Entèvyou ak Danielle Legros Georges

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Powèt Danielle Legros Georges te chita pale ak Grenadyèz Laissa Moïse ansanm ak Jemima Morinvil nan kad yon seri entèvyou ak plizyè atis ki tou ofri nou yon bann ak yon pakèt bèl lide sou divès kalte atizay.  Atis sa yo ban nou bèl diplis sou plan leson ke Jemima ak Laissa te devlope kòm resous siplemantè sou konsèp atizay ki mache ak Liv Trapèz Roseny Blanca (Voyageons Local).

Danielle Legros Georges te fèt nan vil Gonayiv ann Ayiti. Li se ekriven, tradiktè, pwofesè.  Li ekri plizyè liv pwezi. Pami yo, nou jwenn : The Dear Remote Nearness of You ki te genyen konkou Sheila Margaret Motten nan Klib Powèt Nouvèl Angletè (New England Poetry Club). Li se direktè pwogram metriz nan Atizay Literè nan Lesley University.  Epi tou, li se pwofesè nan Joiner Institute for the Study of War and Social Consequences nan University of Massachusetts nan Boston.  Pami rekonpans li resevwa pou travay li, an n site bous ki soti nan Massachusetts Cultural Council, Boston Foundation, ak Black Metropolis Research Consortium.  Soti 2015 rive 2019, Danielle te jwe wòl Powèt Loreya nan vil Boston. Li se 2èm powèt ki te jwenn bèl akolad sa a.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments