Month: mas 2023

Ochan Ayibobo pou Dòk Bertrhude Albert, yon fanm total kapital 

Non okazyon jounen entènasyonal dwa fanm ak ti fi, Inisyativ MIT-Ayiti pran plezi sonnen 7 kout lanbi onè respè epi n ap bese chapo n byen ba pou n salye Doktè Bertrhude Albert (« Dòk B »), yon fanm total kapital. Dòk B ansanm ak zanmi l, Dòk Priscilla Zelaya (« Dòk Pris ») yon lòt fanm vanyan, ap batay depi plis pase 10 lane […]