Exumé te chita pale ak Grenadyèz Laissa Moïse ansanm ak Jemima Morinvil nan kad yon seri entèvyou ak plizyè atis ki tou ofri nou yon bann ak yon pakèt bèl lide sou divès kalte atizay.  Atis sa yo ban nou bèl diplis sou plan leson ke Jemima ak Laissa te devlope kòm resous siplemantè sou konsèp atizay ki mache ak Liv Trapèz Roseny Blanca (Voyageons Local).

Atis pent Jonas Exume te fèt 13 avril 1979 nan Petyon Vil ann Ayiti. Kounye a, l ap viv nan Nyoudjèze oz Etazini. Li te gen uit an lè l te deside fòk karyè l suiv chemen tonton l, René Exumé, ki se youn nan pi gran atis ayisyen. Lè Jonas te fini ak lekòl klasik, li te ale École Nationale des Arts (« ENARTS ») ann Ayiti. Apre sa, li te travay ak plizyè lòt atis pent, tankou : Carel Blain, Françoise Jean, Rodrigue Sanon, Lesly Exumé, e latriye. Nan atizay li, Jonas prefere konsantre sou bèlte nan lavi tou lè jou ann Ayiti.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments