Onè, Glordens Cenat !

Glordens Cenat

Bèl nouvèl ! Gen yon nouvo Grenadye ki vin antre nan ekip k ap kore Platfòm MIT-Ayiti : Glordens Cenat ki se yon etidyan nan Kean University, New Jersey, e k ap patisipe nan yon pwogram entèna Kean / MIT-Ayiti .

Glordens se moun Kafou, Ayiti, natif natal. Aprè etid klasik li nan Collège Secondaire de Carrefour, li te fè yon kout pye nan Faculté de Droit et des Sciences Economiques pou yon lane. Li te lage opsyon dwa a pou l te al etidye lang anglè nan Institut Haïtiano-Américain en 2001 e se nan menm ane sa a li pral antre nan Faculté de Linguistique Appliquée. Glordens te reve yon karyè nan lengwistik ; men, sitiyasyon politik peyi a ak evènman lane 2004 yo pral fè li pa kontinye ak etid li nan lengwistik. Men, pasyon li genyen pou lang, espesyalman lang kreyòl la, pa janm sispann grandi.

Se kon sa Glordens te lanse l nan ansèyman. Pandan plizyè ane, li te pwofesè lang anglè ak kreyòl nan plizyè lekòl segondè nan Kafou. Apre l kite peyi d Ayiti pou l al viv lòt bò dlo, li lanse l nan teknoloji ki se yon lòt pasyon l. Kounye a, Glordens se etidyan nan dènye ane nan Kean University. L ap gradye ak yon diplòm nan Teknoloji Enfòmatik nan mwa me 2022.

Glordens vle kontinye etid li nan teknoloji. Li vle itilize sa l aprann yo pou l sèvi peyi l, Ayiti, nan domèn edikasyon. Glordens kontan travay kòm Grenadye nan ekip MIT-Ayiti a pou l kontribye nan kokenn chenn travay sa a pou tabli yon lekòl tout bon ann Ayiti — yon lekòl tèt an wo pou peyi tèt an wo !

Remak

Abone
Anonse
guest
1 Remak
Inline Feedbacks
View all comments
Glordens Cenat

Bon bagay !