Pratik jeton nan lekòl nan peyi d Ayiti

Diskriminasyon lengwistik anndan yon sosyete se yon fenomèn kote yo trete yon lang kòm ki dirè li ta enferyè devan youn ou plizyè lòt. Ann Ayiti, diskriminasyon sa a mete baryè devan majorite popilasyon an, ki pa pale lang sa a (franse) ke otorite yo itlize kòm si l ta siperyè devan lang nasyonal (ki se kreyòl). Diskriminasyon lengwistik sa a se yon kokenn chenn baryè ki bloke fonksyònman ak pwogrè peyi a paske pifò popilasyon an pa konprann e yo pa pale lang sa a (fransè) ke otorite yo enpoze sou mas popilasyon an kòm « lang achte » k ap mete baboukèt sou « lang rasin » lan (kreyòl).

Diskriminasyon lengwistik sa a se youn nan pi gwo mal k ap wonje sosyete a nan tout rakwen li. Fot Wobo prezante rapò sila a pou l pataje rezilta yon ankèt ki te fèt an liy nan yon fòmilè Google sou diskriminasyon anndan lekòl nan peyi a. Rapò sa a prezante temwayaj elèv osnon ansyen elèv lekòl kongreganis, piblik osnon layik. Temwayaj sa yo demontre nivo vyolans sikolojik ak fizik elèv yo sibi anndan sal klas yo. Vyolans sa yo kite mak sou tout aspè nan lavi yo menm apre yo fini lekòl. Viktim yo te pwopoze divès solisyon tou.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments