Ochan Ayibobo pou Anbasadèz Dominique Dupuy, fanm vanyan

Anbasadèz Dominique Dupuy reprezante Ayiti nan UNESCO

Fotograf : Chrystelle Alix.

Se ak yon chay lonè respè, wi, nou menm nan ekip Inisyativ MIT-Ayiti ap koube chapo n byen ba pou n selebre travay ak reyalizasyon Anbasadèz Dominique Dupuy.  Anbasadèz la se chèf Delegasyon Pèmanan Ayiti nan Òganizasyon Nasyon Zini pou Syans ak Kilti (UNESCO) ki nan vil Pari an Frans, e li se Vis-Prezidan Konsèy Egzekitif UNESCO. MIT-Ayiti pwofite Jounen entènasyonal dwa fanm ak ti fi, nan dat 8 mas 2024, pou n sonnen 7 kout lanbi ochan pou konkenn chenn jefò Anbasadèz Dupuy, fanm vanyan, ap fè depi plizyè lane pou valorize kilti ayisyen an ak lang kreyòl la sou sèn entènasyonal la.

Madam Dupuy fèt e grandi ann Ayiti. Li te etidye nan Inivèsite McGill nan Monreyal, Kanada. Li te travay nan Global Center for the Development of the Whole Child (Sant mondyal pou devlopman ti moun) nan Inivèsite Notre Dame. Li te fè rechèch sou edikasyon ann Ayiti epi li te devlope ak jere pwogram sipò siko-emosyonèl pou fanm ki majinalize. Se yon fanm ki angaje nan sosyete sivil la ak nan prezèvasyon patrimwàn ayisyen ak pwomosyon kilti ayisyen an. Nan lane 2020, li pran pozisyon kòm Ambasadèz Ayiti nan UNESCO. Youn nan cheval batay li nan UNESCO se pwomosyon lang matènèl ansanm ak lang ak kilti endijèn. Li fè gwo pledwaye pou respè dwa lengwistik yo kòm eleman fondamantal nan dwa moun.

Rezilta travay Anbasadèz Dupuy nan UNESCO

Anbasadèz Dupuy se yon grenadyèz k ap travay sou plizyè teren alafwa. Li makonnen lit l ap mennen nan domèn edikasyon ak kilti ansanm ak angajman li nan dosye dwa fanm ak ti fi. Se sa ki motive inisyativ li pran pou fè UNESCO rekonèt epi selebre enpak travay Catherine Flon, nan lane 2022, ak Suzanne Comhaire-Sylvain, an 2023. Sa se 2 pèsonalite ki merite ochan pou kontribisyon yo nan avansman limanite. Li ak ekip li ap goumen pou lemonn rekonèt 2 fanm vanyan sa yo —  Catherine Flon kòm kreyatè drapo peyi a epi Suzanne Comhaire-Sylvain kòm antwopològ e lengwis pyonye ki ouvri pòt etid sou lang kreyòl ayisyen an.

Pami gwo rezilta Madam Dupuy rive jwenn nan UNESCO, gen pwomosyon kreyòl ayisyen ak batay pou defann dwa lengwistik pèp ayisyen an epi valorize eleman kiltirèl ki nan nannan idantite chak Ayisyen. Li te pwononse yon bèl diskou nan kad yon konferans nan lakou Massachusetts Institute of Technology (MIT), oz Eta Zini, 20 janvye 2024, sou fenomèn neyo-kolonyal ak enpak sosyo-lengwistik ak politik yo genyen jodi a sou peyi d Ayiti. Tit konferans lan se te « Baryè lengwistik, gwojemoni ak rezistans ann Ayiti ». Nan diskou sa a, Anbasadèz Dupuy te fè n sonje lang kreyòl la se sèl denominatè ki makònen tout Ayisyen ansanm kòm lang nasyonal — jan Atik 5 Konstitisyon 1987 la deklare. Li te esplike klè ki jan kreyòl la se te fòs sakre ki te ede nan planifikasyon, negosyasyon ak federasyon ki te pèmèt nasyon ayisyen an fè sa ki te parèt enposib nan epòk sa a, nan fen 18yèm syèk : chase fòs tenèb, kase chenn lesklavaj ak dominasyon. Sa se yon mesaj ki total kapital nan tribilasyon peyi a ap travèse jounen jodi a.  Wi, kreyòl la —lang manman nou, lang nasyonal la— se vreman vre sèl eleman ki konekte nanm chak Ayisyen ak lonbrik nasyon an e ki pèmèt youn tande ak konprann lòt san baryè.

Pami pi gwo viktwa Anbasadèz Dupuy ranpòte nan UNESCO, se lè li reyisi fè UNESCO entegre nan envantè patrimwàn entènasyonal li soup joumou, ki se premye repa ki te pataje nan dat Endepandans peyi d Ayiti, premye janvye 1804. Soup joumou se premye kontribisyon Ayiti nan lis patrimwàn kiltirèl imateryèl limanite nan UNESCO.

Kounye a, Anbasadèz Dupuy ap mennen gwo pledwaye pou enskri kandidati Bwa Kayiman nan rejis patrimwàn istorik ak kiltirèl UNESCO. Bwa Kayiman se yon moniman inik nan depatman nò peyi d Ayiti. Selon Anbasadèz la, Bwa Kayiman se etensèl ki te limen pou chanje desten pèp nwa nan monn lan. Se la kaptif yo te reyini ansanm pou yo te lanse yon kokenn chen batay kont sistèm kolonyal la, kote yo te kòmanse revandike dwa yo kòm moun.

Epi, tou, Anbasadèz la mize sou gwo travay refòm k ap fèt pou amelyore aksè ak kalite nan sistèm edikasyon peyi a.  Li menm tou, li panse lang nasyonal la  dwe pran plas li, kòm sa dwa, kòm lang ansèyman nan tout matyè ak tout nivo. Se menm lang manman sa a k ava sèvi kòm siman pou rekole twal sosyete a ki chire an myèt mòso. Nan kad selebrasyon Jounen entènasyonal dwa fanm ak ti fi, MIT-Ayiti onore kouraj, vizyon, lidèchip ak detèminasyon gwo potorik fanm sa a k ap travay nan lespwa yon jou solèy ledikasyon va leve pou chase fòs tenèb ki anvayi peyi a. Wi, an nou pa janm bliye pwomès 1804 la.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments