Month: jen 2021

Pratik jeton nan lekòl nan peyi d Ayiti

Diskriminasyon lengwistik se youn nan pi gwo mal k ap wonje sosyete a nan tout rakwen li. Rapò sila a prezante rezilta yon ankèt ki te fèt an liy nan yon fòmilè Google sou diskriminasyon anndan lekòl nan peyi a. Rapò sa a prezante temwayaj elèv osnon ansyen elèv lekòl kongreganis, piblik osnon layik. Temwayaj sa yo demontre nivo vyolans sikolojik ak fizik elèv yo sibi anndan sal klas yo. Vyolans sa yo kite mak sou tout aspè nan lavi yo menm apre yo fini lekòl. Viktim yo te pwopoze divès solisyon tou.

Diskou Anbasadè Ayiti nan UNESCO, Dominique Dupuy, sou enpòtans lang manman pou devlopman

Sa se diskou Dominique Dupuy, Anbasadè Ayiti nan UNESCO nan yon konferans UNESCO, nan dat 27 me 2021, sou enpòtans lang manman pou devlopman, lapè ak rekonsilyasyon. Diskou sa a se yon moman istorik nan batay pou lang manman kòm zouti pou ansèyman, liberasyon ak byennèt tou patou sou latè beni. Anbasadè Dupuy prezante yon bèl pledwaye pou majorite moun ann Ayiti k ap krebete an ba baboukèt lang franse nan lekòl tèt an ba ann Ayiti. Ekip MIT-Ayiti a disponib pou n kole zepòl ak Anbasadè a ansanm ak UNESCO pou n ede nan bati yon lekòl tèt an wo.