Yon jwèt an kreyòl pou selebre mwa lang ak kilti kreyòl

« Lang Kreyòl ayisyen, yon zouti pou devlopman dirab », se anba tèm sa a Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ap selebre ane sa a « Mwa lang ak kilti kreyòl » nan lide pou sansibilize tout moun ki enplike nan mouvman kreyòl la ann Ayiti ak lòt bò dlo sou wòl ak enpòtans lang nasyonal la nan batay pou atenn objektif devlopman dirab yo.

Selebrasyon « Mwa kreyòl » se yon okazyon ki mobilize tout aktè ki nan mouvman kreyòl la — edikatè, entèlektyèl, powèt, mizisyen, chantè ak lòt kalte atis — ki makonnen ansanm pou bay lang kreyòl yon bèl ochan. Nan okazyon sa a, Inisyativ MIT-Ayiti vle raple ke kreyòl la twò enpòtan pou n selebre l sèlman pandan yon mwa. Chak jou ki fè jou, chak fwa yon moun chante yon chan kreyòl, resite yon pwezi kreyòl, oswa kote ki gen ti moun k ap aprann kreyòl oswa k ap suiv kou an kreyòl, tout sa yo kontribye nan selebrasyon lang manman an pandan 365 jou ki nan ane a.

Nan lojik pou se chak jou ki fè jou nou dwe selebre lang Dessalines te rele « lang a nou » a, MIT-Ayiti ap envite n dekouvri bèl jwèt ki rele #VokabiLago ki se yon vèsyon kreyòl jwèt « Wordle » — yon jwèt ki fè bèl tole sou entènèt ak rezo sosyal nan dènye ane sa yo.

Ki règleman jwèt la ?

#VokabiLago se yon jwèt ki sèvi ak grafèm ki nan grafi ofisyèl lang kreyòl ayisyen an e ki nan lwa peyi a depi 1979. Pou yon moun jwe #VokabiLago, objektif la se devine yon mo senk lèt. Jwè a gen sis (6) opòtinite pou l eseye devine bon mo a. Apre chak esè, ti kare lèt yo ap chanje koulè pou montre — jan imaj an ba a montre sa :

  • ki lèt ki pa nan mo a (kare a vin gri) ;
  • ki lèt ki nan mo a, men, ki nan move pozisyon (kare a vin jòn) ;
  • ki lèt ki nan mo a e ki nan bon pozisyon an (kare a vin vèt).

Gen kèk jwè ki jwenn mo yo nan kèk minit. Kon sa tou, genyen ki ka pran plis tan — nou ka menm al dòmi epi se nan rèv nou jwenn solisyon an.  Lè jwè a fin jwenn bon mo a, li ka poste rezilta a sou rezo sosyal yo.

Bank done (egal : vokabilè nimerik) ki nan memwa pèmanan jwèt la se yon resous ki dinamik. Ki sa sa vle di ? Sa vle di : Lè jwè a antre yon mo kreyòl ki gen 5 lèt e ki valid, pafwa lojisyèl la ka pa rekonèt mo sa a kòm yon mo ki valid. Lè kon sa, lojisyèl la mete mo sa yo ki pa ko nan memwa li nan yon lis pwoviza epi, ann apre, ekip MIT-Ayiti a gen opòtinite pou n analize lis pwovizwa sa a epi ajoute mo ki valid yo nan bank done pèmanan an. Osito n fin valide nouvo mo sa yo itilizatè yo te eseye e ki pa te ko nan baz done a, enben, nouvo mo sa yo tou antre nan baz done a otomatikman. Ki di donk, plis nou jwe jwèt la, plis vokabilè jwèt la ap elaji. Se « donan donan », wi : pandan jwè #Vokabilago yo ap laji vokabilè pa yo,  se kon sa tou y ap laji vokabilè jwèt #VokabiLago a. Epi plis n ap jwe jwèt la, se plis jwèt la ap vin pi maton nan vokabilè kreyòl la epi se plis n ap vin maton nan ekriti kreyòl la tou. #VokabiLago sa a se yon kannal konesans sou entènèt ki pral simaye bèl grafi ak vokabiè kreyòl la tou patou pami moun ki renmen lang kreyòl la.

Yon dènye pawòl sou #VokabiLago anvan nou fèmen atik la

Se enfòmatisyen Josh Wardle nan vil Nouyòk ki te kreye jwèt Wordle la.  Non jwèt la soti nan non « Wardle »  ki fè l vin rele « Wordle ».  Non « VokabiLago » jwèt pa nou an soti nan enspirasyon nou jwenn nan tit albòm « Vokabi-Lari » BIC Tizon Dife. Se Kitchana (« Boom ») Thamutok ki kreye premye vèsyon #VokabiLago a. Brady Sullivan ansanm ak ekip MIT-Ayiti ap jere jwèt la kounye a. Se Viveka Velupillai ki te enspire pwojè #VokabiLago sa a lè l te pataje ak MIT-Ayiti yon vèsyon Wordle li te kreye pou chetlann — yon lang yo pale nan zòn chetlann nan peyi Angletè (nan lang sa a, non jwèt la se « Wirdle »). Tcheke vèsyon orijinal Hannah Park la oswa gade vèsyon Aidan Pine la. Nou kreye lis vokabilè pou vèsyon kreyòl la nan konbit ak Heather Lent, Kevin Scannell epi Summer Institute of Linguistics. Vèsyon ki sou Platfòm MIT-Ayiti jounen jodi a se yon vèsyon beta, ki donk lojisyèl la ansanm ak lis vokabilè yo dinamik epi jwèt la pral vin pi djanm lè itilizatè yo pataje kesyon, remak, sijesyon e latriye. Kontakte nou nan adrès imel sa a : vokabilago@gmail.com ! Mèsi wi

Jwèt #Vokabilago a gratis ti cheri. MIT-Ayiti ap envite tout moun vin jwe l. Epi n ap tou pwofite swete tout kominote kreyolofòn nan monn lan pou yo selebre lang kreyòl pa yo 365 jou nan ane a, tout kote, nèt al kole.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments