Liv Lang Manman

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Liv Lang Manman (LLM) se yon pwojè pou aprantisaj lekti ak ekriti kote ti moun ekri liv pou ti moun parèy yo e pou gran moun tou. Nan liv sa yo, ti moun yo ap jwenn tèks nan lang nasyonal la (kreyòl) epi nan lot lang tou (franse, angle ak panyòl). Se Lekòl Kominotè Matènwa (LKM) ki devlope pwojè sa a. Dirijan LKM yo kreye yon rezo lekòl sou Lagonav, oz Etazini epi nan Pòtoriko pou ti moun ka pataje liv youn ak lòt. Inisyativ MIT-Ayiti ap patisipe nan konbit sa a tou e nou vle envite tout edikatè alawonn Badè vin kole zepòl nan pwojè LLM sa a — yon pwojè pou yon lekòl tèt an wo. Depi elèv ou ekri yon bèl tèks, sonje materyèl sa a ka merite jwenn yon kantite lektè ki pi gwo pase sal klas pa w la ! Gen yon bèl avantaj nan pibliye tèks ti moun yo : sa ankouraje yo konprann valè sa y ap ekri a. Lè kon sa, yo pral fè plis jefò pou yo kominike konsèp ak lide pa yo pi byen paske yo konnen se yon pakèt moun ki pral li tèks la e ki pral pwofite.

Nou òganize liv LLM ki disponib sou Platfòm lan kounye a an kat (4) kategori jeneral ki montre ki jan yo koresponn ak matyè nan kourikoulòm Ministè Edikasyon Nasyonal :

1. Syans esperimantal

An n pa bliye : se pa sèlman kont ak blag ki ka atire atansyon ti moun. Syans esperimantal baze sou obsèvasyon anviwònman nou. Ti moun renmen esplike fenomèn yo konn wè, sitou nan domèn biyoloji, kòm sa pèmèt yo konprann relasyon ant moun ak bèt k ap viv avè nou oubyen relasyon ant moun ak plant n ap manje.

2. Syans sosyal

Liv Lang Manman se yon pwojè kote divès lekòl ap fè echanj liv ke yo ekri. Se kon sa vin gen plizyè egzanp liv syans sosyal nan pwojè sa a. Syans sosyal se pa sèlman sosyoloji, istwa, jeyografi ak sitwayènte. Depi n antre nan deskripsyon oswa analiz koneksyon moun genyen pa rapò ak lòt moun oswa lokalite kote y ap viv oswa epòk y ap viv la, esperyans chak moun tou vin antre nan domèn syans sosyal.

3. Matematik

Matematik fonksyone kòm ki dirè se yon lang tou, yon lang ki gen chapant pa li. Men, lè ti moun yo rankontre matematik nan yon istwa ki ekri nan lang manman pa yo, yo plis ka rekonèt ki jan konsèp matematik y ap aprann yo ka aplike nan lavi yo tou lè jou. Pou ti moun ki fèk kòmanse aprann li ak ekri, lè yo jwenn yon liv kote y ap konte yon kantite objè oubyen yon kantite bèt, sa ka ede yo metrize konsèp matematik sa yo pi byen.

4. Kont ti moun pou ti moun

Nou deside rele liv sa yo « kont » paske objektif liv sa yo se plis kominike fwi imajinasyon ti moun yo sou yon evènman, yon emosyon oubyen yon prensip moral. « Kont » sa yo vreman enteresan paske sa se egzanp ki montre ki jan elèv yo ka li epi ekri liv pou plezi tou — pa sèlman pou yo pataje enfòmasyon.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments