Month: jiyè 2023

Politik lengwistik nan istwa lekòl ann Ayiti

Se depi lè peyi a pran endepandans li an 1804 politik leta sou itilizasyon 2 lang ofisyèl yo — franse ak kreyòl — bay gwo tèt chaje, sitou nan domèn edikasyon. Leta ayisyen te toujou valorize franse kòm lang ansèyman depi nan klas primè. Chwa sa a lage pifò ti moun ki pale kreyòl sèlman nan difikilte pou yo aprann. Sa vin anpeche yo devlope kapasite aprantisaj yo paske yo pè pale nan sal klas — yo pè pou yo pa fè fot nan yon lang yo pa ni metrize ni pale lakay yo. Baryè lang sava vin gen gwo konsekans sou avni pwofesyonèl ti moun sa yo pi devan epi yo vin gen mwens opòtinite pa rapò ak ti moun elit yo ki maton nan franse paske y ap benyen nan franse depi nan vant manman epi yo leve nan kay kote yo jwenn fanmi ak zanmi k ap pale franse.