Yon egzanp patenarya pou ede tabli yon sistèm « lekòl tèt an wo »

Sa fè plizyè lane depi òganizasyon Anseye Pou Ayiti (APA) ak Inisyativ MIT-Ayiti ap kolabore nan mouvman pou n mete lekòl yo tèt an wo — nan yon peyi tèt an wo kote lang nasyonal la (kreyòl) ava jwenn plas li merite nan tout sektè sosyete a.

APA se yon òganizasyon ki san parèy nan sektè edikasyon ann Ayiti. Epi, tou, se yon mouvman sosyal kote fanm vanyan ak gason kanson angaje yo ak bèl angouman pou yon edikasyon ki baze sou pwofil ak idantite aprenan yo. Sa se yon kalite edikasyon ki anrasinen nan tradisyon kilti aprenan yo e ki pote mak fabrik kominote kote y ap viv la. Se nan espri sa a APA kreye yon pwogram « kowòt » k ap ekipe anseyan-lidè, direktè-lidè (direktè lekòl), paran-lidè ak aprenan-lidè pou yo transfòme lekòl ak kominote a yo nan yon lojik « men anpil, chay pa lou » . Se menm lojik ak angouman sa a nou jwenn pami Grenadye ak Grenadyèz MIT-Ayiti yo k ap travay san pran souf pou mete lang kreyòl la nan plas li kòm lang nasyonal e ofisyèl ki dwe sèvi kòm lang ansèyman tou — kòm sa dwa.

Epi, tou, APA ap feraye pou yon chanjman dirab ki depann de yon modèl lidèchip ki entegre tout manm kominote a. Siksè APA depann sou kontèks lokal la, sou rezotay APA tabli nan divès sektè kominote a — nan tout nivo sosyete a. MIT-Ayiti bezwen patenarya ak òganizasyon tankou APA pou kore jefò n ap fè pou n pataje resous nou yo ak anseyan ansanm ak aprenan yo — yon fason pou lekòl yo rive gen pi plis jèvrin nan fonksyonnman yo.

Filozofi MIT-Ayiti chita sou prensip fondamantal kote se aksè inivèsèl nan bon jan kalite edikasyon ki ka bay chak grenn Ayisyen fòs entelektyèl ak mantal ki djanm ansanm ak kapasite pou yo kontribye nan devlopman dirab peyi a. Apwòch nou an chita sou « twa wòch dife » : lang nasyonal nou kòm lang ansèyman ; pedagoji aprantisaj aktif ; teknoloji ki adapte ak pwofil aprenan yo.

Kolaborasyon ant MIT-Ayiti, APA ak lòt aktè ki enplike sou teren nan mouvman kreyòl la gen anpil enpòtans paske se òganizasyon lokal sa yo, an ba lidèchip Ayisyen, ki ka ede inisyativ tankou MIT-Ayiti travay pou n fè fas kare ak bezwen, defi ansanm ak objektif kominote nou sible yo (egal : kominote sa yo k ap viv ann Ayiti). Lè nou travay ansanm ak òganizasyon ayisyen ki konpetan e ki gen entegrite, tankou APA, nou ka pi byen konprann kontèks lokal la, nou ka patisipe nan patenarya ki pote bon jan rannman pou tout aktè yo epi nou ka patisipe nan planifikasyon ak egzekisyon pwojè ak resous ki ka ateri e ki dirab.

Patenarya APA/MIT-Ayiti se egzanp pou lòt sektè ak lòt aktè nan tout domèn nan sosyete a. Enpak alyans sa yo enpòtan pou n bati ansanm yon Ayiti ki libere tout bon vre, yon Ayiti ki respekte dwa yon pèp souvren ki gran moun nan lakou l, yon Ayiti kote tout moun se moun — jan Papa Dessalines te vle a. Nou vle bati yon Ayiti kote chak ti moun ka jwenn bon jan kalite edikasyon san grate tèt — edikasyon nan lang natif natal la kòm sa dwa — yon Ayiti kote tout sosyete a valorize lang ak kilti nasyonal la. Lè n ede tout Ayisyen jwenn bon jan kalite edikasyon nan lang nasyonal la, se tabli n ap tabli fondasyon lekòl tèt an wo pou peyi tèt an wo.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments