Ochan Ayibobo pou Dòk Bertrhude Albert, yon fanm total kapital 

Non okazyon jounen entènasyonal dwa fanm ak ti fi, Inisyativ MIT-Ayiti pran plezi sonnen 7 kout lanbi onè respè epi n ap bese chapo n byen ba pou n salye Doktè Bertrhude Albert (« Dòk B »), yon fanm total kapital. Dòk B ansanm ak zanmi l, Dòk Priscilla Zelaya (« Dòk Pris ») yon lòt fanm vanyan, ap batay depi plis pase 10 lane nan travay, san pran souf, pou pwomosyon bon jan edikasyon pou tout pitit peyi d Ayiti nan lang manman yo, lang kreyòl la.

Dòk B gen doktora nan edikasyon ak kominikasyon agrikòl nan Inivèsite Florida. Li gen yon metriz nan etid sou Amerik Latin ak yon lisans nan etid anglè.  Se youn nan meyè espesyalis ayisyen nan domèn fòmasyon anseyan ak devlopman kourikoulòm pou ede anseyan itilize lang nasyonal la pou amelyore aksè ak kalite edikasyon. Se depi nan lane 2011 Dòk B ak Dòk Pris ap dirije òganizasyon P4H Global ki adopte yon apwòch ki santre sou aprenan an ansanm ak kominote li.  Nan apwòch P4H Global la, edikasyon se zouti pou transfòmasyon sosyete a. Se sa ki fè P4H ap ede nan bati fondasyon solid pou fòmasyon pwofesè ak direktè lekòl — pou yo ka tounen lidè nan devlopman kominote yo.

Rezilta travay P4H Global

Prensip fondamantal ki nan nannan rezo edikatè P4H Global yo se prensip kote se pèp ayisyen  an, li menm menm, ki dwe dirije pwòp transfòmasyon li. Se kon sa Dòk B ak Dòk Pris, ki gen anpil esperyans nan fòmasyon anseyan, kreye rezo fòmatè (« kotch »)  ki retounen nan kominote pa yo pou òganize aktivite fòmasyon pami konpatriyòt yo.

Jounen jodi a, P4H gen yon rezo edikatè ki fè fòmasyon pou anseyan nan 10 depatman peyi d Ayiti. Yon operasyon ki te kòmanse ak sèlman 2 grenn anplwaye (Dòk B ak Dòk Pris),  kounye a P4H Global gen plis pase karant anplwaye.

Ann oktòb 2022, se rezilta travay sa a ki te fè P4H resevwa gwo pri entènasyonal UNESCO-Hamdan pou ekselans nan ranfòsman kapasite pwofesè.  Pri sa a te pote yon apui finansye 100 000 dola ameriken pou P4H. Se premye fwa nan listwa, pri sa a ale jwenn yon enstitisyon ayisyen. Epi, an desanm 2022, Dòk B vin antre kòm manm nan Commission nationale de la science, la technologie et l’innovation (CoNaSTI) nan Ministè Edikasyon Nasyonal. Nominasyon sa a mete Dòk B nan pozisyon pou l ede nan transfòme politik nasyonal pou sistèm edikasyon ann Ayiti.

Kolaborasyon ant P4H Global ak Inisyativ MIT-Ayiti

Depi plizyè lane, P4H Global se alye Inisyativ MIT-Ayiti. De (2) enstitisyon sa yo, ansanm ak plizyè lòt enstitisyon k ap feraye nan sektè edikasyon ann Ayiti, mete men nan men, nan yon lojik « Men anpil, chay pa lou ! » pou ede anseyan itilize lang nasyonal la pou amelyore aksè ak kalite edikasyon. MIT-Ayiti ak P4H Global se 2 pami plizyè òganizasyon ki antre fon nan batay pou ede kreyòl la pran plas li kòm yon zouti ki endispansab pou respè dwa tout moun ann Ayiti — sitou dwa pou tout moun (fanm ak ti fi ladan tou !) jwenn bon jan kalite edikasyon ak enfòmasyon.

Pou n fini, li enpòtan pou n felisite Dòk B pou pasyon li ak lanmou li nan pwomosyon lang ak kilti kreyòl la ansanm ak konesans sou istwa peyi d Ayiti. Dòk B sèvi ak tout kalte teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon, sitou rezo sosyal yo, pou l pataje bèlte ak fyète pèp ayisyen an kòm premye nasyon nwa lib nan kontinan sa a kolon yo te rele « Nouvo Monn » lan. Se yon fanm vanyan ki angaje tèt li ansanm ak tout ekip li nan P4H Global nan yon revolisyon entelektyèl ki chita sou lekti, ekriti ak inovasyon pou transfòmasyon edikasyon nan peyi d Ayiti.

Objektif final revolisyon sa a se pwomouvwa byennèt ak respè dwa tout moun ann Ayiti — dwa fanm ak ti fi tou ki toujou rete pami gwoup ki pi vilnerab nan peyi d Ayiti.  N ap remèsye Dòk B, Dòk Pris ak tout ekip P4H Global la epi n ap swete yo anpil kouraj nan kè kontan pandan jounen entènasyonal pou dwa fanm ak dwa ti fi — yon jounen nou dwe selebre tou lè jou tou patou.

Biwo Kominikasyon Inisyativ MIT-Ayiti

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments