Ki wòl entèlijans atifisyèl ka jwe nan ansèyman ak pwomosyon lang kreyòl la ?

Otè : Heather Lent | Tradiksyon ak revizyon : MIT-Ayiti

Foto : Surtab, Konpayi enfòmatik ki t ap travay pou demokratize itilizasyon inovasyon teknolojik ak EnA nan lekòl ann Ayiti, 27 fevriye 2014, Pòtoprens

Gen anpil brase lide nan monn lan sou Entèlijans Atifisyèl (« EnA » an kreyòl oswa « AI » ann angle). Soti nan Google Translate rive nan ChatGPT, EnA vin okipe anpil plas nan lavi nou chak jou. Menm jan an tou, piti piti, EnA kòmanse antre nan sal klas yo. Nan blòg sa a, nou pral analize : (i) relasyon ant EnA ak edikasyon ; (ii) relasyon ant EnA ak lang kreyòl la ; (iii) kontribisyon MIT-Ayiti nan itilizyon EnA nan objektif pou n bay lang kreyòl la pi plis jarèt.

EnA ak edikasyon

Gen anpil rezon ki fè pwofesè yo ta dwe enfòme sou EnA. Pi gwo rezon an se paske EnA ka afekte travay pwofesè yo nan sal klas. Si sa pa ko fèt, sa p ap pran tan pou l vin yon reyalite. Pwofesè yo ta dwe konnen ki lè EnA ka sèvi kòm zouti nan sal klas la, ki lè EnA ka kreye pwoblèm nan sal klas epi ki jan yo ka brase lide sou EnA ak elèv yo.

EnA ka ede nan sal klas la

Gen kèk teknoloji yo itilize kounye a nan sal klas ki te deja ap sèvi ak EnA depi kèk tan, tankou motè rechèch (Google oswa Bing) anpil elèv te deja konn itilize pou chache enfòmasyon sou entènèt. Gen lòt kalite zouti EnA ki konn bay pwofesè ak elèv plis aksè sou enfòmasyon.

Pa egzanp, amelyorasyon sit tradiksyon yo pèmèt elèv yo jwenn pi plis enfòmasyon atravè monn lan — e sa te konn vrèman difisil akòz baryè lang. Pami teknoloji sa yo, nou ka site twa egzanp : teknoloji ki transfòme pawòl aloral an tèks alekri ; teknoloji ki pèmèt tradiksyon otomatik ; tekoloji ki jenere epi tradui soutit pou fim ak videyo. Depi kèk tan, yo itilize EnA tou nan anpil zouti pou pwodui tèks, verifye epi korije òtograf ak gramè. Zouti sa yo ka ede pwofesè yo kreye devwa pou elèv yo.

Gen anpil lòt nouvo domèn kote chèchè nan EnA ap travay men nan men ak edikatè pou kreye nouvo zouti pou sal klas. Nan ane k ap vini yo, nou ka espere wè pi plis inovasyon ak amelyorasyon nan lojisyèl EnA k ap ede anseyan korije epi evalye fèy egzamen ak devwa elèv yo. Sa va pèmèt anseyan pase mwens tan nan fè travay sa yo. Mete sou sa, gen chatbots ki fèt espesyalman pou aprenan e ki ka pèmèt yo sèvi ak EnA kòm yon patnè pou fasilite aprantisaj aktif. Pa egzanp, yon elèv ka diskite ak yon EnA sou yon tematik, fè deba ak li sou kèk kesyon espesifik epi EnA sa a ka ede l ak yon devwa, sitou lè l kole nan yon pwoblèm matematik — pou n site egnzap sa a sèlman.

EnA ka fè mal nan sal klas yo

Malerezman, gen anpil teknoloji EnA ki konn sèvi nan move kondisyon oswa menm pou fè malveyans. Sal klas yo pa epanye. Youn nan teknoloji sa yo ki fè edikatè atravè monn lan enkyete anpil se ChatGPT. Kòm se yon zouti ki vin disponib tou patou, sa ka ankouraje kèk elèv triche — sitou sila yo ki pa vle fè jefò ki nesesè pou sèten travay. Sa ki fè ChatGPT vin enkyete pwofesè yo pi plis toujou se paske sa konn rive nou pa ka deside si yon tèks se yon EnA oswa yon moun ki pwodui l. Sa vin fè li konn difisil pou n konnen si yon elèv triche. Natirèlman, gen nouvo zouti EnA ki kòmanse devlope pou idantifye otomatikman lè yon elèv kopye oswa triche. Men, pou kounye a, zouti sa yo pa fyab. Sa vin fè elèv ki vle triche yo ka rive twonpe vijilans pwofesè yo epi sa vin kreye yon fado an plis pou pwofesè ak lekòl k ap chache ede elèv yo sèvi ak zouti EnA yo san yo pa deranje pwosesis aprantisaj la.

Yon lòt fason EnA ka yon pwoblèm nan sal klas se nan kreye move enfòmasyon ki konn sanble ak bon enfòmasyon — sa rele « alisinasyon ». Menm si nou konte sou EnA pou ede n fè rechèch sou entènèt, teknoloji sa yo gen anpil enpèfeksyon. Pa egzanp, motè rechèch oswa chatbots konn bay fo enfòmasyon pafwa. Pwofesè yo pral bezwen ede elèv yo aprann verifye enfòmasyon yo epi konte sou resous ki pi fyab.

Edike elèv yo sou EnA

Abitye elèv yo ak EnA, aprann yo dekouvri kapasite ak feblès EnA ta dwe ede yo byen itilize resous sa yo nan yon monn kote EnA ap pran plis plas ak enpòtans. San di petèt, elèv yo pral gen anpil kesyon pou pwofesè yo. Nan dènye ane sa yo, gen jefò k ap fèt sou tematik « alfabetizasyon nimerik » ki montre ki jan elèv yo bezwen aprann sou fason pou yo chache epi itilize enfòmasyon sou entènèt kote jounen jodi a move enfòmasyon vin tounen yon flewo. Elèv yo, nan yon tan ki pa twò lwen, pral bezwen alfabetize tèt yo sou itilizasyon EnA pou yo ka apresye avantaj ansanm ak limit teknoloji EnA yo.

Sitiyasyon EnA yo pa rapò ak lang kreyòl la

Nou analize aplikasyon ak avantaj EnA nan sal klas ; men, teknoloji EnA ki fè tradiksyon, tankou ChatGPT, pa ko mache byen pou lang kreyòl la. Ki rezon ki fè sa ? Pou n bay yon repons senp, rannman EnA yo nan yon lang oswa yon lòt depann de kantite ak kalite done ak enfòmasyon ki disponib nan lang sa a sou entènèt. Ki donk plis yon EnA ka  « gade » oswa entèprete done ak enfòmasyon nan yon lang an patikilye, se plis kapasite l ap genyen pou l konprann epi jenere tèks nan lang sa a. Lè kantite done yo twò piti nan yon lang, anpil nan zouti EnA yo pa fouti efikas oswa yo ka menm prèske initil pou kominote ki pale lang sa a.

Mete sou kantite a, kalite done yo enpòtan anpil paske EnA yo aprann atravè modèl ak baz done ki disponib yo. Ki donk, si modèl ak baz done orijinal yo pa kòrèk oswa pa bon, EnA yo pral jenere move modèl ak move rezilta ki ka reprezante gwo danje. Pou pifò lang atravè monn lan jodi a, gen yon mank done ak yon mank tèks, epi kalite a pa fin twò bon non plis. Lang kreyòl la pa epanye. An reyalite, pifò nan dekouvèt enpòtan ki fèt ak EnA yo nan dènye ane sa yo, disponib sèlman nan kèk lang nan monn lan — sila yo ki gen plis done ladan, tankou angle, chinwa (mandaren) ak franse. Chèchè EnA yo ap travay pou redui fose ki kreye akòz mank done sou lòt lang yo. Men, pou kreyòl la, zouti EnA ki pi itilize yo pa ko ka bay bon rannman jan yo ta dwe bay pou kounye a. Poutan, aprenan ak anseyan ki pale kreyòl merite pou yo jwenn menm nivo teknoloji EnA ke kamarad yo ki pale angle oswa franse oswa oswa mandaren oswa japonè… Sa vin montre nesesite pou n amelyore teknoloji EnA yo an kreyòl pou sal kas yo.

Amelyore EnA pou lang kreyòl la ak tout lòt lang kreyòl nan monn lan

Nan lide pou amelyore teknoloji EnA man lang kreyòl pou edikatè ak tout kominote ayisyen tou patou nan monn lan, MIT-Ayiti ap kontribye nan rechèch pou amelyore itilizasyon kreyòl la nan zouti sa yo. Se nan objektif sa a, Ekip MIT-Ayiti antre nan konbit ak anpil ekspè atravè monn lan. Jan nou deja esplike, kalite EnA yo depann de kantite ak kalite done yo : se lè n jwenn gwo kantite done ki gen bon kalite, se lè sa a teknoloji yo ap vin pi itil pou itilizatè yo. Pou kounye a, anpil nan baz done an kreyòl ki nan EnA yo pa gen bon kalite oswa yo pa reflete kilti moun ki pale kreyòl yo. Nou vle chanje sa !

Se pou objektif sa a MIT-Ayiti devlope yon achiv done kalite siperyè ke nou ranmase sou platfòm MIT-Ayiti a (https://mit-ayiti.net/). Objektif nou, atravè achiv done MIT-Ayiti a se : 1) ankouraje chèchè EnA yo pou yo mete kreyòl nan pwojè ak pwodui yo ; epi 2) asire ke tèks an kreyòl ki antre nan pwojè ak pwodui sa yo gen bon jan kalite epi tou tèks sa yo dwe koresponn ak lang moun ki pale lang kreyòl la.

Achiv MIT-Ayiti a gen done ki ka sèvi tousuit pou amelyore zouti tradiksyon an kreyòl. Men, nan yon kad ki pi laj pase aplikasyon EnA sa yo, vizyon an se pèmèt, nan yon tan ki pa twò lwen, mete done sa yo disponib pou devlopman pi plis teknoloji EnA ki sèvi ak kreyòl, tankou korektè òtograf, korektè gramè ansanm ak lòt zouti ankò.

Finalman, achiv done MIT-Ayiti a reprezante yon lòt efò enpòtan nan kad bèl vizyon pou amelyore EnA pou tout lang kreyòl atravè monn lan. Gen plizyè lòt lang kreyòl ki nan menm mera ak kreyòl ayisyen an : yo manke bon jan kantite ak kalite done ki pou sèvi nan zouti EnA yo. Nan kad vizyon sa a, MIT-Ayiti etabli patenarya ak plizyè chèchè EnA pou trete plis done bon kalite pou lang kreyòl yo epi, tou, pou esperimante dènye teknik ki disponib nan rechèch sou EnA yo — yon fason pou n pwodui pi bon teknoloji pou tout lang kreyòl yo, menm si teknoloji sa yo ka oblije sèvi ak kantite done ki pi piti pase kantite done ki sèvi pou lòt lang yo. Nou kontan konnen se kreyòl ayisyen ki devan bann k ap enspire inovasyon sa yo.

Si w ta renmen aprann pi plis sou fason lang kreyòl Ayiti a ansanm ak lòt lang kreyòl ap ede EnA yo, tanpri gade piblikasyon sa a (ann angle) oswa ou ka vizite baz done ak kòd sa a sou Github :

Maniskri konplè : https://arxiv.org/abs/2310.19567

Kòd ak done : https://github.com/hclent/CreoleVal

Achiv done MIT-Ayiti : https://github.com/hclent/CreoleVal/tree/main/nlg/mit_haiti

Men kèk lyen an kreyòl ki montre travay k ap fè sou EnA nan lekòl :

Plan leson sou wòl entelijans atifisyèl nan ansèyman ak pwomosyon lang kreyòl

Se Ernst Djeride Jean-Baptiste ki elabore plan leson sa a.

Objektif plan leson an :

Plan leson sa a pral ede aprenan yo :

  1. Dekouvri epi familyarize yo ak kèk mo kle oubyen espresyon ki pwòp ak devlopman Entelijans Atifisyèl yo (EnA) ;
  2. Dekouvri kèk zouti EnA epi rive asosye yo ak domèn yo ;
  3. Imajine kreyasyon pwòp zouti EnA pa yo ;
  4. Dekouvri kèk ideyoloji ki asosye ak devlopman zouti EnA ak lang kreyòl yo ;
  5. Mete kreyativite aprenan yo an pratik a travè itilizasyon kèk zouti teknolojik.

A- An n chèche konprann sa ki di nan tèks la.

Pou n fè sa, nou pral fè yon fich lekti k ap gen ladan l plizyè pati.

Note byen : Nan aktivite sa yo, pwofesè yo ka divize sal klas la an plizyè gwoup.

  1. Egzèsis sa a dwe ede aprenan yo rive atenn yon bon konpreyansyon sou tèks la.
  2. Chak gwoup pral prepare yon fich lekti pandan y ap chèche dekouvri kèk mo ak espresyon ki nan tèks la.
  3. Chak gwoup tou ap gen pou yo bay 5 sitasyon nan tèks la ki atire atansyon yo epi chèche konprann byen ki sa otè tèks la vle di nan sitasyon sa yo.
  4. Lè fich lekti yo pare, gwoup yo ka reyini pou yo pataje tout sa yo te jwenn kòm mo ak espresyon ki nouvo nan sitasyon yo.

Tablo pou fich lèkti yo

Fè yon rezime tèks la ak pwòp mo pa w.
An nou idantifye kèk mo ak espresyon nan tèks la nou po ko konnen, epi an nou fè rechèch pou nou ka jwenn yon definisyon pou yo chak.  
An nou chèche kèk sitasyon oubyen kèk fraz ki nan tèks la e ki atire atansyon nou pou n ka reflechi sou yo ansanm.  
Sitasyon # 1  
Sitasyon # 2  
Sitasyon # 3  
Sitasyon # 4
Sitasyon #5  
Refleksyon: Sou baz enfòmasyon nou jwenn nan tèks la :   bay kèk rezon  ki fè resous EnA yo pa ko disponib an kreyòl tou ?ki sa ki lakoz se sèlman nan yon ti gwoup lang nou jwenn pi plis zouti EnA yo ?  

An- Egzèsis pou dekouvri pi plis toujou sou Entelijans Atifisyèl (EnA) yo

Objektif aktivite sa a se :

  1. Pèmèt aprenan yo dekouvri divèsite domèn ki itilize zouti EnA yo ;
  2. Dekouvri fonksyonalite zouti EnA yo ;
  3. Fè pratik ak zouti EnA yo ;
  4. Montre lòt zanmi w yo nan klas la ki sa chak gwoup te dekouvri.

Gwoup 1

EnA ki fèt pou ede tretman son ak imajEnA ki fèt pou ede kontni nan tèks
  
        

Gwoup 2

EnA ki fèt pou ede nan tradiksyonEnA ki fèt pou ede nan jewolokalizasyon
        

B – Kreyasyon

Platfòm MIT-Ayiti ap travay pou garanti prezans lang kreyòl la sou platfòm nimerik yo. Nou kontribye nan pwodiksyon resous akademik k ap itil tout moun ki pale kreyòl. Se kon sa tou gen anpil aktivite nou ka fè pou nou metrize zouti teknoloji yo epi bay bourad pou ranfòse itilizasyon lang kreyòl la nan teknoloji sa yo ak sou platfòm nimerik yo. Aktivite sa yo pral ede nou fè kèk pratik :

  1. Fè pledwaye pou responsab lekòl yo rann disponib pou ti moun yo kou sou kodaj, kou wobotik, laboratwa enfòmatik, koneksyon entènèt e latriye ;
  • Idantifye kèk sit entènèt ki ka ede n kreye pwòp sit entènèt pa n ak yon sit entènèt pou lekòl la an kreyòl. Nou ka tradui sit la tou nan lòt lang, tankou franse, angle ak panyòl ;
  • Idantitye kèk zouti EnA ki ka ede n devlope pwòp aplikasyon pa n, tankou yon aplikasyon ti moun ka itilize pou yo jwe sou entenèt oswa nenpòt lòt ide ki ka ede rezoud yon pwoblèm nou idantifye nan antouraj nou ;
  • Idantitye yon zouti EnA ki ede ekri liv pou ti moun epi eseye sèvi ak zouti sa a pou n ekri pwòp liv pa n an kreyòl.

Lè n fini ak pwojè sa yo, nou ka rasanble tout lekòl la pou n prezante yo rezilta pwojè nou yo.

Men kèk resous k ap ede nou dekouvri epi konprann ki jan nou ka itilize WordPress pou kreye yon sit entènèt :

2- Aplikasyon senp sa a ka ede nan plizyè pwojè, tankou :

  • Kreye lis chante ak atis prefere w epi pataje yo sou aplikasyon sa a pou tout elèv nan lekòl la ;
  • Pataje kèk anons k ap itil tout lekòl la ;
  • Pataje kèk resous tankou liv, videyo, odyo an kreyòl k ap ka itil tout lekòl la ak peyi a pou ede plis moun dekouvri e metrize resous sa yo.

Men kèk resous k ap ka ede nou dekouvri yon zouti EnA ki rele « Glide » epi konprann ki jan nou ka itilize l pou n devlope kèk aplikasyon ki ka itil ou nan domenn edikasyon.

Note byen : Ou ka gade seri videyo YouTube sa a ki gen anviwon 85 videyo ki disponib nan lang franse pou ede n metrize aplikasyon Glide la :

An nou akouraje nan kreyasyon aplikasyon ak sit entènèt sa yo. Sa ka rive nou vin fè pati premye gwoup elèv ki kreye aplikasyon ak sit entènèt an kreyòl nan tout istwa peyi a. Ebyen, an nou travay ansanm.

Gade PDF la sou tout lajè ekran an. | TELECHAJE

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments