N ap li Maurice Sixto : Gwo Moso

Comment Icon 3 Favorite Icon 0

Se Ethson Otilien ki ekri leson sa a. Li anseye franse, analiz diskou, semiyotik ak analiz tèks kreyòl nan plizyè inivèsite ann Ayiti. Nou di Fondation Maurice A. Sixto mèsi dèske yo ban nou dwa pibliye odyo lodyans yo pou moun ka telechaje yo.

Leson sa a mande elèv yo reflechi sou istwa « Gwo Moso » li. Depi w renmen l, ou genlè w ap tou renmen leson Ethson Otilien te prepare sou lodyans « Tant Mezi » a.

Leson sa a vini an 4 pati. Men yon dokiman kote tout pati leson sa a kole ansanm ; n ap prezante yo grenn pa grenn an ba la a.

Men odyo lodyans lan. Se pou timoun yo koute odyo sa a anvan yo antre nan materyèl didaktik la.

1. Men yon ti bout pou nou anmize nou : Timoun yo ka gade ekstrè sa a pandan y ap tande Sixto pou yo ka suiv egzakteman ki sa l ap di nan kòmansman an.

Ekstre - Gwo Moso - Ethson.pdf

2. Apre sa, men detay yo dwe sonje nan lodyans yo sot tande a :

Telechaje Gwo Moso - Sa nou dwe sonje - Ethson.pdf

3. Leksik sa a ka ede yo konprann vokabilè lodyans lan :

Leksik - Gwo Moso - Ethson.pdf

4. Kounye a, yo pare pou yo reflechi sou istwa a :

Telechaje Gwo Moso - An n reflechi - Ethson.pdf

Remak

Abone
Anonse
guest
3 Remak
Inline Feedbacks
View all comments
PatrickAYITI

Bravo pwofesè pou kalte travay sa.

Zdswc

Mèsi anpil. N ap kontinye travay

Jean kepler adema

Tèxte de Maurice sixto