Pwòf Guerda Jean-Guillaume

Nan videyo sa a, nou ka tande Pwofesè Guerda Jean-Guillaume k ap brase lide sou kèk konsèp fondamantal konsènan aprantisaj aktif nan kad ansèyman matematik ann Ayiti. Pwòf Guerda se pwofesè nan syans edikasyon nan « Centre de recherche et de formation en sciences de l’éducation et d’intervention psychologique » (CREFI). Li se yon manm Konbit MIT-Ayiti tou. Nou fèk pibliye yon leson Pwòf Guerda sou paralelogram. N ap jwenn leson sa a sou paj sa a nan Platfòm lan. Se Kendy Vérilus ki filme videyo sa a.

Telechaje Entevyou Guerda.mp4

Remak

Abone
Anonse
guest
2 Remak
Inline Feedbacks
View all comments
Syndicat REFERANS

Mwen twouve Mit–Ayiti se yon gwo gwo koze .
L ap ede nou soti nan esklav mantal nan fason l af fè syans nan lang manman n ak papa n ki se keyòl.
Kenbe la!
REFERANS ki se sendika lekól fondamantal peyi d Ayiti a ankouraje l nan sans sa a.

Michel DeGraff

Bonjou Sendika REFERANS ! Mèsi anpil pou ankourajman sa a. N apresye patisipasyon REFERANS nan konbit la. Men anpil, chay pa lou ! Ankouraje. ✊???