Month: avril 2024

Ki wòl entèlijans atifisyèl ka jwe nan ansèyman ak pwomosyon lang kreyòl la ?

Gen anpil brase lide nan monn lan sou Entèlijans Atifisyèl (« EnA » an kreyòl oswa « AI » ann angle). Soti nan Google Translate rive nan ChatGPT, EnA vin okipe anpil plas nan lavi nou chak jou. Menm jan an tou, piti piti, EnA kòmanse antre nan sal klas yo. Nan blòg sa a, nou pral analize : (i) relasyon ant EnA ak edikasyon ; (ii) relasyon ant EnA ak lang kreyòl la ; (iii) kontribisyon MIT-Ayiti nan itilizyon EnA nan objektif pou n bay lang kreyòl la pi plis jarèt.

Ansèyman ak aprantisaj matematik vin pi fasil gras ak bourad Inisyativ MIT-Ayiti

Depi lè Inisyativ MIT-Ayiti kòmanse feraye nan lane 2010, objektif li se kore mouvman pou amelyore kalite edikasyon ann Ayiti sou fondasyon pedagoji entèraktif ak lang matènèl kòm zouti ki djanm pou ansèyman ak aprantisaj. Se kon sa MIT-Ayiti toujou ankouraje itilizasyon teknoloji nan sal klas epi bay gwo bourad nan pwodiksyon ak difizyon materyèl nimerik an kreyòl nan tout matyè e nan tout nivo. Objektif la se bay anseyan yo bèl kalite resous pou yo ede aprenan yo patisipe nan bati konesans pi fasilman ak kè kontan.