Platfòm MIT-Ayiti akeyi nouvo Grenadye ak Grenadyèz

Sa se 2 nouvo Grenadyèz ki fèk antre nan ekip MIT-Ayiti a. Nan foto sa a, yo nan reyinyon Zoom ak Pwòf Paul Belony, Haynes Miller ak Michel DeGraff.  Se pa ti pasyone yo pasyone sou travay y ap fè epi yo renmen ji grenadya tou, wi !

Bèl nouvèl : Mwa pase (jen 2020) gen twa (3)  nouvo Grenadye ak Grenadyèz ki vin antre nan ekip k ap kore Platfòm MIT-Ayiti : de (2) etidyan Pwòf Paul Belony nan Kean University (Micilene Laissa Moïse ak Jemima Morinvil) ansanm ak Ezra Remer ki fèk diplome ane sa a (2020) nan pwogram kominikasyon University of Miami.  N ap tou pwofite remèsye Pwòf Jeff Toney, nan lidèchip Kean University, pou bèl jefò li fè pou l lanse kolaborasyon sa a ant Kean ak MIT-Ayiti. Atik blòg sa a ap entwodui de (2) nouvo Grenadyèz yo : Laissa ak Jemima. 

Laissa Moise ak Jemima Morinvil se 2 etidyan biyoloji nan pwogram lisans nan Kean University nan New Jersey. Yo se 2 premye etidyan k ap travay kòm etidyan / apranti sou Platfòm MIT-Ayiti. Pami premye piblikasyon Laissa ak Jemima sou Platfòm MIT-Ayiti, nou gen chans jwenn 2 plan leson : pou liv Janjak ak Freda ale nan Mache An Fè ak Yon mango pou Gran Papa.

Laissa grandi Pòtoprens, Ayiti, kote li fini etid segondè li. Pandan etid klasik li, li te jwenn bon jan bourad nan men manman l ki se yon Nòmalyèn. Laissa kite Ayiti nan ane 2013 epi li rantre oz Etazini avèk detèminasyon pou l reyalize rèv li yo. Li nan dènye ane pwogram lisans nan Kean University kote l ap etidye biyoloji pou pwofesyon sante avèk jistis anviwònmantal. L ap travay ak moun ki gen andikap mantal. Laissa kwè nan enpòtans fanmi. Li valorize relijyon paske li kwè sa gen anpil enfliyans sou moun. Laissa marye ak yon medsen ayisyen. Li gen pwojè antre nan lekòl medsin osteyopatik.

Jemima se mizisyen nan legliz kote li mache a. Li renmen fè lekol dimanch pou li pale timoun yo de Jezi. Li renmen aprann nouvo konesans se sa ki koz li renmen edikasyon. Biyoloji se matyè li pi renmen. Men, li kòmanse devlope apresyasyon pou fizik. Objektif Jemima se jwenn yon bous etid, ale lekòl medsin nan obsetri ak jinekoloji (« OB / GYN »). Rèv li se pou li ouvri yon klinik OB / GYN ann Ayiti. Jemima fèt oz Etazini epi se paran li ansanm ak antouraj li ki montre l pale, li epi ekri lang kreyòl la.

Ezra Remer se direktè kominikasyon pou Inisiyativ MIT-Ayiti. Li se moun Nouvèl Òleyan nan eta Lwizyana, e se la l ap viv kounye a. Ezra se yon kreyatè fim dokimantè e li pwodwi plizyè fim. Youn nan fim sa yo se Powerful Little Island. Li renmen bwè kafe anpil epi li espere, yon jou lè l pi gran, l ava gen jaden kafe pa li tou.

Yon lòt bon nouvèl : Nan mwa oktòb 2020, Platfòm MIT-Ayiti vin entegre yon lòt Grenadye nan ekip la : Djeride Jean-Baptiste. Djeride se moun Bonbadopolis. Lè l te gen 15 lane, li te antre Pòtoprens pou etid klasik li. Aprè li te fin fè klas filo nan lise Anténor Firmin, li te antre nan Inivèsite Notre Dame pou l etidye Syans Edikasyon. Apre sa, li te ale Sen Domeng pou l etidye Filozofi ak Syans Moun. Se la li fè yon lisans nan Filozofi. Nou ka aprann pi plis sou Djeride nan paj sa a.

Remak

Abone
Anonse
guest
2 Remak
Inline Feedbacks
View all comments
Adrien Paquin

bon bagay.. mwen swete sa mwen ka wè vidyeo zoom sa nan atik la. Eske li posib pou patajel?

Michel DeGraff

Mèsi pou remak ou. Nou pa te anrejstre Zoom lan. Nou te sèlman fè foto.