Entèvyou ak Ulrick Jean-Pierre

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Atis Ulrick Jean-Pierre te chita pale ak Grenadyèz Laissa Moïse ansanm ak Jemima Morinvil nan kad yon seri entèvyou ak plizyè atis ki tou ofri nou yon bann ak yon pakèt bèl lide sou divès kalte atizay.  Atis sa yo ban nou bèl diplis sou plan leson ke Jemima ak Laissa te devlope kòm resous siplemantè sou konsèp atizay ki mache ak Liv Trapèz Roseny Blanca (Voyageons Local).

Ki moun ki Ulrick Jean-Pierre ? Ulrick se yon atis pent ki sèvi ak zèv atistik li pou l tabli koneksyon kiltirèl ant Ayiti ak Nouvèl Òleyan. Epi tou, tablo li yo trase etap enpòtan nan istwa peyi d Ayiti, espesyalman nan peryòd revolisyon 1791–1803 lè zansèt nou yo te leve vwa yo ansanm ak zam yo pou yo di byen fò: « Tout moun se moun » #BlackLivesMatter (byen lontan anvan sa te tounen yon achtag). Tablo li yo chaje ak fyète ansanm ak espirityalite. Lè l te ti kat kat, Ulrick te gen yon tonton l, Louius Jean-Louis, ki te konn fè eskilpti e ki te premye enspire l fè atizay. Se kon sa l te kòmanse fè desen depi l te gen katr an, epi li te antre nan penti a sèz an. Apre l te fini ak lekòl segondè, li vin tounen apranti nan atelye atis pent Lavorancy Exumé ak René Exumé nan Le Foyer des Arts Plastiques ann Ayiti. Apre sa, li te vin jwenn opòtinite pou l pwofonde etid atizay li nan University of the Arts ak Philadelphia College of Arts (Fleisher Memorial School for the Arts) nan Filadelfi, Pennsilvani, oz Etazini. Se nan mitan ane 1990 yo Ulrick demenaje vin rete nan Nouvèl Òleyan. Li kreye divès kalte penti soti nan mòd sireyalis rive nan mòd pòtre tradisyonèl. Se depi 1975 Ulrick Jean-Pierre ap fè espozisyon, prezantasyon ak aktivite atistik.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments