Onè pou Luckenson Augustin !

Luckenson Augustin

Bèl nouvèl : Gen yon nouvo Grenadye ki antre nan ekip la k ap kore Platfòm MIT-Ayiti : Luckenson AUGUSTIN. Grenadye Luckenson pral ede nan aktivite revizyon ak piblikasyon resous ki pral pibliye sou Platfòm lan.

Luckenson fèt Pòtoprens nan dat 11 novanm 1993. Manman l ak papa l se moun Tibiwon, dènye pwent Sid la. Li fè primè Lekòl Divinité de Jésus (1999-2005), segondè nan Lise Anténor Firmin (2005-2012), epi li etidye jeni elektwomekanik nan Fakilte Syans (Inivèsite Leta Ayiti, pwomosyon 2012-2017).

Tou suit apre, li te kòmanse pote sipò li nan SOGENER kòm enjenyè nan depatman mekanik. Se la li pran esperyans sou motè dyezèl ak fonksyònman yon santral elektrik tèmik jouk janvye 2020. Nan mwa jen 2020, li t ap pral kontinye nan Elektrisite d Ayiti nan menm pòs la. Nan menm peryòd sa a, li te entegre divès konbit ki te vize bay lang kreyòl la jarèt atravè divès platfòm, tankou Korije Fot Wobo kote l se manm fondatè, Kreyòl An Nou, kote l se youn nan administratè yo, epi Eritaj Kilti Kreyòl kote li te kolabore nan emisyon Parantèz Kiltirèl.

Pandan ane 2022 a, Luckenson entegre Inivèsite Nasyonal Otonòm Meksik kote l kòmanse yon Mastè nan sistèm enèjetik.

Kòm yon militan kreyolis ki apresye travay MIT-Ayiti ap fè kont gwojemoni lengwistik nan peyi d Ayiti, li rejwenn ekip la pou l ka kontinye travay li te deja kòmanse ak mouvman Korije Fot Wobo.

Remak

Abone
Anonse
guest
3 Remak
Inline Feedbacks
View all comments
Edwidge SYLVAIN

Gwo kout chapo pou ou kamarad. Kontinye travay la, kontinye kònen lanbi lang kreyòl ayisyen an jouk li rive jwenn zòrèy sila yo kap viv byen lwen, sila yo ki gentan travèse ak sila yo ki nan ginen! Ewa pou ou zantray!!!!

Donald Louis Jean

Pouse bourik ou kanmarad!
Depi se pou byennèt Ayiti ak plezi w kontinye vanse.
Lizay!

Jean Renald GETTY

Map di Ayibobo ak Grenadye Luckenson AUGUSTIN ki aksepte nan rantre batay pou bay jaret ak lang kreyol la. Map ankouraje l kenbe la epi mwen tou pwofite ankouraje tout ayisyen menm jan ave m pou bay jaret ak lang kreyol la.