Month: mas 2024

Yon egzanp patenarya pou ede tabli yon sistèm « lekòl tèt an wo »

Patenarya APA/MIT-Ayiti se egzanp pou lòt sektè ak lòt aktè nan tout domèn nan sosyete a. Enpak alyans sa yo enpòtan pou n bati ansanm yon Ayiti ki libere tout bon vre, yon Ayiti ki respekte dwa yon pèp souvren ki gran moun nan lakou l, yon Ayiti kote tout moun se moun — jan Papa Dessalines te vle a. Nou vle bati yon Ayiti kote chak ti moun ka jwenn bon jan kalite edikasyon san grate tèt — edikasyon nan lang natif natal la kòm sa dwa — yon Ayiti kote tout sosyete a valorize lang ak kilti nasyonal la. Lè n ede tout Ayisyen jwenn bon jan kalite edikasyon nan lang nasyonal la, se tabli n ap tabli fondasyon lekòl tèt an wo pou peyi tèt an wo.

Ochan Ayibobo pou Anbasadèz Dominique Dupuy, fanm vanyan

Se ak yon chay lonè respè, wi, nou menm nan ekip Inisyativ MIT-Ayiti ap koube chapo n byen ba pou n selebre travay ak reyalizasyon Anbasadèz Dominique Dupuy.  Anbasadèz la se chèf Delegasyon Pèmanan Ayiti nan Òganizasyon Nasyon Zini pou Syans ak Kilti (UNESCO) ki nan vil Pari an Frans, e li se Vis-Prezidan Konsèy Egzekitif UNESCO. MIT-Ayiti pwofite Jounen entènasyonal dwa fanm ak ti fi, nan dat 8 mas 2024, pou n sonnen 7 kout lanbi ochan pou konkenn chenn jefò Anbasadèz Dupuy, Fanm vanyan, ap fè depi plizyè lane pou valorize kilti ayisyen an ak lang kreyòl la sou sèn entènasyonal la.