Twa fason pou li yon liv

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Se Genise Vertus, yon edikatè ayisyen ki grandi oz Etazini, ki prepare postè ak fich sa yo. Nan materyèl sa yo, Genise ap envite nou sèvi ak plizyè estrateji pou n ede ti moun yo angaje tèt yo nan aprantisaj lekti. Pa egzanp, menm ti moun ki pa ko konn idantifye lèt ak mo ka gade imaj sa yo oswa yo ka sèvi ak pwòp mo pa yo pou yo rakonte istwa ki nan tèks la.

Telechaje Postè nòt kat 3 fason pou li yon liv.pdf

Genise Vertus se yon edikatè Ayisyen k ap viv nan vil Miyami, nan eta Florid oz Etazini. Genise renmen ekri liv pou ti moun. Li gen 2 diplòm lisans University of Miami : youn nan sikoloji epi yon lòt nan etid sou desandan afriken nan zòn Karayib la. Epi tou, Genise gen yon diplòm metriz (University of Georgia) nan syans devlòpman pou ti moun ak fanmi yo. Genise anseye nan klas 1e Ane Fondamantal nan Miyami.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments