Gason gwayabèl

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Se Genise Vertus, yon edikatè ayisyen ki grandi oz Etazini, ki ekri liv sa a pou l ede ti moun yo aprann sou peyi yo pandan y ap jwe ak poupe ki nan liv la. Pandan y ap dekoupe kèk imaj nan liv la pou yo abiye poupe a, y ap tou aprann kèk enfòmasyon sou Ayiti. Yon lòt liv poupe nan seri sa a se Ti fi karabela.

Telechaje Genise Vertus - Gason Gwayabèl.pdf

Genise Vertus se yon edikatè Ayisyen k ap viv nan vil Miyami, nan eta Florid oz Etazini. Genise renmen ekri liv pou ti moun. Li gen 2 diplòm lisans University of Miami : youn nan sikoloji epi yon lòt nan etid sou desandan afriken nan zòn Karayib la. Epi tou, Genise gen yon diplòm metriz (University of Georgia) nan syans devlòpman pou ti moun ak fanmi yo. Genise anseye nan klas 1e Ane Fondamantal nan Miyami.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments