An n brase lide sou 2yèm Rezolisyon Akademi Kreyòl Ayisyen sou ekriti kreyòl la

Blòg sa a se pou n louvri je piblik la sou deriv nan analiz syantifik e nan ideyoloji frankofil ki nan 2yèm Rezolisyon Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) sou òtograf kreyòl la. Se ideyoloji frankofil sa a ki fè, jounen jodi a, Akademisyen yo ap ekri « numewo », « nuaj » ak « ponktuasyon » nan plas « nimewo », « nyaj » ak « ponktyasyon ». Enben, blòg sa a se nan sousi pou n konprann orijin enpak negatif AKA sou edikasyon ak avansman sosyo ekonomik nan peyi d Ayiti. N ap envite lengwis, edikatè, ekriven, aktivis ak lòt konpatriyòt ki angaje nan mouvman kreyòl la pou yo li atik manch long Pwòf Michel DeGraff, Akademisyen, Pwofèse nan Massachusetts Institute of Technology (MIT) e Fondatè Inisyativ MIT-Ayiti, Nimewo 2 (Volim I) jounal Rechèch Etid Kreyòl (REK) :

Nimewo jounal REK sa a parèt pandan mwa oktòb 2023 ki se « Mwa lang ak kilti kreyòl ». Pwòf DeGraff ekri atik sa a nan lide pou ede sosyete ayisyen an reflechi epi konprann orijin ak lojik dènye pwojè Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) sou grafi kreyòl la — nan sousi pou l analize epi rektifye enpak negatif pwojè sa a ka genyen sou edikasyon nan peyi d Ayiti, ki vle di avansman sosyo ekonomik nasyon an.

Nan atik sa a, nou vle pataje kèk nan refleksyon Pwòf DeGraff yo, kòm lengwis ki fè anpil rechèch sou chapant ak itilizasyon lang kreyòl la nan sektè edikasyon. Objektif pa nou nan MIT-Ayiti se atire atansyon lengwis, edikatè, ekriven, aktivis ak lòt konpatriyòt ki angaje nan mouvman kreyòl la pou yo founi je gade analiz Pwòf DeGraff fè nan atik sa a ki soti nan jounal REK la. Atik Pwòf la pral ede yo konprann pi byen pwopozisyon AKA yo.  Epi, tou, atik sa a nan REK ka sèvi  kòm bon jan zouti syantifik pou sila yo k ap feraye nan ede tabli fondasyon solid pou lekòl tèt an wo.

Pwoblèm metodolojik, lengwistik ak pedagojik ki nan pwopozisyon AKA yo

Nan atik REK la, Pwòf DeGraff reflechi sou pwoblèm nan metodoloji ak nan analiz lengwistik ki nan pwopozisyon AKA yo. Kòm Komisyon Syantifik AKA deklare pwojè « estandadizasyon » sa a se pou rezoud « difikilte » ki nan alfabè kreyòl la, Pwòf la mande kote « difikilte » sa yo soti, epi li mande si pwopozisyon AKA yo ka vreman rezoud « difikilte » sa yo. Repons lan se : non !

Analiz lengwistik Pwòf la pèmèt li rive fè konklizyon sa a : pifò nan dispozisyon ki nan 2yèm Rezolisyon AKA a gen gen gwo fay ladan — nan done, lojik, analiz, metòd e latriye. Mete sou fay sa yo, gen kontradiksyon nan kritè ki ta dwe sèvi pou idantifye ki sa yon « mo » ye nan lang kreyòl la e ki jan pou n separe mo yo lè n ap ekri. Kontradiksyon sa yo menm vin kreye twoub nan analiz sistèm aritmetik desimal la. AKA deklare nonb nan lang kreyòl la chita sou yon sistèm nimerik nan baz ven (20) alòs ke done yo klè sou sa : ni aritmetik nonb yo, ni chapant pawòl ki esprime nonb yo montre se yon sistèm ki chita sou baz dis (10) — egal : se yon sistèm desimal. Ki donk, pwojè estandadizasyon sa a riske afebli fondasyon kognitif ak akademik ti moun yo — sitou nan matematik.

Pwòf DeGraff montre pwoblèm dènye pwojè « estandadizasyon » sa a pral bay si li ta antre ann aplikasyon jan li ye a. Pwopozisyon AKA yo riske koze pi plis dega nan yon sistèm lekòl ki deja tèt an ba. Dega sa yo ka kreye twoub nan divès sektè aprantisaj, soti nan lekti ak ekriti rive nan matematik. Epi, tou, kalite pwopozisyon sa yo ka fè sèten moun (sitou sila yo ki deja pa vle kreyòl nan lekòl) panse grafi kreyòl la gen « twòp difikilte » ladan pou kreyòl la sèvi kòm lang ansèyman. Ki fè kalite pwopozisyon sa yo ki nan 2yèm Rezolisyon AKA sou òtograf kreyòl la se yon malè pandye kont mouvman kreyòl la.

Fòk nou mete anfaz sou sa ki parèt nan analiz Pwòf DeGraff yo kòm youn nan orijin fay ki nan 2yèm Rezolisyon AKA sou òtograf kreyòl la : sanble se yon ideyoloji frankofil ki vin kreye difikilte AKA vin entwodui nan grafi kreyòl la. An n pran 4 egzanp sa yo ki demontre tandans ki nan Komisyon Syantifik AKA pou l sèvi ak lang franse ansanm ak konvansyon nan òtograf franse kòm modèl pou òtograf kreyòl la malgre òtograf franse a ansanm ak non lèt nan alfabè franse a chita sou etimoloji (ki vle di : sou istorik mo yo ki, trè souvan, pa koresponn ak pwononsyasyon dirèk mo yo), alòs ke òtograf kreyòl la se yon sistèm ki prèske ideyal nèt paske li chita sou yon lojik transparans fonemik kote chak lèt marye ak yon grann son epi chak son toujou ekri ak menm lèt la.

Egzanp 1 : Diferans ant lèt ak grafèm. Nan suiv egzanp alfabè franse a, AKA vin prezante yon distenksyon ant « grafèm » ak « lèt ». Dapre nouvo Rezolisyon sa a, ti moun yo pral bezwen aprann 2 kategori senbòl : yon kategori ki gen 24 « lèt » ki se yon pati nan 26 lèt nan alfabè franse a epi yon kategori ki gen 32 « grafèm » kote se lèt oswa konbinezon lèt ki kreye grafèm sa yo. E poutan, sa te pi fasil, anvan 2yèm Rezolisyon sa a, pou ti moun yo te sèlman aprann yon sèl kategori senbòl ke n ka rele « lèt » kote chak lèt (egal : chak grafèm) koresponn dirèk dirèk ak yon sèl son (egal : yon sèl fonèm). Lè AKA pwopoze pou aprenan yo aprann  24 lèt (kote gen lèt tankou <c> ki pa mache ak okenn son) mete sou 32 grafèm, sa vin menase kraze bèl korespondans kif kif ant lèt (egal : grafèm) ak son (egal : fonèm) ki te kreye transparans fonemik alfabè kreyòl la nan grafi ofisyèl 1980 an.

Egzanp 2 : Non lèt ak grafèm yo (« nge » ).  Nan sèvi ak alfabè franse kòm modèl pou non grafèm nan alfabè kreyòl la, AKA vin chwazi « nge » kòm non pou grafèm <ng> an menm si grafèm sa a koresponn ak yon konsòn nazal ki toujou chita nan fen silab, tankou nan mo : hing hang, zing, ping pong, e latriye.  Wi, nou pa janm pwononse grafèm <ng> sa a nan kòmansman okenn silab nan vokabilè kreyòl la. Ki donk, AKA bay grafèm « ng » sa a yon non ki vyole chapant fonetik lang kreyòl la.

Egzanp 3 : Nouvo grafèm (<u>). Se kon sa tou AKA vin prezante prezante <u> kòm yon nouvo grafèm nan alfabè kreyòl la epi nan youn nan afich sou mwa kreyòl nan AKA, yo ekri « numewo » nan plas « nimewo » — menm jan Akademisyen Rogéda Dorcé Dorcil, Prezidan AKA, t ap ekri « ponktuasyon » ak « nuaj » nan plas « ponktyasyon » ak « nyaj » nan mesaj li sou gwoup WhatsApp pou Asosyasyon Pwofesè Kreyòl Ayisyen. N ava remake ki jan « numewo », « ponktuasyon » ak « nuaj » gen plis resanblans ak mo nan vokabilè franse pase mo vokabilè kreyòl la. Wi, pifò moun ki pale kreyòl se « nimewo », « ponktyasyon » ak « nyaj » yo di. Enben, sanble AKA antre nan yon misyon pou grafi kreyòl la vin pi pwòch grafi franse a.

Egzanp 4 : « kat è » nan plas « katr è ».  Se nan emisyon radyo Magik 9 ak Robenson Geffrard nou tande Prezidan AKA, Akademisyen Rogéda Dorcé Dorcil, ki vin bay yon esplikasyon sou dispozisyon nan 2yèm Rezolisyon AKA sou òtograf kote yo mande pou n ekri « kat è » nan plas « katr è ».Nan esplikasyon Akademisyen Rogéda bay la, se fenomèn « lyezon » (tankou nan lang fransè) ki ta vin pwodui son /r/ sa a ant « kat » ak « è ». Se kòm ki dirè /r/ sa a nou tande lè yon moun di « 4 è » se rezilta lyezon menm jan ak son /z/ nou tande nan kòmansman 2yèm silab « les amis » ak « les enfants ». Men, esplikasyon sa a pa kòrèk — paske lang kreyòl pa gen ni menm chapant ak lang franse, ni menm règleman ak lang franse, ki fè pa gen lyezon kon sa nan lang kreyòl la. Mo kreyòl pou chif 4 la gen sa lengwis rele « alomòf » : 2 alomòf yo se « kat » ak « katr » dapre mo ki vin ann apre a. Fenomèn alomòfi sa a egziste nan tout lang — ann angle, yon egzanp se alomòf pou atik endefini nan « a book » ak « an apple » ; an franse, yon egzanp se alomòf pou atik defini nan « la voiture » ak « l’horloge » ; an kreyòl, 2 lòt egzanp se prepozisyon nan « an kreyòl » ak « ann angle » ansanm ak prepozisyon nan « o Meksik » ak « oz Etazini ».  Mete sou sa, gen yon pwosesis resilabifikasyon kote 2 mo sa yo « kat è » vin remèt 2 silab « katrè » oswa « kat ».  N ap jwenn pi plis detay sou pwoblèm sa a ki nan 2yèm Rezolisyon an nan yon afich sou paj Facebook Pwòf Michel DeGraff.

Epi nan atik REK la, mwen bay pi plis done ak analiz sou fenomèn lengwistik sa yo nou menm lengwis rele « alomòfi » ak « resilabifikasyon » tou.

An tou ka, sanble tout erè sa yo nan 2yèm Rezolisyon AKA sou òtograf kreyòl la soti nan yon ideyoloji kote se òtograf lang franse a ki dwe sèvi kòm modèl pou òtograf kreyòl la.  Se menm ideyoloji frankofil sa a ki te fè Akademisyen Rogéda Dorcé Dorcil deklare, apre li te premye tande Chante Alfabè Kreyòl an septanm 2015 :

« … si [AKA] al kore kalite refleksyon dogmatik sa a, se rive fè yon deklarasyon lagè ant lang kreyòl ak franse nan peyi a. Yon lagè anplis nou p ap bezwen, yon gè ki p ap mennen nou okenn kote… »

E poutan non lèt ki nan Chante Alfabè Kreyòl La 100% koresponn a son tout lèt nan alfabè kreyòl la alòs ke gen plizyè non lèt nan alfabe franse a (tankou non lèt <c>, <h>, <g>, <w>, <z>) ki pa koresponn ditou pyès ak son lèt nan alfabè kreyòl la.  Sa ki pi rèd, lè AKA, nan suiv modèl lang franse a nan 2yèm Rezolisyon sa a, chwazi non « nge » pou grafèm <ng>, non sa a antre an vyolasyon dirèk kont chapant fonetik lang kreyòl la.

Tanpri, Lektè, al fouye zo nan kalalou Chante Alfabè Kreyòl La pou n wè se AKA k ap fè lagè kont lang kreyòl la lè li mare lonbrik 2yèm Rezolisyon AKA ak lang franse a :

Nesesite pou n bay grafi kreyòl la pi plis jarèt

Kounye a, fòk nou raple tematik nimewo 2 Revi Rechèch Etid Kreyòl (REK) la, kote atik Pwòf DeGraff la parèt, chita sou tèm « Kreyòl, edikasyon ak devlòpman » ki koresponn ak tematik AKA chwazi pou « Mwa lang ak kilti kreyòl 2023 ». Tematik AKA chwazi a se: « Lang Kreyòl ayisyen, yon zouti pou devlopman dirab » nan lide pou sansibilize tout moun ki enplike nan mouvman kreyòl la, ann Ayiti ak lòt bò dlo, sou wòl ak enpòtans lang nasyonal la nan batay pou atenn objektif devlopman dirab yo. Sou baz sa a, li enpòtan pou n souliye grafi ofisyèl lang kreyòl la antre nan lwa peyi a depi nan dat 31 janvye 1980. Jounen jodi a, 43 lane apre piblikasyon grafi ofisyèl kreyòl la, pifò popilasyon an pa konn egzakteman sa ki ladan l. Ata pami sila yo ki pase lekòl, sanble pifò ladan yo pa konnen konbyen lèt e ki lèt ki nan alfabè kreyòl la, poutan yo ka resite alfabè franse a pa kè kon jako repèt. E poutan alfabè kreyòl la se youn nan alfabè ki pi senp e ki pi lojik pami sila yo ki deja egziste sou latè beni. Pa egzanp, alfabè kreyòl la lontan pi senp e pi lojik pase ni alfabè franse a, ni alfabè angle a.

Youn nan rezon ki lakoz iyorans sa a konsènan grafi kreyòl la se paske, rive jounen jodi a, leta pa ko janm envesti ase nan kanpay solid pou anseye grafi ofisyèl lang lan tou patou e nan tout nivo nan peyi a. Malgre grafi ofisyèl kreyòl 1980 an se yon grafi ki senp e lojik, sanble pifò nan manyèl lekti ak ekriti gen erè ladan konsènan kontni grafi ofisyèl sa a — ata manyèl ki pibliye an ba sipèvizyon Akademisyen nan AKA. Epi, tou, gen plizyè pwofesè kreyòl ki pa metrize grafi kreyòl la malgre senplisite l ak lojik li.

Si pa ko janm gen okenn kanpay solid pou anseye grafi kreyòl la, si manyèl kreyòl yo gen erè ladan epi si gen pwofesè kreyòl ki pa metrize grafi kreyòl la, enben, sou ki baz pou AKA ta deside gen difikilte nan grafi a ki ta mande chanjman nan alfabè a alòs ke n pa ko janm kreye bon jan zouti pou ansèyman grafi ofisyèl la tou patou nan peyi a — yon grafi ofisyèl ki deja lontan pi pèfòman pase grafi franse ak angle ?

Pa gen okenn lang sou latè beni ki gen grafi ki 100% « ideyal » — ki vle di : kèl ke swa lang lan, pa gen okenn grafi ki ka reprezante tout detay pwononsyasyon pami tout popilasyon ki pale lang sa a (an wetan Alfabè Fonetik Entènasyonal ki gen plis pase yon santèn senbòl lè n konsidere mak aksan ak mak pou tonalite).

Ki donk, li bon pou n mande tèt nou, sou plan lengwistik syantifik, ki estrateji ki ta pi enpòtan pou lidèchip AKA ta aplike nan dosye « Kreyòl, edikasyon ak devlòpman » ann Ayiti ? Èske nou dwe eseye chanje yon grafi ofisyèl ki la depi 1980 e ki deja pi djanm pase lòt grafi ti moun yo pral aprann (tankou grafi franse ak angle) ? Oswa èske nou dwe bay grafi ofisyèl kreyòl la pi plis stabilite ak rannman — egal : èske nou dwe kreye pi plis zouti ak resous, tankou Chante Alfabè Kreyòl La, pou ansèyman ak itilizasyon grafi kreyòl la sou baz solid nan lengwistik ak syans edikasyon ?

Jounen jodi a, lè n ap suiv jefò Ministè Edikasyon Nasyonal nan inisyativ « Liv Inik » an kreyòl pou lekòl fondamantal, priyorite a ta dwe pou AKA kore jefò pou pwodiksyon ak distribisyon pi plis materyèl an kreyòl, dapre grafi ofisyèl 1980 an — jan AKA te planifye fè sa nan kad Premye Rezolisyon sou Òtograf Lang Kreyòl Ayisyen.

Nan yon blòg sou Platfòm MIT-Ayiti, Pwòf Lefranc Joseph fè yon pledwaye pou tout entelektyèl nan peyi a antre nan sikui pwodiksyon materyèl an kreyòl lajman laj. Dis lane anvan sa (an 2012), Pwòf Yves Dejean (Papa Yves) te deja fè yon pledwaye nan menm sans sa a epi li te panse se AKA ki pou ta planifye estrateji ki pi pozitif nan dosye « Kreyòl, edikasyon ak devlòpman ».

Men kèk pami rekòmandasyon Pwòf Yves te fè ki ka ede AKA nan misyon l :

«…

  • Ankouraje ansèyman chapant lang kreyòl la nan lekòl primè, nan lekòl segondè, nan inivèsite e pami tout moun ki pase lekòl.
  • Ankouraje pwodiksyon syantifik an kreyòl. Ankouraje tout ekspè nan peyi a pou yo konsakre yon pati nan jefò yo ansanm ak yon pati nan rechèch yo nan vilgarizasyon konesans an kreyòl, kòm sa dwa, selon chapant fonolojik ak sentaktik lang lan.
  • Fè rechèch sou vokabilè lang lan epi pataje rechèch sa yo nan tèks ki bay esplikasyon ki senp, ki kout e ki presi.
  • Envite ekriven yo pou yo ekri tèks an kreyòl selon chapant ki deja egziste nan lang lan. Kon sa yo ka pran enspirasyon nan chante popilè, pwovèb, kont, devinèt, aktivite tou lè jou

…»

Nou espere atik Pwòf DeGraff la nan jounal REK pral motive pi plis konpatriyòt pami aktè ki nan mouvman kreyòl la pote kole ak AKA nan analize tematik sa yo ki nan 2yèm Rezolisyon AKA sou òtograf la epi raple enpòtans misyon AKA ki mande pou AKA rekonèt travay syantifik ki deja ap fèt sou lang kreyòl la. Rekonesans sa yo ava kontribye nan edikasyon gran piblik la tou, sitou sila yo nan sosyete sivil la ki angaje nan tabli fondasyon pou lekòl tèt an wo. Fondasyon sa yo dwe chita sou rechèch syantifik nan lengwistik, espesyalman sou prensip ki enpòtan nan analiz chapant lang kreyòl la ansanm ak bèl « transparans fonemik » grafi kreyòl la kote chak lèt toujou pwononse menm jan, chak son toujou ekri menm jan epi pa gen lèt ki bèbè.

Nou swete tou atik Pwòf DeGraff la ava ede Akademisyen ki nan lidèchip AKA ansanm ak sila yo ki nan Komisyon Syantifik AKA pou yo rive sèvi ak pi bon analiz lengwistik nan fason yo trete tematik ki fondamantal nan grafi kreyòl la. An n espere tou atik sa a ava enspire AKA pou yo mete pi plis priyorite sou aksyon pozitif nan sektè sa a — olye pou se men goch k ap plede defèt sa men dwat ap fè, nan lojik lave men siye a tè.

Biwo Kominikasyon MIT-Ayiti

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments