MIT-Ayiti : Pase, prezan epi avni

Pandan Platfòm MIT-Ayiti ap selebre yon lòt ane pwogrè, direktè kominikasyon Platfòm lan, Ezra Remer, ap gide nou nan yon pati nan chemen nou rive suiv depi lansman Platfòm rive jounen jodi a.

Nan premye videyo ki an ba la a, Ezra pale sou pwòp esperyans pèsonèl pa li ak kreyòl ayisyen epi li esplike ki jan l wè enpòtans Inisyativ MIT-Ayiti a. Nan dezyèm videyo a, Ezra analize done estatistik ke l jwenn nan Google Analytics konsènan itilizasyon Platfòm MIT-Ayiti pandan ane ki sot pase a. Tou lè de videyo sa yo ap ede n dokimante pwogrè Platfòm la depi lansman li an septanm 2019 ansanm ak avantaj bab e moustach l ap pote pou aprenan ak anseyan ki pale kreyòl. Nou espere ou menm tou ava antre nan bèl konbit sa a. Men anpil, chay pa lou !

Remak

Abone
Anonse
guest
1 Remak
Inline Feedbacks
View all comments
Joseph Sauveut

Bon bagay!