Category: san-kategori

Pratik jeton nan lekòl nan peyi d Ayiti

Diskriminasyon lengwistik se youn nan pi gwo mal k ap wonje sosyete a nan tout rakwen li. Rapò sila a prezante rezilta yon ankèt ki te fèt an liy nan yon fòmilè Google sou diskriminasyon anndan lekòl nan peyi a. Rapò sa a prezante temwayaj elèv osnon ansyen elèv lekòl kongreganis, piblik osnon layik. Temwayaj sa yo demontre nivo vyolans sikolojik ak fizik elèv yo sibi anndan sal klas yo. Vyolans sa yo kite mak sou tout aspè nan lavi yo menm apre yo fini lekòl. Viktim yo te pwopoze divès solisyon tou.

Diskou Anbasadè Ayiti nan UNESCO, Dominique Dupuy, sou enpòtans lang manman pou devlopman

Sa se diskou Dominique Dupuy, Anbasadè Ayiti nan UNESCO nan yon konferans UNESCO, nan dat 27 me 2021, sou enpòtans lang manman pou devlopman, lapè ak rekonsilyasyon. Diskou sa a se yon moman istorik nan batay pou lang manman kòm zouti pou ansèyman, liberasyon ak byennèt tou patou sou latè beni. Anbasadè Dupuy prezante yon bèl pledwaye pou majorite moun ann Ayiti k ap krebete an ba baboukèt lang franse nan lekòl tèt an ba ann Ayiti. Ekip MIT-Ayiti a disponib pou n kole zepòl ak Anbasadè a ansanm ak UNESCO pou n ede nan bati yon lekòl tèt an wo.

MIT-Ayiti : Pase, prezan epi avni

Pandan Platfòm MIT-Ayiti ap selebre yon lòt ane pwogrè, direktè kominikasyon Platfòm lan, Ezra Remer, ap gide nou nan yon pati nan chemen nou rive suiv depi lansman Platfòm rive jounen jodi a.

ONÈ, DJERIDE JEAN-BAPTISTE !

Bèl nouvèl : Gen yon nouvo Grenadye ki vin antre nan ekip k ap kore Platfòm MIT-Ayiti : Djeride Jean-Baptiste ap ede nan aktivite kominikasyon pou inisyativ la.

Platfòm MIT-Ayiti akeyi nouvo Grenadye ak Grenadyèz

Grenadyèz Laissa Moise ak Jemima Morinvil se 2 etidyan biyoloji nan pwogram lisans nan Kean University nan New Jersey. Yo se 2 premye etidyan k ap travay kòm etidyan / apranti sou Platfòm MIT-Ayiti. Ezra Remer ak Djeride Jean-Baptiste se 2 nouvo Grenadye sou Platfòm lan — y ap ede nan kominikasyon.

Pwof Abdias Augustin

Pwofesè Abdias Augustin se enjenyè elektromekanisyen e li se yon chimis tou. Li anseye nan fakilte syans yo, nan Inivèsite Leta d Ayiti. Li anseye kou sou aparèy yo itilize pou fè analiz chimi. Li anseye nan lòt fakilte tou. Epi tou, Pwòf Abdias se yon manm Konbit MIT-Ayiti. Videyo sa yo bay kèk egzanp […]

Zermatt Scutt ak Edisyon 2 Kreyòl Yo

Nan Platfòm MIT-Ayiti, nou rete kwè ni aprenan ni anseyan ka tou vin otè k ap ekri pwòp liv pa yo, pou kominote pa yo. Nou kontan kolabore ak patnè tankou Pwòf Zermatt Scutt nan Edisyon 2 Kreyòl Yo. Pwòf Zermatt se moun Benè. Se nan vil Jakmèl l ap viv kounye a. Li deja […]

Saïka Céus

Saïka Céus se yon otè ayisyen ki resevwa pri literè Henri Deschamps nan ane 2017 pou woman l « Tifi » ki se istwa yon restavèk. Se nan lang kreyòl la Saïka te ekri liv sa a. Nan entèvyou an ba la a, Saïka ap pale sou kesyon ki lang ki te plis atire l […]