ONÈ, DJERIDE JEAN-BAPTISTE !

Djeride Jean-Baptiste

Bèl nouvèl : Gen yon nouvo Grenadye ki vin antre nan ekip k ap kore Platfòm MIT-Ayiti : Djeride Jean-Baptiste ap ede nan aktivite kominikasyon pou inisyativ la.

Djeride se moun Bonbadopolis. Lè l te gen 15 lane, li te antre Pòtoprens pou etid klasik li. Aprè li te fin fè klas filo nan lise Anténor Firmin, li te antre nan Inivèsite Notre Dame pou l etidye Syans Edikasyon. Apre sa, li te ale Sen Domeng pou l etidye Filozofi ak Syans Moun. Se la li fè yon lisans nan Filozofi.

Nan travay final li pou lisans nan Filozofi, li prezante yon tèz ki ka sèvi nan pledwaye pou tout moun jwenn edikasyon ann Ayiti. Li te fè rechèch sa a nan kad reklamasyon pou jistis sosyal dapre teyori filozòf ameriken John Rawls. Djeride renmen edikasyon anpil. Epi tou, li entèrese nan literati. Li valorize kapasite chak moun genyen pou nouri imajinasyon yo.

Djeride renmen teknoloji tou — paske sa ka ede n kreye epi transfòme anviwonnman nou. Djeride renmen lavi e li panse nou dwe travay pi plis pou tout moun sou latè rive viv byen. Pi gwo rèv li se pou tout jèn peyi d Ayiti rive jwenn bon jan fòmasyon akademik ak pwofesyonèl.

Se pa ti kontan nou kontan akeyi ekspètiz ak vizyon Djeride nan ekip nou. « Men anpil, chay pa lou ! »

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments