Janjak ak Freda ale Mache An Fè

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Janjak ak Freda ale Mache An Fè  se yon istwa ki anseye enpòtans jantiyès ansanm ak travay ann ekip. Tèks la sèvi ak pwovèb ki tonbe daplon ansanm ak bèl imaj. Tèks la ak imaj yo fè istwa a dewoule devan je lektè yo tankou reyalite tou lè jou. An final, se yon istwa ki demontre « men anpil chay pa lou ».

Elizabeth Turnbull te fèt ann Ayiti. Sa l te konn tande ak sa l te konn wè depi l te ti moun piti, li mete tout nan istwa l ekri pou ti moun yo. Lè li te jèn, li te konn pran plezi nan chita sou janm paran ansanm ak gran frè li yo pou l koute istwa yo t ap li pou li. Lè l te vin konn li, sa te fè l kontan anpil pou l te ka tire istwa nan liv pou kont li. Elizabeth fè etid panyòl ak jounalis nan Inivèsite Wake Forest. Apre sa, li fè metriz nan etid sou Amerik Latin ak Karayib nan Florida International University. Kounye a, l ap travay kòm Editè an Chèf pou piblikasyon Light Messages kote se tou lè jou li jwenn istwa li renmen nan maniskri otè yo. Elizabeth rete Durham, NC, avèk mari li ansanm ak bèlfi li. Ansanm y ap devlope yon ti fèm kote yo swete jwenn anpil avanti ak pwòp istwa pa yo.

Mark Jones, atis ki kreye desen yo, te fèt an Swis e li te leve an Florid. Li diplome nan School of Visual Arts New York. Kounye a, li rete nan vil Lonn ann Angletè. Mark fè desen pou anpil liv ti moun ; pami yo genyen Mermaid Dance, Butterfly Birthday ak Snow Party ki te premye liv desen li.

Yon plan leson pou liv Janjak ak Freda ale Mache An Fè

(Gade PDF la sou tout lajè ekran an epi telechaje PDF la anba tèks sa a)

Tit leson an se :  « Jantiyès »

Plan leson pou liv: Janjak ak Freda ale Mache An Fè

Se Laissa Moïse ak Jemima Morinvil ki ekri plan leson sa a

Deskripsyon :

Nan leson sa a, elèv yo pral aprann ki sa mo « jantiyès » la vle di epi yo pral patisipe nan kèk bon aktivite ki ka sèvi kòm egzanp sou kòman moun ki janti dwe konpòte yo nan sosyete a. Mete sou sa, yo pral rive konprann tout benefis ki genyen nan tèt ansanm.  

Objektif :

Nan fen leson an, elèv yo pral kapab  

  1. konprann epi esplike ki sa mo « jantiyès » la vle di ;
  2. konprann kèk pwovèb ki mache ak konsèp « jantiyès » la ;
  3. jwenn motivasyon pou ede youn lòt ;
  4. aprann bon mannyè.

Preparasyon pou pwofesè :

Ekri yon memo voye bay paran yo pou ti moun yo ka jwenn pèmisyon pou yo fè travay kominotè nan lekòl la. Chèche yon bagay ki twò lou pou yon sèl grenn moun ta soulve.  Nou ka deside sou yon objektif k ap mande kouraj plizyè moun  pou l reyisi.  Egzanp : Nou ka mande ti moun yo pou yo deplase yon gwo tonton wòch, yon ban, oubyen yon doum dlo. Mande elèv yo pou yo rezoud defi sa a nan lakou lekòl la.

Aktivite pou pwofesè :

Mande elèv yo :

  • ki sa mo « jantiyès » la vle di ;
  • pou yo chache pwovèb nan liv Janjak ak Freda ale Mache An Fèkote pwovèb la pale sou divès fason nou ka janti youn ak lòt ;
  • ki jan pou yo janti ak kamarad nan klas yo ;
  • ki jan pou yo janti ak anplwaye yo nan lekòl la  (pwofesè yo, sansè lekòl la, machann k ap vann manje nan lekòl la, moun k ap travay nan direksyon lekòl la, jeran lakou a, e latriye) ;
  • ki jan pou yo sèvi ak ekipman nan lekòl la san yo pa domaje ekipman sa yo.

Ede elèv yo konprann konsèp « jantiyès » la. Brase lide sou pwovèb sa yo ki nan liv la epi analize tout kalite konpòtman yon moun ki janti dwe demontre.  Ede elèv yo montre tout egzanp jantiyès ki te parèt nan istwa Janjak ak Freda ale Mache An Fè. Divize klas la an plizyè gwoup, epi fè chak gwoup brase lide ant yo menm ki jan yo pral montre jantiyès yo epi ki fason yo pral konpòte yo ak moun nan vwazinaj yo.

Aktivite pou elèv yo :

Premye pati :

Nan pati leson sa a, elèv yo pral soulve defi « men anpil, chay pa lou » nan lakou lekòl la. Divize klas la an twa (3) gwoup epi ankouraje elèv yo travay ansanm.  Premye gwoup la pral eseye deplase yon gwo tonton wòch. Dezyèm gwoup la pral eseye deplase yon gwo doum dlo. Epi dènye gwoup la pral eseye deplase yon ban.  Chak gwoup pral deplase chay pa yo sou yon distans sis (6) pye. Ankouraje elèv yo pou yo chèche yon solisyon ant yo ki ka pèmèt yo deplase chay pa yo.

Dezyèm pati :

Òganize yon jounen aktivite pou netwayaj lekòl la. Epi bay chak gwoup jere yon seksyon diferan. Gwoup ki fini avan an dwe ede lòt gwoup yo pwogrese. Kite elèv yo chwazi yon non pou gwoup pa yo. Pa bliye chwazi yon kapitèn ki pou sèvi kòm lidè pou chak gwoup. 

  • Gwoup A ap la pou siye, bale epi pase mòp nan sal klas yo.
  • Gwoup An li menm ap netwaye twalèt ki nan lekòl la.  
  • Gwoup B ap la pou ranmase fatra epi resikle boutèy plastik yo.
  • Gwoup Ch ap responsab lakou lekòl la.  

Pou pwofesè a :
Evalye aktivite ak rezilta nan chak gwoup. Ankouraje elèv yo pou yo kominike ant yo. Aprann yo pou yo pale ak kamarad yo ak jantiyès. Kite yo chwazi pwòp metòd pa yo. Ba yo konsèy sèlman lè yo mande w — ki vle di kite yo kreye pwòp estrateji ak solisyon pa yo. Bat bravo pou chak elèv epi ajoute sou nòt yo paske yo fè yon bon travay.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments