Entèvyou ak Roseny Blanca

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Se Roseny Blanca ki ofri nou Liv Trapèz  ki se yon bèl entwodiksyon nan fè pwezi.  Liv la rele « Liv Trapèz » paske Roseny mete powèm li yo nan yon liv ke n ka bati nan fòm trapèz. Sa se yon bèl envitasyon pou aprenan yo tou aplike kèk konsèp jeyometri nan fabrikasyon liv la.  Epi tou, Roseny se otè yon dividal zouti ak jwèt sou paj entènèt li : http://voyageonslocal.blogspot.com/ . Kit se kont chante, kit se soupla, kit se tim tim, kit se pawoli, kit se tèks orijinal nan nenpòt ki domenn, se tout okazyon ki bon pou n valorize lang kreyòl la e pwofonde konpetans nou ladan.

Grenadyèz Laissa Moïse ak Jemima Morinvil te fè yon chita pale ak Roseny Blanca nan kad yon seri entèvyou ak plizyè atis ki tou ofri nou yon bann ak yon pakèt bèl lide sou divès kalte atizay.  Atis sa yo ban nou bèl diplis sou plan leson ke Jemima ak Laissa te devlope kòm resous siplemantè sou konsèp atizay ki mache ak Liv Trapèz.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments