Entèvyou ak BIC Tizon Dife

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Sanba BIC Tizon Dife te chita pale ak Grenadyèz Laissa Moïse ansanm ak Jemima Morinvil nan kad yon seri entèvyou ak plizyè atis ki tou ofri nou yon bann ak yon pakèt bèl lide sou divès kalte atizay. Atis sa yo ban nou bèl diplis sou plan leson ke Jemima ak Laissa te devlope kòm resous siplemantè sou konsèp atizay ki mache ak Liv Trapèz Roseny Blanca (Voyageons Local).

BIC Tizon Dife (Roosevelt SAILLANT) se yon Ayisyen natif natal. Se yon powèt, konpozitè, chantè e aranjè ki kòmanse karyè li nan lane 2000 ak yon gwoup ki te rele « Flex ». Avèk Flex, atis la te reyalize yon albòm ki te rele Pouki ansanm ak plizyè videyo. An 2005, BIC kòmanse yon karyè solo k ap rapousuiv rive jounen jodi a. Li fè anpil prestasyon nan tout kwen nan peyi d Ayiti ak anpil lòt kote aletranje tankou Etazini, Kanada, Lafrans, Bèljik, Mawòk, Ameni, Roumani, Chili… Nan 20 lane karyè, atis la reyalize 8 albòm : Pouki ; Wow ; Plus loin ; Kreyòl chante, kreyòl konprann (Volim 1) ; Kreyòl chante, kreyòl konprann (Volim 2) ; Recto-Vèso ; Vokabi-lari ; BICsyonè.

BIC se yon atis ki angaje tèt li nan batay pou chanje kondisyon lavi moun nan peyi l. Jodi a, gen aprenan nan lekòl ak inivèsite ann Ayiti k ap etidye tèks atis la. Nou jwenn tèks sa yo nan manyèl pou ansèyman kreyòl e nan egzamen bakaloreya sou literati kreyòl. Epi tou, gen etidyan ak pwofesè nan inivèsite aletranje k ap etidye tèks BIC. Pa egzanp, oz Etazini, gen Pwòf Michel DeGraff nan Massachusetts Institute of Technology (MIT) nan Boston ak Pwòf Rebecca Dirksen nan Indiana University nan eta Indiana ki fè rechèch ak seminè kote yo analize angajman BIC nan atizay ak chanjman sosyal ann Ayiti. Se kon sa BIC Tizon Dife vin antre nan atik syantifik ak liv sou mizik, mizikoloji, edikasyon, lengwistik epi istwa ak politik ann Ayiti.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments