Twa wòch dife pou bon jan edikasyon ak inovasyon

Inisyativ MIT-Ayiti konbine tou lè twa faktè sa yo (lang matènèl, aprantisaj entèraktif, teknoloji) pou n modènize epi demokratize sistèm edikatif ayisyen an pou n mennen l nan direksyon yon edikasyon ki gen bon kalite pou tout moun. An nou entèprete pawòl « tout moun » sa a nan yon sans ki lajman laj nèt — san nou pa mete okenn klas sosyal, okenn rejyon nan peyi a sou kote.

Lang matènèl : Avantaj bab e moustach pou ansèyman ak aprantisaj

Ayiti ap fè fas kare avèk yon pwoblèm pedagojik — ki vin grefe sou move chwa lengwistik nan sistèm lekòl la. Lè yon ti moun pa ka konprann sa l ap etidye a, trè souvan l oblije vin tonbe nan memorize tankou jako repèt, san kreyativite, san lajwa, san okenn koneksyon ant sa ki nan liv la epi sa ti moun lan ap viv nan lavi tou lè jou li. Nou wè move kalite aprantisaj sa a tou patou ann Ayiti nan majorite lekòl yo — kit se « lekòl bòlèt » yo, kit se sa yo rele « bon lekòl ».

Se an kreyòl sèlman nou ka reyalize aprantisaj entèraktif pou tout ti moun ann Ayiti san diskriminasyon. Kon sa, plis ti moun va rive jwenn pi bon opòtinite pou yo reyisi nan lekòl ak nan lavi yo tou. Se pou sa nou mete tout zouti ak resous nan Inisyativ MIT­-Ayiti an kreyòl : pou zouti sa yo ka rive rele anseyan ak etidyan « chè mèt, chè metrès ». Lè etidyan aprann nan lang matènèl yo, sa pèmèt yo fè refleksyon ki pi djanm e ki gen nanm. E sa ede yo devlope konsèp ak lide ki pi solid. Se kon sa Inisyativ MIT-Ayiti vin devlope yon seri resous ansanm ak zouti nimerik an kreyòl. Zouti sa yo ap kore aprantisaj entèraktif nan disiplin S.T.En.M. yo epi y ap ede nou fè fòmasyon pou pwofesè inivèsite ak anseyan lekòl segondè nan itilizasyon teknik aprantisaj entèraktif.  Wi, mak fabrik Inisyativ la chita sou lang matènèl sa a ke tout ti moun pataje ann Ayiti. Epi se lang matènèl la ki nan nannan pedagoji ki mache ak aprantisaj entèraktif ki pou ede ti moun yo vin kreyatif nan sa y ap aprann lan.

Ki sa « aprantisaj entèraktif » vle di ? Ki jan teknoloji ka ede ?

Enben, « aprantisaj entèraktif » se lè etidyan yo ap aprann pandan y ap bati pwòp konesans yo. Kon sa, yo fè aktivite ki chita sou travo pratik, sou rechèch, sou esperimantasyon ak dekouvèt, sou patisipasyon ak kolaborasyon, sou brase lide an gwoup, e latriye.

Pou n pwofonde konsèp « aprantisaj entèraktif » la, an nou gade aktivite k ap fèt ann Ayiti nan seminè fòmasyon MIT­-Ayiti sa yo pou anseyan nan nivo lekòl segondè ak inivèsite. Anseyan k ap anime atelye fòmasyon yo (ayisyen natif­natal tankou pwofesè etranje yo) chofe nèt paske yo wè jan yo ka amelyore ansèyman ak aprantisaj lè zouti nimerik ak lòt bon jan materyèl edikatif vin makonnen ak lang matènèl ti moun yo.

Zouti nimerik yo se tankou laboratwa « vityèl » sou òdinatè ki ka sèvi pou travo pratik nan inivèsite ak lekòl segondè ki pa ko rive jwenn laboratwa « reyèl » pou S.T.En.M.

Epi tou, lè nou di « teknoloji », nou pa sèlman ap pale de teknoloji sou òdinatè. Nou sèvi tou ak lòt teknoloji ki pa mande ni kouran, ni aparèy elektwonik. Sa enpòtan anpil pou n byen konprann ke aprantisaj entèraktif pa oblije sèvi ak aparèy ki mande gwo depans oswa sikui elektwonik ak kouran. Wi, atelye MIT-Ayiti yo sèvi tou ak materyèl ki pa bezwen ni elektrisite, ni òdinatè e ki disponib fasil : dlo, sèl, elastik, resò, wòch, gode, tiyo, fil, mab, e latriye. Materyèl sa yo ka kreye « laboratwa bon mache » ki disponib tout kote nan peyi a e ki chita sou kilti ti moun yo [5].

Men yon egzanp twa wòch dife.

Telechaje Prof. AUGUSTIN & THOMAS montre wol Kreyol ak teknoloji nan aprantisaj aktif sou syans fizik.mp4

Men yon demonstrasyon sou pedagoji patisipatif.

Telechaje pwof_adler_thomas__pedagoji_patisipatif.mp4

Lè etidyan yo angaje tèt yo nan travo pratik an kreyòl, sa dwe kaba move abitid etidye pa kè tankou jako repèt san konprann. Travo pratik sa yo ede etidyan yo mete lespri yo nèt sou matyè y ap aprann lan.

An final

Mete sou sa, resous edikatif MIT yo ansanm ak atelye MIT-Ayiti yo vin ede nan devlopman leksik syantifik an kreyòl. Sa vin ranfòse kapasite vokabilè lang kreyòl la pandan n ap amelyore kalite ansèyman ann Ayiti. Sa tou vin bay lang kreyòl la pi plis prestij pandan n ap ede popilasyon an vin jwenn pi plis konesans sou konsèp syantifik nan lang nasyonal nou an — yon lang ke twòp moun toujou ap meprize akoz anpil vye prejije. Bay kreyòl la plis prestij se yon jefò ki enpòtan pou n bati yon nasyon ki fyè de lang nasyonal li e de tou sa li ye — pou n bati yon nasyon ki gen konfyans nan tèt li, pou peyi a ka devlope san fòs kote.

Kòm Inisyativ la fè seminè yo an kreyòl avèk materyèl an kreyòl, travay sa a deja ap ogmante enpòtans senbolik, entèlektyèl ak sosyo-ekonomik lang kreyòl la. Nou deja wè rezilta sa yo nan nivo patisipasyon anseyan yo, nan fidbak ke yo deja ap ban nou nan sondaj ke n ap fè avè yo depi 2012 epi nan kantite patisipan k ap kontinye vin pran fòmasyon nan Atelye MIT-Ayiti yo. Gen omwen 100 nan patisipan sa yo ki patisipe nan 2 oswa plis atelye.

Se lè yo gen fondasyon kognitif ki byen djanm, ak konfyans nan tèt yo ansanm ak fyète nan lang manman yo, se lè sa a etidyan yo ava jwenn bon jan kapasite pou yo briye nan tout kalte domèn akademik — epi y ap gen pi bon fondasyon pou yo vin maton e pou yo devlope konesans, san konplèks, nan lòt lang tankou franse, angle ak espayòl. Se kon sa Inisyativ MIT-Ayiti angaje Ayiti sou chimen yon edikasyon ki gen kalite pou tout moun e sou chimen rechèch ak inovasyon. Sa se yon chimen ki pou fè Ayiti vin yon Ayiti tou nèf, yon Ayiti ki pi fò, ki pi kreyatif, ki pi dinamik — yon nasyon ki pi fyè de kilti l ak idantite l.


Atik sa a se yon ekstrè yon tèks Michel DeGraff ki te parèt nan jounal Asosyasyon Etid Ayisyen (HSA) an 2016.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments