Category: san-kategori

Ansèyman ak aprantisaj matematik vin pi fasil gras ak bourad Inisyativ MIT-Ayiti

Depi lè Inisyativ MIT-Ayiti kòmanse feraye nan lane 2010, objektif li se kore mouvman pou amelyore kalite edikasyon ann Ayiti sou fondasyon pedagoji entèraktif ak lang matènèl kòm zouti ki djanm pou ansèyman ak aprantisaj. Se kon sa MIT-Ayiti toujou ankouraje itilizasyon teknoloji nan sal klas epi bay gwo bourad nan pwodiksyon ak difizyon materyèl nimerik an kreyòl nan tout matyè e nan tout nivo. Objektif la se bay anseyan yo bèl kalite resous pou yo ede aprenan yo patisipe nan bati konesans pi fasilman ak kè kontan.

Yon egzanp patenarya pou ede tabli yon sistèm « lekòl tèt an wo »

Patenarya APA/MIT-Ayiti se egzanp pou lòt sektè ak lòt aktè nan tout domèn nan sosyete a. Enpak alyans sa yo enpòtan pou n bati ansanm yon Ayiti ki libere tout bon vre, yon Ayiti ki respekte dwa yon pèp souvren ki gran moun nan lakou l, yon Ayiti kote tout moun se moun — jan Papa Dessalines te vle a. Nou vle bati yon Ayiti kote chak ti moun ka jwenn bon jan kalite edikasyon san grate tèt — edikasyon nan lang natif natal la kòm sa dwa — yon Ayiti kote tout sosyete a valorize lang ak kilti nasyonal la. Lè n ede tout Ayisyen jwenn bon jan kalite edikasyon nan lang nasyonal la, se tabli n ap tabli fondasyon lekòl tèt an wo pou peyi tèt an wo.

Ochan Ayibobo pou Anbasadèz Dominique Dupuy, fanm vanyan

Se ak yon chay lonè respè, wi, nou menm nan ekip Inisyativ MIT-Ayiti ap koube chapo n byen ba pou n selebre travay ak reyalizasyon Anbasadèz Dominique Dupuy.  Anbasadèz la se chèf Delegasyon Pèmanan Ayiti nan Òganizasyon Nasyon Zini pou Syans ak Kilti (UNESCO) ki nan vil Pari an Frans, e li se Vis-Prezidan Konsèy Egzekitif UNESCO. MIT-Ayiti pwofite Jounen entènasyonal dwa fanm ak ti fi, nan dat 8 mas 2024, pou n sonnen 7 kout lanbi ochan pou konkenn chenn jefò Anbasadèz Dupuy, Fanm vanyan, ap fè depi plizyè lane pou valorize kilti ayisyen an ak lang kreyòl la sou sèn entènasyonal la.

Jounen Entènasyonal Lang Manman : Avantaj lang manman nan lekòl tèt an wo

« Edikasyon miltileng se pilye pou aprantisaj nan fanmi ak kominote », se an ba tèm sa a Òganizasyon Nasyon Zini pou Syans ak Kilti (UNESCO) ap selebre « Jounen Entènasyonal Lang Matènèl » 21 fevriye 2024 la. Youn nan objektif jounen sa a se ankouraje pwomosyon lang matènèl pou enklizyon ak reyalizyon Objektif Devlopman Dirab (ODD) yo. Tèm ane sa a mete aksan sou edikasyon miltileng k ap chache fè plis espas pou tout moun, sitou pou sila yo ki an kouch  defavorize yo, nan lide pou pwosesis ansèyman-aprantisaj la ka pi senp, pi fasil, pi efikas, pi enklizif.

Tout moun se moun, tout lang se lang : Nan lide pou MIT Libraries tabli patenarya, n ap kontribiye nan kreyasyon vèsyon nimerik Jounal Libète ki te pibliye ann Ayiti, an kreyòl, ant lane 1990 ak 1998

Jounen jodi a, se tout achiv jounal Libète nan lang nasyonal la, ki disponib, gratis ti cheri, sou entènèt. Sa se rezilta yon bèl konbit ant Bibliothèque Haïtienne des Spiritains, MIT Libraries ansanm ak Digital Libraries of the Caribbean. Achiv Libète sa yo ka sèvi pou ansèyman yon lòt kalite istwa d Ayiti ansanm ak edikasyon sou sitwayènte — san pa kè jako repèt, san tribilasyon nan yon lang ti moun yo pa konprann e ki toujou ap sèvi pou devalorize sa yo ye.

Yon jwèt an kreyòl pou selebre mwa lang ak kilti kreyòl

Nan okazyon Jounen Kreyòl pou n ta selebre tou lè jou tou patou, MIT-Ayiti ap envite n dekouvri bèl jwèt ki rele #VokabiLago ki se yon vèsyon kreyòl jwèt « Wordle » la. #VokabiLago se yon jwèt ki sèvi ak 32 lèt ki nan grafi ofisyèl lang kreyòl ayisyen an e ki nan lwa peyi a depi 1979.

Politik lengwistik nan istwa lekòl ann Ayiti

Se depi lè peyi a pran endepandans li an 1804 politik leta sou itilizasyon 2 lang ofisyèl yo — franse ak kreyòl — bay gwo tèt chaje, sitou nan domèn edikasyon. Leta ayisyen te toujou valorize franse kòm lang ansèyman depi nan klas primè. Chwa sa a lage pifò ti moun ki pale kreyòl sèlman nan difikilte pou yo aprann. Sa vin anpeche yo devlope kapasite aprantisaj yo paske yo pè pale nan sal klas — yo pè pou yo pa fè fot nan yon lang yo pa ni metrize ni pale lakay yo. Baryè lang sava vin gen gwo konsekans sou avni pwofesyonèl ti moun sa yo pi devan epi yo vin gen mwens opòtinite pa rapò ak ti moun elit yo ki maton nan franse paske y ap benyen nan franse depi nan vant manman epi yo leve nan kay kote yo jwenn fanmi ak zanmi k ap pale franse.

Pwòf Jeffrey H. Toney mete Inisyativ MIT-Ayiti nan testaman l

Foto: Pwòf Jeffrey H. Toney Misyon Inisyativ MIT-Ayiti se tankou yon konba Vètyè. Se tou lè jou n ap fè fas kare ak divès difikilte. Men, jefò Grenadye ak Grenadyèz k ap travay pou pouse Inisyativ la pi devan kontinye ap jwenn rekonpans ak ankourajman. Nan mwa janvye 2023, Pwofesè Michel DeGraff te resevwa pi gwo onè akademik […]