Ansèyman ak aprantisaj matematik vin pi fasil gras ak bourad Inisyativ MIT-Ayiti

Depi lè Inisyativ MIT-Ayiti kòmanse feraye nan lane 2010, objektif li se kore mouvman pou amelyore kalite edikasyon ann Ayiti sou fondasyon pedagoji entèraktif ak lang matènèl kòm zouti ki djanm pou ansèyman ak aprantisaj. Se kon sa MIT-Ayiti toujou ankouraje itilizasyon teknoloji nan sal klas epi bay gwo bourad nan pwodiksyon ak difizyon materyèl nimerik an kreyòl nan tout matyè e nan tout nivo. Objektif la se bay anseyan yo bèl kalite resous pou yo ede aprenan yo patisipe nan bati konesans pi fasilman ak kè kontan.

Soti 2012 rive 2016, Inisyativ MIT-Ayiti òganize plizyè atelye pou anseyan ann Ayiti epi, ann oktòb 2015, nou te envite kèk nan anseyan ki te patisipe nan atelye sa yo vwayaje oz Etazini pou yo aprann pi plis sou fason yo ka kreye zouti pou ansèyman syans ak matematik an kreyòl. Anpil nan materyèl ki te pwodui nan kad atelye sa yo disponib sou sit sa a: http://haiti.mit.edu.  

An 2017, Michel DeGraff ak Haynes Miller, k ap dirije Inisyativ MIT-Ayiti, te fè yon reyinyon ak direktè MITx Online lan, Ike Chuang. MITx Online se yon platfòm lajman laj sou entènèt pou fòmasyon a distans — sa yo rele Massive Open Online Course (MOOC) ann angle. Pandan reyinyon sa a, Mesye Chang te mande MIT-Ayiti nan ki fason Inisyativ la te ka kontribye pou tradui an kreyòl plizyè resous ki disponib sou platfòm MITx Online la. Direktè a te montre anpil enterè pou tout materyèl sa yo vin disponib nan lòt lang tou, tankou kreyòl. Se depi lè sa a, MIT-Ayiti tanmen feraye nan tradiksyon materyèl MITx pou ansèyman matematik an kreyòl.

Inisyativ la te chwazi yon kou sou kalkil ki rele 18.01x Calculus. Direktè MITx Online la te pataje ak MIT-Ayiti yon platfòm ki rele Transifex ki fasilite tradiksyon nan divès lang. MIT-Ayiti te chache yon moun ki te ka tradui materyèl matematik sa yo an kreyòl ak sipò finansye MITx Online. Enjenyè Charlot De Gracia se youn nan moun ki te patisipe nan tradiksyon resous sa yo. Paul Belony, Pwofesè fizik nan Kean University, te sipèvize kèk aspè nan tradiksyon yo. Tradiksyon sa yo fèt nan yon fason pou rann tèks kreyòl yo aksesib pou tout moun k ap aprann matematik — egal : nan yon nivo lang ki senp e enteresan. Nan vèsyon orijinal ki ann angle a, pwofesè a te bay esplikasyon l yo nan yon nivo lang ki fasil pou etidyan yo konprann. Chwa lengwistik sa a se yon diferans ki enpòtan pa rapò ak pedagoji tradisyonèl an franse kote nivo lang lan pi fòmèl pase nivo lang angle nan kad ansèyman. Ki donk, nou te deside fè jefò sa a pou nivo lang nan tradiksyon kreyòl la fasilite konpreyansyon tèks an kreyòl ki parèt pi enfòmèl pase manyèl matematik nan tradisyon frankofòn lan.

Pami resous pou kou sa a, MIT-Ayiti te kreye soutit an kreyòl pou yon seri videyo sou kalkil pou etidyan premye ane nan inivèsite MIT. Videyo sa yo disponib sou platfòm MITx Online la. Se Jen French, Karene Chu ak Stephen Wang ki te patisipe nan kreye seri sa a. Yo te resevwa yon pri pou bèl travay sa a. Pwofesè matematik David Jerison ak Dòk Gigliola te anseye kou kalkil sa a epi yo te bati kou a pou l suiv kourikoulòm avanse pou kalkil nan lekòl segondè. Nou ka wè pwofesè sa yo nan videyo yo tou.

Pou kounye a, Inisyativ la angaje nan pwochen etap pwojè a ki se tradiksyon kreyòl lòt resous ki disponib sou platfòm MITx Online la. Ann atandan, MIT-Ayiti espere anseyan ak aprenan ki pale kreyòl yo pral pwofite videyo sa yo k ap ede kore aprantisaj ak ansèyman sou kalkil an kreyòl. MIT-Ayiti vle avanse ak pwojè sa a nan menm lojik konbit la ki se yon prensip fondal natal pou Grenadye ak Grenadyèz ki nan ekip MIT-Ayiti a.

Kèk lòt zouti pou ede ansèyman ak aprantisaj matematik ak syans an kreyòl

Gen yon lòt platfòm Pwòf Haynes Miller ak ekip li (Hu Hohn ak Jean-Michel Claus) kreye ki rele Mathlets. Sa se yon koleksyon resous pou aprantisaj aktif nan ekwasyon diferansyèl ak lòt konsèp nan matematik. Ekip MIT-Ayiti a te tradui resous sa yo an kreyòl tou.

Yon lòt resous n ap jwenn pou ansèyman matematik se GeoGebra. Se yon zouti pou ede aprantisaj ak ansèyman matematik nan tout nivo edikasyon. Li pèmèt etidyan yo fè dekouvèt pandan y ap manipile objè, chanje paramèt, entèraji ak jeyometri nan 2 ak 3 dimansyon, e latriye. Dòk Jerry Orloff nan MIT-Ayiti te ekri yon gid sou GeoGebra nou te tradui an kreyòl tou.

Gen plizyè lòt egzanp sou kouman aprenan yo ka itilize zouti nimerik sa yo (Mathets ak GeoGebra) pou fè devwa, pou travay an gwoup oubyen pou prepare prezantasyon nan kèk kou matematik. Yo ka aprann teyori ki dèyè apwòch matematik sa yo tou sou platfòm lan.

PhETs (ki pwononse « Fèt » an kreyòl) se yon lòt platfòm ki ofri egzèsis patisipatif nan syans ak matematik. Gen ekip syantis ki teste epi evalye lojisyèl sa yo. Gen entèvyou ki fèt ak etidyan epi gen evalyasyon ki fèt sou egzèsis pratik nan sal klas ki sèvi ak lojisyèl PhET yo. Evalyasyon sa yo konfime zouti PhET yo bay bon rannman nan ansèyman ak aprantisaj.  Aprenan yo ka sèvi ak PhET sou entènèt oswa yo ka telechaje l sou tablèt, telefòn ak òdinatè. Tout lojisyèl pou egzèsis pratik sa yo se resous ki lib epi, tou, yo gratis ti cheri, pou tout itilizatè ki enterese. Se Pwòf Grenadye Paul Belony nan ekip MIT-Ayiti a ki te tradui PhETs yo an kreyòl.

Pou ansèyman biyoloji, n ap jwenn lojisyèl Star yo ki se zouti nimerik ki pèmèt pwofesè yo prezante metòd rechèch nan biyoloji epi aplike metòd sa yo rapido presto nan sal klas. Lojisyèl Star yo pèmèt etidyan yo jwenn posiblite pou yo fè etid sou pwoteyin epi sou varyasyon jenetik, san yo pa oblije gen ni ekipman avanse ni laboratwa ki byen ekipe. Zouti Star sa yo ka sèvi pou analize konsèp ki fondamantal nan rechèch sou jenetik epi biyochimi.

Tout zouti entèraktif sa yo pou aprantisaj matematik ak syans te itilize nan atelye MIT-Ayiti te fè ann Ayiti yo — soti 2012 rive 2016. Apre sa, MIT-Ayiti te kontribye nan fè yon rechèch sou pwogram matematik nan Nouvo Segondè. Ki donk, nou te sèvi ak rezilta rechèch sa a pou deside ki zouti ki ka ede etidyan yo angaje tèt yo a fon nan aprantisaj matematik.

Sou chèn Youtube 18.01x Calculus la, anseyan ak aprenan yo ap jwenn175 videyo. Kesyon an kounye a se jwenn ki pi bon fason videyo sa yo ka sèvi nan sal klas ann Ayiti. Kounye a MIT-Ayiti pral tanmen tradui tèks ki akonpaye videyo sa yo. Inisyativ la deja ap remèsye, ann avans, tout moun ki ta wè kèk aspè nan tradiksyon yo ki merite amelyore. Yo ka ekri nou nan imel sa a : mit-haiti@mit.edu pou poze kesyon, pataje sijesyon, remak, ankourajman e latriye.

Sa se yon ti esplikasyon sou fason pou n jwenn soutit kreyòl yo lè n ap gade videyo sa yo sou YouTube : Lè n ap gade videyo yo sou YouTube, n ap klike sou videyo nou vle gade a, selon lòd videyo yo. Lè videyo nou vle gade a ouvri, klike sou bouton paramèt/opsyon ki gen fòm ikòn/imaj sa a. Si n ap itilize yon telefòn, bouton sa a ap parèt an wo, a dwat lè nou klike sou imaj videyo a. Sou òdinatè, li parèt an ba, a dwat.

Lè n fin klike sou bouton paramèt/opsyon an :

N ap klike sou Subtitles/CC oswa Sous-titres/CC oswa Subtítulos/CC epi n ap seleksyone: Haitian Creole / Créole haïtien / Kreyòl ayisyen pou n ka jwenn soutit videyo yo an kreyòl.

Li bon pou n konnen, sekans videyo yo depann de lòd prezantasyon konsèp yo nan kou a. Konvansyon pou nimewotasyon tit videyo yo soti nan òganizasyon kou MITx ki sou entènèt la. Kòm se pa chak inite nan kou a ki mache ak yon videyo, gen twou vid nan nimewo ki nan sekans tit yo.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments