Category: san-kategori

Saïka Céus

Saïka Céus se yon otè ayisyen ki resevwa pri literè Henri Deschamps nan ane 2017 pou woman l « Tifi » ki se istwa yon restavèk. Se nan lang kreyòl la Saïka te ekri liv sa a. Nan entèvyou an ba la a, Saïka ap pale sou kesyon ki lang ki te plis atire l […]

Pwòf Guerda Jean-Guillaume

Nan videyo sa a, nou ka tande Pwofesè Guerda Jean-Guillaume k ap brase lide sou kèk konsèp fondamantal konsènan aprantisaj aktif nan kad ansèyman matematik ann Ayiti. Pwòf Guerda se pwofesè nan syans edikasyon nan « Centre de recherche et de formation en sciences de l’éducation et d’intervention psychologique » (CREFI). Li se yon manm […]

Pwòf Jean Genis Dorvilien

Videyo sa a ap kontinye seri entèvansyon edikatè Grenadye / Grenadyèz k ap kontribye nan konbit sou Platfòm MIT-Ayiti. Nou kontan prezante Pwof Jean Genis Dorvilien ki se anseyan matematik nan Kolèj Catts Pressoir e nan Lise Site Solèy. E nou kontan tou paske Platfòm MIT-Ayiti ap pataje leson Pwòf Dorvilien sou fonksyon kontini. Klike […]

Twa wòch dife pou bon jan edikasyon ak inovasyon

Inisyativ MIT-Ayiti konbine tou lè twa faktè sa yo (lang matènèl, aprantisaj entèraktif, teknoloji) pou n modènize epi demokratize sistèm edikatif ayisyen an pou n mennen l nan direksyon yon edikasyon ki gen bon kalite pou tout moun. An nou entèprete pawòl « tout moun » sa a nan yon sans ki lajman laj nèt — san nou pa […]

An nou sèvi ak lang kreyòl la pou bon jan edikasyon ak rechèch ann Ayiti.

Lengwis Michel DeGraff se manm fondatè Akademi Kreyòl Ayisyen e se youn nan lidè Inisyativ MIT-Ayiti. Nan atik sa a, li analize relasyon ki egziste ant fòs pouvwa ak pwodiksyon konesans tou patou sou latè. Epi li gade ki jan nou ka kraze baryè ki pwoteje enterè yon ti klas lelit e ki anpeche mas […]

Jounen Mondyal Lang Kreyòl

Tèks sa a se yon chita pale ant Rosny Ladouceur (jounalis nan LOOP Haïti) ak Michel DeGraff (lengwis nan MIT, fondatè Inisyativ MIT-Ayiti, Akademisyen nan Akademi Kreyòl Ayisyen). Tanpri, pataje atik sa a chak 28 oktòb ki se Jounen Mondyal Lang Kreyòl oubyen chak jou Bondye mete — pou mouvman kreyòl la vanse. Atik sa […]