Pwof Abdias Augustin

Pwofesè Abdias Augustin se enjenyè elektromekanisyen e li se yon chimis tou. Li anseye nan fakilte syans yo, nan Inivèsite Leta d Ayiti. Li anseye kou sou aparèy yo itilize pou fè analiz chimi. Li anseye nan lòt fakilte tou. Epi tou, Pwòf Abdias se yon manm Konbit MIT-Ayiti. Videyo sa yo bay kèk egzanp aktivite Konbit la sou Kanpis Henry Christophe Inivèsite Leta d Ayiti nan Limonad. Epi n ap tou wè Pwòf Abdias ansanm ak kèk lòt Grenadye ann aksyon pou yo mete lekòl yo tèt an wo. N ap remèsye Pwòf Abdias pou kontribisyon l sou Platfòm MIT-Ayiti a.

Remak

Abone
Anonse
guest
2 Remak
Inline Feedbacks
View all comments
Ogé SAINT-FAR

Se yon bon inisyativ e mwen bat bravo pou 2 pwofesè, ansyen kamarad mwen sa yo. Aprann timoun yo nan lang kreyòl se pi bon mwayen pou yo kenbe sa yo aprann lan pou lavi. E se pa jodi a ke inisyativ sa yo kòmanse. Mwen te eksperimante li nan lane 2007-2008 ak yon gwoup ameriken ki soti nan inivèsite MIssouri e nou te rive mete plizyè lekòl sou pye nan lang kreyòl. Mwen felisite ak ankouraje inisyativ sa a epi swete li rive pote chanjman ke sosyete a bezwen pou li pran wout chanjman an. Bravo ak tout ekip… Li plis &raquo:

Michel DeGraff

Mèsi anpil pou bèl ankourajman sa a. Se yon travay « men anpil, chay pa lou ». Epi « ti pil fè gwo pil ». Ki donk n ap kontan resevwa kontribisyon pa w tou : http://MIT-Ayiti.NET/sa-n-ap-fe