Fatra tounen trezò

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Grenadyèz yo, Jemima ak Laissa, kreye yon nouvo plan leson « Fatra tounen trezò ». Kounye a, Ayiti ap goumen yon kriz fatra. Leson sa a bay yon metòd pou itilize Siprasiklaj pou n eseye rezoud kriz sa a. Leson sa a, sou Siprasiklaj, se yon ajou sou leson « Jesyon dechè solid » la.

Siprasiklaj se metòd pou n reyitilize objè oswa materyèl ke yo fin jete yon fason pou n kreye pwodui ki gen pibon kalite oswa pi plis valè pase sa ki te la anvan an.

Leson

  • Pataje dyapo Jesyon dechè solid ak ti moun yo.
  • Ankouraje elèv yo pou yo kreyatif nan reflechi sou fason yo ka fè siprasiklaj.
  • Lè w fini, al fouye zo nan kalalou konsèp ki nan dyapo « Fatra tounen trezò »

Pwojè

  • Fè ti moun yo kolekte fatra ki resiklab oz alantou lekòl la oswa nan kominote yo epi fè yo fè yon pwojè siprasiklaj kote y ap sèvi avèk fatra sèlman.
  • Fè yo ekri yon rapò pou yo prezante nan klas la.  Rapò a dwe gen enfòmasyon sa yo ladan :
    • Ki kote yo te ranmase fatra a ?
    • Ki materyèl ki gen ladan ?
    • Ki jan ou te santi w lè w te kreye pwojè sa a ?
    • Ki jan sa ka benefisye ou menm ak kominote pa w la ?

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments