« Kwè m si w vle ! Ou pa bezwen pè vòlè yo ak mechan yo. Pito w pè moun ki onèt ; men, ki manke konprann. Paske moun sa a gen bon volonte, li swete fè byen, tout moun fè l konfyans ; men, malerezman, metòd li yo pa fouti bay bon rezilta. »
Ferdinando Galiani, ekonomis italyen, 1770
« Moun movèz fwa yo ka fè dega, se vre ; men, pi gwo tò a, se lè se yon bon moun ki fè l. »
Friedrich Nietzsche, 1885
Lè bon konsèy tounen mechanste
Nan mwa me 2003, m te nan peyi Tanzani, nan yon vil ki rele Awoucha. M te la pou m bay yon konferans sou mondyalizasyon ak komès lib devan Palman Afrik Lès la (yon palman ki reprezante twa peyi : Kenya, Ouganda ak Tanzani). Pandan m te sou podyòm lan ap feyte nòt mwen yo ann atandan yo ban m pale, gen yon jeneral nan lame Tanzani ki te yon manm palman an tou ki vin kote m. Misye di m kon sa : « Mwen li tèks ou a, wi. M gen yon sèl grenn kesyon : Èske se espre yo fè lè yo apovri nou kon sa ? ». Reyinyon an te fèt an ba yon gwo tant, nan yon ansyen plantasyon kafe ki t ap soufri akòz pri kafe a ki t ap bese. Apre peyi sa yo te pran endepandans yo, yo te resi monte kèk ti endistri ; men, kounye a, pi fò nan izin sa yo t ap disparèt akòz politik « ajisteman estriktirèl » enstitisyon Wachingtonn yo t ap enpoze yo.
Mwen te reponn misye kon sa : « Bon ! Gen 2 posibilite : swa yo fè l paske yo pa konprann sa y ap fè a, swa se mechan yo mechan. Youn pa anpeche lòt ; gen dwa se tou lè 2 tou ». Jeneral la di se dout sa a l te genyen, epi li remèsye m. Yon bagay m pa t di ; men, m te ka ajoute : iyoran pa vle di inosan. Depi lè yo te jije kriminèl Nazi yo nan jijman Nourenmbèg yo, li pa akseptab pou yon moun jistifye zak li ak vye agiman sa a ki di « Se sistèm lan ki te fè m fè sa ».
Lè jeneral tanzanyen an t ap pale de jan yo apovri peyi l, li t ap pale de efè nuizib yon seri politik yo rele « Konsansis Wachingtonn ». Yo rele yo kon sa paske twa gwo enstans ki chita Wachingtonn yo — Leta ameriken, Bank Mondyal ak Fon Monetè Entenasyonal — te gen yon sèl lide nan tèt yo. Politik sa yo te parèt sou sèn lan nan lane 1990 epi yo asosye yo ak yon ekonomis ameriken ki rele John Williamson. Se te tankou yon seri kòmannman kote yo t ap fòse lòt peyi yo retire tout tarif ak pwoteksyon ki te anpeche komès lib, retire tout règleman yo, epi privatize tout bagay ki te nan men leta. Menm si se pa sa Williamson te swete, refòm Konsansis Wachingtonn yo, jan yo te egzekite yo a, te praktikman menm ak sa yo rele « neyo-liberalis » ak « fondamantalis » la ki kwè se mache a ki pral sove nou.
Souvan, yo konn rezime premye vèsyon Konsansis Washington lan ak eslogan sa a : « Regle pri yo kòm sa dwa ». Dapre apwòch sa a, si peyi pòv yo ta annik retire tout entèvansyon leta nan ekonomi an epi kite mache a fè travay li, yo t ap jwenn bon jan kwasans pou anpil tan. Kèl ke swa chapant ekonomik yon peyi, komès lib la t ap pote kwasans kanmenm. Nan chapit sa a, n ap gade jan diskou sa a chanje, depi nan moman kote l t ap klewonnen pwomès sa a nan lane 1990 jouk rive nan lane 2007.
Depi 1990, se prensip Konsansis Wachingtonn yo ki t ap mennen pandan plizyè lane nan anpil peyi. Poutan, yo pa wè kwasans yo t ap tann lan, sitou nan sans yon ogmantasyon reyèl nan salè ak kondisyon travay travayè yo. Lè yo wè sa, yo defann modèl yo a ak menm agiman sa a defansè komès lib parèy yo te konn ap itilize nan lane 1760 yo ak nan lane 1840 yo. Malgre tout pwoblèm sosyal e politik ke yo t ap pwovoke, yo te pèsiste : « A ! Se paske nou pa ko lage mache a nèt ; men, lè n fin retire dènye règleman yo, komès lib la ava montre nou sa l ka fè ». Men, popilasyon pòv yo te rive yon moman kote yo pa t ka sipòte ankò epi yo bay neyo-liberal yo presyon ak gwo manifestasyon o nivo mondyal.
Yon lòt fason defansè apwòch neyo-liberal yo te konn defann modèl yo a, se te ak vye akizasyon. Pa egzanp, premye minis Itali, Silvio Berlusconi, te konn rele tout moun ki pa dakò avè l « kominis » pou sal imaj yo. Menm jan an tou, George W. Bush, ki te kondisip mwen nan Harvard Business School nan lane 1970 yo, te itilize yon teknik kote l di se swa w avè m, se swa w ak teworis Taliban yo. O nivo ekonomik, ekivalan an se : « Swa w pou mondyalizasyon jan l ye a, swa w pou yon ekonomi planifye ». Diskou sa a te itilize ideyoloji ekonomik Gè Fwad la, kòm si echèk modèl sovyetik la te gen tan pwouve yon ekonomi ki regle sou prensip komès lib t ap tou pote lapè ak amoni pou monn lan. Lè Baryè Bèlen an te kraze a, Francis Fukuyama te deklare : « Nou rive nan bout listwa » — ki vle di : nou pa bezwen istoryen ankò.
Youn nan bagay ki te ede yo konvenk anpil moun nan epòk sa a, se te yon teyori ekonomik ki pale de mache a kòm yon enstitisyon ki bay amoni lè l aji pou kont li. Te gen ekonomis ki te travay sou teyori sa a, tankou Frank Hahn, ki te di kareman modèl matematik yo pa gen anyen pou wè ak reyalite a. Si te gen plis ekonomis ki te rekonèt sa, li t ap posib pou n te gen yon disiplin apa kote nou etidye « reyalite ekonomik » la menm. Men, sa vin difisil kounye a.
Gen lòt ekonomis, tankou William Easterly ki te gen yon gwo pòs kòm chèchè nan Bank Mondyal, ki rekonèt echèk tout $2.3 milya dola ameriken ke peyi rich yo depanse pandan senkant lane pou « ede » peyi pòv yo. Depans sila a pa t fouti kreye devlopman nan peyi sa yo. Men yo pa ko vle rekonèt nannan pwoblèm lan ki te klè pou tout moun depi nan fen lane 1400 yo jouk rive nan Plan Marshall nan lane 1947 : se pa nenpòt aktivite ekonomik ki pote devlopman ekonomik.
Gen 2 aspè ankò nan kesyon jeneral tanzanyen an te poze m lan. Youn se relasyon ki genyen ant bon volonte ak devlopman ekonomik. Pa egzanp, ki jan fè yo bay Lafrik tout èd sa a epi sa pa rive kreye richès ann Afrik ? Dezyèm kesyon an se : Ki jan fè tout moun sa yo bliye lyen ki genyen ant richès, sivilizasyon ak aktivite ekonomik ki gen nan vil yo, apre 500 lane kote tout moun te konprann sa ? E poutan George Marshall te esplike lyen sa yo klè kon dlo kokoye. Ou pa bezwen istoryen pou w konprann reyalite sa a : anpil moun ki nan pouvwa jounen jodi a te fèt nan epòk Plan Marshall la. N ap gade chak aspè sa yo apa.
Ekonomi kapitalis la ak paradòks entansyon yo
Si n vle konprann sistèm kapitalis la ak siksè ekonomi ki chita sou komès lib yo, fò n ka konprann yon seri paradòks. Jan Adam Smith esplike l, nou pa jwenn pen kotidyen nou an paske boulanje a renmen nou ; nou jwenn li paske boulanje a bezwen fè kòb. Sa k satisfè enterè nou pou n manje pen se santiman egoyis yon lòt moun ; se pa sa n ta swete, men, se kon sa l ye. Adam Smith te fè refleksyon sa a nan kad yon deba ki te genyen pandan 18yèm syèk la lè Bernard Mandeville te di, an 1705, yon vis prive kapab pote benefis piblik.
Nan deba sa a, anpil moun pa t dakò ak pozisyon ki di se vis pèsonèl ki pote benefis pou sosyete a. Nan lane 1757, Erik Pontopiddan te kritike lide sa a ak yon egzanp. Si nou konsidere vis kòm si se yon bon bagay, enben, nou ta dwe felisite yon moun ki mete dife nan yon gwo vil tankou Lond, paske, lè tout kay yo boule, anpil bòs t ap jwenn travay epi anpil moun ki vann materyo konstriksyon t ap fè lajan lè yo t ap gen pou yo rebati vil la. Men, kanmenm, nou konnen boule vil la se mechanste, li t ap fè plis tò pase byen. Finalman, deba sa yo te ede ekonomis yo presize lide a pi byen. Depi nan 18yèm syèk la, nan kontinan ewopeyen an, tout moun te sanse konprann pwoblematik sa a menm jan an (menm si nou vin bliye sa nan teyori ekonomik jodi a la). Ekonomis Pietro Verri (yon moun Milan) te byen esprime fòmil la nan lane 1771 : « Lè enterè prive chak moun mache ak enterè sosyete a, se lè sa a nou mèt asire n tout bagay ap mache byen si n parye sou enterè prive yo ». Men, sa pa vle di yo te panse enterè prive ak enterè piblik te toujou mache ansanm, otomatikman. O kontrè, sa mande yon leta ki pou tabli yon kad legal ak politik ki kreye kondisyon pou fè enterè prive yo antre nan menm liy ak enterè piblik la.
Depi n rive konprann sistèm kapitalis la kòm yon sistèm ki baze sou konpetisyon ak fòs kote epi sou konsekans ki difisil pou antisipe, olye n wè l tankou yon sistèm mache ki ideyal, n ap ka kreye politik ekonomik k ap pote bon jan rezilta. Nan vil Veniz, pa egzanp, yo te kreye sa yo rele brevè depi nan fen kenzyèm syèk la. Yon brevè se lè yon moun envante yon pwodui tou nèf epi leta di se moun sa a sèlman ki gen dwa vann pwodui a pandan kèk tan (nan ka sa a, yo te bay li pou sèt lane) avan lòt moun ka kopye envansyon an epi vin fè konpetisyon avè l. Se kon sa yo te ankouraje antreprenè yo fè rechèch epi inove, paske lè moun lan ap fè sa, li oblije mete lajan deyò san l pa konnen si sa ap mache ; l ap pran yon risk. Men, si l konnen li ka fè anpil benefis tou, l ap dakò pou l pran risk la. Avan yo te envante sistèm brevè yo, se te leta ki te gen pou li depanse anpil kòb pou kreye nouvo konesans. Men, ak nouvo sistèm sa a, ki chita sou konpetisyon ak fòs kote ki dinamik, yo fè plis pwogrè paske gen plis moun k ap eseye envante pou kont yo. Apa brevè yo, politisyen eklere yo te kreye yon lòt bagay nan menm epòk la, ki se tarif pwoteksyon. Enben, 2 politik sa yo mache ansanm : tarif la pemèt yon envansyon pran nan yon nouvo zòn jeyografik, paske envansyon an jwenn pwoteksyon kont konpetisyon lòt kote.
Nan ka sa yo, nou wè jan leta aji pou fè enterè prive yo pote benefis piblik. Menm jan an tou, sa ka rive n jwenn yon efè kontrè lè yon seri bagay ki ta sanble bon pou sosyete a vin pote vis nan sistèm lan. Jan n pral wè sa nan pwochen chapit la, èd pou peyi an devlopman yo kapab tounen yon nouvo fòm kolonizasyon paske peyi rich yo konn sèvi ak èd sa a pou gouvène peyi an devlopman sa yo a distans. Kalite èd sa a jenere yon gwo depandans lakay peyi sa yo ki fè yo pa ka reyaji lè bayè yo vin foure bouch yo nan zafè entèn peyi a.
Nou pèdi 500 lane konesans
Youn nan kesyon nou soulve yo se ki jan nou fè bliye tout esperyans sa yo ki te pèmèt anpil peyi fè pwogrè pandan 500 lane. Lè Eta Zini te pè sistèm kominis la, yo te konnen meyè fason pou anpeche l vale plis teren ann Azi ak ann Ewòp se te ankouraje endistriyalizasyon nan peyi ki te gen fwontyè ak peyi kominis yo. Men, osito menas kominis sa a te disparèt, peyi rich yo te chanje taktik. Yo aplike yon politik ki te gen efè kontrè a nan peyi pòv yo, yon politik ki sanble ak tout sa k te pi lèd nan epòk kolonyal britanik la. Sa rive malgre Eta Zini, li menm, te goumen kont politik komès lib la pou l te ka endistriyalize e malgre prezidan ameriken an, Franklin D. Roosevelt, te sèvi ak otorite moral li pou l denonse politik kolonyal premye minis britanik la, Winston Churchill, pandan Dezyèm Gè Mondyal la.
Ki jan fè Eta Zini bliye tout sa l te konnen ? Soti nan George Washington rive nan George Marshall, yo te toujou konprann enpòtans endistriyalizasyon kòm baz pwogrè nan yon sivilizasyon. Apre Dezyèm Gè Mondyal la, Eta Zini te pote bèl kontribisyon nan sans sa a. Men, kounye a se wè nou wè y ap fè gwo masak epi yo vle fè n kwè se lage bonm sou peyi pòv yo ki pral mete demokrasi sou pye nan peyi sa yo. Sa fè m sonje Gunnar Myrdal ki te pale de moun ki pran pòz enbesil yo pou yo ka tire avantaj, paske sa klè : peyi rich yo pa vle rekonèt anyen ki mache kont enterè yo nan moman an.
Gen yon lòt faktè ki ede teyori neyo-liberal la rete entak malgre tout defo l yo. An jeneral, lè yon moun kwè nan yon bagay, menm lè l jwenn enfòmasyon ki ta ka fè l doute, olye l chanje lide, li pito chache yon pretèks an deyò sa l konnen an pou l pwoteje teyori l kwè ladan l lan. Se kon sa yo kenbe politik Konsansis Wachingtonn lan. Yo tèlman renmen teyori yo a ak tout elegans matematik li (epi, dapre yo, Baryè Bèlen ki kraze a te pwouve teyori a), lè yo kòmanse wè teyori a pa mache, yo di se pa ka teyori a ki pa bon, fòk se yon lòt faktè ki an deyò teyori a ki lakòz. Se sa k fè n wè ekonomis yo plede ap pale de yon seri bagay ki pa domenn yo ditou, tankou jeyografi, klima ak maladi.
Se menm sa n te wè apre premye vag mondyalizasyon an nan kòmansman 20yèm syèk la. Gen yon antwopològ ki rele Eric Ross ki montre ki jan yo te jistifye dega ekonomik nan epòk sa a ak yon seri teyori rasis (sa yo te rele « ijyèn rasyal » la). Premye vag mondyalizasyon an te kreye yon pakèt koloni pòv ki pa t gen ni endistri ni pwogrè teknolojik ni sinèji. Men, kòm yo pa t vle aksepte se modèl ekonomik la ki pa t bon, yo te chache pretèks an deyò ekonomi an. Pi gwo ekonomis ameriken nan moman sa a, Irving Fisher (1867-1947), se te pi gwo militan tou nan mouvman rasis Eta Zini an. Ann Angletè, John Maynard Keynes (1883-1946) te vis-prezidan yon asosyasyon rasis nan peyi li. Olye yo rekonèt echèk teyori komès lib Ricardo a, olye yo blame entèdiksyon kolonyal ki te anpeche koloni yo endistriyalize pou yo devlope, li te pi fasil pou yo di se nwa Afriken yo nwa ki fè yo pòv kon sa.
Pretèks pou jistifye echèk la
Nan lane 1989, tout moun te wè sistèm kominis la, ki rayi komès lib, t ap kraze. An n imajine n te yon ekonomis nan peryòd sa a epi yo mande n esplike ki diferans ki genyen ant gwo richès y ap bati nan Silicon Valley, ki se yon zòn Eta Zini kote mouvman enfòmatik la tabli, ak mizè ki genyen nan yon zòn an deyò ann Afrik, kote moun yo ap gade bèt. Men, kòm se ekonomis nou ye, fòmasyon pwofesyonèl nou fè n kwè n pa gen dwa pale de diferans ki genyen ant divès aktivite ekonomik. Pa egzanp, nou pa ka di pwograme lojisyèl pa menm bagay ak fè elvaj. Ki donk, nou pa ka rekòmande yon chanjman nan domenn espesyalizasyon peyi pòv yo. Lè fini, zouti n gen nan men n yo pa pemèt nou wè si pa gen sinèji nan yon zòn. Nou pa sipoze ni pale de istwa ni n pa dwe konsidere chomaj nan kalkil nou yo. Yon lòt bagay ankò : pinga n di chapant ekonomik yon peyi gen enpak sou chapant politik li.
Se te ak konsiy sa yo ekonomis nan enstitisyon Wachingtonn yo t ap travay nan lane 1989, nan moman kote yo te panse komès lib la t ap parèt klè kòm sèl modèl ekonomik ki posib. Konsiy sa yo te soti nan manyèl ak ouvraj tout moun t ap li nan fakilte ekonomi. Pou yo evite kritik lakay yo, yo pa t konn anboche ekonomis ki te gen esperyans travay nan peyi rich yo. Lè fini, jan Joseph Stiglitz te souliye l, yo te konn rekrite etidyan medyòk ki soti nan meyè inivèsite yo.
Apati lane 1989, yo mete tout sa ki te la avan nan yon tiwa. Tout konesans ak bon jan teyori ki te gen tan konsolide pandan 500 lane, nan epòk peyi rich yo t ap vin rich, yo chwazi bliye yo. Epi, lè sa a, yo kòmanse envante yon seri divèsyon pou esplike mizè a. A chak fwa ti teyori tèt chat sa yo echwe, olye yo tounen sou rasin pwoblèm lan nan baz teyorik yo a, yo vini ak yon lòt lide epi yo fè voye monte ; yo di se kounye a yo jwenn vrè solisyon an pou mizè ki genyen nan peyi pòv yo. Poutan, anpil fwa, se anpire yo anpire sityasyon mizè a, nan sèvi ak fo teyori sa yo. Men kòman sa te dewoule :
- « Regle pri yo kòm sa dwa »
- « Regle dwa pwopriyete yo kòm sa dwa »
- « Regle enstitisyon yo kòm sa dwa »
- « Regle gouvènans lan kòm sa dwa »
- « Regle kapasite pou konpetisyon an kòm sa dwa »
- « Regle inovasyon an kòm sa dwa »
- « Regle antreprenarya a kòm sa dwa »
- « Regle edikasyon an kòm sa dwa »
- « Regle klima a kòm sa dwa »
- « Regle maladi yo kòm sa dwa »
Vrèman vre, tout faktè sa yo enpòtan. Men, yo pa manyen nannan kesyon devlopman ekonomik la ki se « regle aktivite ekonomik yo kòm sa dwa ». Tout teyori sa yo se divèsyon, paske yo fè chèchè yo pèdi tan nan plede kouri dèyè yon seri fo pis olye yo chache vrè kòz ak vrè solisyon yo. Tout tan enstitisyon Wachingtonn yo kontinye ap pwone divèsyon sa yo, anpil peyi ap kwè nan yo epi y ap finanse pwojè pou yo.
- « Regle pri yo kòm sa dwa »
Jan n sot esplike l la, premye vèsyon Konsansis Wachingtonn lan, an 1990, se te « regle pri yo kòm sa dwa ». Nan menm ane sa a, te gen eleksyon prezidansyèl nan peyi Pewou. Nan mwa d me, jis avan Alberto Fujimori te bon nan dezyèm tou a, li te nome yon zanmi m, Santiago Roca, kòm premye konseye ekonomik li. Te gen anpil enflasyon nan peyi a, epi te gen deba sou ki mèyè solisyon pou rezoud pwoblèm sa a. Plis pase lòt kandida a — Mario Vargas Llosa — Fujimori te ensiste sou enpòtans pwoteksyon pou pòv yo. Santiago Roca te kreye sèl modèl ekonometrik ki te egziste pou ekonomi Pewou a nan epòk la. Avèk modèl sa a, li te ka montre jan politik sa yo ekonomis yo te pwopoze pou kaba enflasyon an ta pral kraze malere yo. Yo te envite m Lima pou m te ede pati Fujimori a, Cambio 90, devlope pwogram ekonomik li.
Nan menm epòk sa a, Ewòp de Lès te gen anpil mouvman politik, paske yo t ap kòmanse a zewo pou kreye nouvo pati politik. Pewou te menm jan an. Tou 2 kandida prensipal yo te monte pati politik pa yo san okenn baz solid. Vargas Llosa te gen kèk boujwa dèyè l. Kanta pati Fujimori a, Cambio 90, se yon òganizasyon pòv li te ye. Yo pa t gen lajan ; men, yo te gen anpil ideyal ak anpil angouman. Ekip ekonomik la te konn fè reyinyon kay Santiago chak swa. Lè Santiago ak tout fanmi l te kòmanse resevwa menas, yon gwoup benevòl te òganize yo pou yo veye kay la. Yon lè te gen yon bonm ki esploze nan kay la ; men, erezman pa t gen moun ki blese.
Nan mwa jiyè, kèk jou avan yo enstale Fujimori kòm prezidan Pewou, li te al Wachingtonn. Lè l tounen, se pa t menm moun lan ; li te bliye tout diskou l te genyen an favè pòv yo. Zanmi l yo pa t konprann li; nou te menm konn ap fè blag, nou mande ki kalite chantay yo te fè l. Yo te met nan tèt misye, si l te elimine tout entèvansyon leta nan ekonomi an, redui sektè piblik la epi kite mache a « regle pri yo kòm sa dwa », rès pwoblèm yo t ap rezoud pou kont yo. Poutan, yo te wè 2 obstak nan peyi a ki t ap anpeche mache a fè travay li : enflasyon an ak rebèl geriya yo. Yo bay misye lòd pou l kwape yo epi li fè sa vre. Enflasyon an te bese, soti nan 7,469 pou san an 1990, rive 6.5 pou san an 1997 epi geriya yo te disparèt.
Pwoblèm ki te genyen, malgre misye te reyisi redui enflasyon an epi touye rebèl yo, sa pa t pote rezilta. Kòm yo te elimine anpil endistri, salè reyèl yo te bese rive nan yon nivo sibzistans. Te gen yon ti ogmantasyon nan pwodui entèn brit (PEB) la, se vre ; men, sa pa t ede travayè yo — olye yo jwenn ogmantasyon salè, se sektè finans lan ak mèt biznis yo ki te jwi benefis la. Lè Santiago Roca wè jan Fujimori t ap enplemante yon seri politik ki pa t sa l te pwomèt yo ansanm ak jan politik sa yo t ap fè pòv malere yo mal, li te santi l pa t ka aksepte bèl pòs Direktè Bank Santral yo te vin ofri l la. Misye te travay di pandan kanpay la san l pa touche pou sa e l te riske lavi fanmi l pou gran mèsi.
Istwa fanmi Roca a ka ede nou konprann jan sa konn difisil pou entèlektyèl yo nan peyi apovri yo. Gen anpil risk epi, lè yon moun marye, li gen pitit, koze angajman sosyal la se pa yon bagay ki senp. Si n mache ak prensip, yo ka fè n peye sa byen chè.
- « Regle dwa pwopriyete yo kòm sa dwa »
Lè moun yo te kòmanse wè ki jan mache a, pou kont li, pa ta janm ka fouti rezoud pwoblèm inegalite nan monn lan, ekonomis yo te kòmanse chache lòt esplikasyon san yo pa janm kesyone prensip fondamantal sa yo ki nan ekonomi neyo-liberal la. Se nan kontèks sa a yo kòmanse pale de dwa propriyete. Sistèm kapitalis la pa ka fonksyone san yon kad jiridik ki regle zafè propriyete, epi kad jiridik sa yo konn fèb nan peyi pòv yo. Yo pran sa pou yon kòz soudevlopman : dapre yo, si peyi majinalize yo ap fè bak, se pa fòt sistèm kapitalis la ; o kontrè, se fòt pwòp peyi sa yo paske yo pa ko fin kapitalis nèt. Pa egzanp, gen yon pèp ki rele Masay k ap viv nan peyi Kenya ak Tanzani. Nan analiz ekonomis sa yo, pèp Masay la pòv akòz yo pa gen dwa fonsye lakay yo. Men, si w byen gade, se gadinay ak lachas Masay yo fè, ki fè yo pa twò bezwen bagay kon sa. Si yo te gen lòt aktivite ekonomik ki mande dwa pwopriyete, se lè sa a yo t ap gen tan enplemante l. Wi, enstitisyon ak kad jiridik yo gen enpòtans yo ; ki fè gen de lè, si yo pa la, sa ka anpeche devlopman ekonomik la tout bon. Men, nannan kesyon an toujou rete ki kalite aktivite ekonomik ki an plas, paske se pa tout tan ni tout kote nou pral bezwen tout enstitisyon sa yo. Sa vle di, se pa mank dwa pwopriyete a ki kòz mizè Masay yo, jan ekonomis Wachingtonn yo vle fè n kwè a. Se pòv yo pòv (pou tèt aktivite ekonomik yo manke rannman kwasan, e latriye) ki fè yo pa gen dwa pwopriyete lakay yo.
Lè yo eseye fokis sou yon sèl aspè ekonomi kapitalis yo, san yo pa gade jan chak nan aspè sa yo konekte nan yon vizyon entegral, sa fè ekonomis yo tonbe nan anpil erè. Nan Repiblik Veniz, sa fè mil ane depi yo te gen tan devlope dwa pwopriyete ak tout dokiman ki mache ak yo. Se paske mòd pwodiksyon Veniz la te mande sa ki fè moun yo fè yon jan pou yo envante enstitisyon sa yo. Men, yon lòt pèp ki gen yon lòt mòd pwodiksyon ki pa gen anyen pou wè ak dwa pwopriyete, yo menm y ap mal pou enplemante fòm kad legal sa yo. Se pa dwa pwopriyete yo ki kreye ni sistèm kapitalis la ni kwasans ekonomik ; se sistèm kapitalis la, lè l rive genyen yon sèten mòd pwodiksyon, ki kreye dwa sa yo pou fè sistèm lan fonksyone pi byen.
- « Regle enstitisyon yo kòm sa dwa »
Lè dwa pwopriyete yo te kòmanse fè aktyalite, Konsansis Wachingtonn lan te laji diskisyon an pou yo konsidere lòt kalite enstitisyon tou. Nan peryòd sa a, Nouvo Lekòl Enstitisyonèl la te parèt sou sèn lan kòm yon kouran ekonomik. Li chita sou baz ekonomi neyo-klasik la, men, li ajoute koze enstitisyon yo kòm yon nouvo engredyan pou eseye esplike sa manyèl ekonomi yo pa t ka esplike. « Enstitisyon » ka vle di anpil bagay. Nan definisyon Ha-Joon Chang ak Peter Evans, nou ka konsidere yo kòm :
« … lè gen atant ki pataje, gen lide moun yo pran pou bagay ki evidan, gen prensip ak woutin ki regle entèraksyon yo epi sa pran yon fòm sistematik epi sa vin gen konsekans ki enpòtan sou enterè aktè yo ak tout jan aktè yo aji nan sosyete a. Nan sosyete modèn yo, pi souvan, nou jwenn enstitisyon yo nan òganizasyon ki kowòdone e ki gen otorite ki regle ak prensip fomèl e ki gen kapasite pou enpoze volonte yo sou moun ki pa vle antre nan lojik yo. Yon leta oubyen yon konpayi se 2 egzanp enstitisyon modèn. »
Se pa enstitisyon yo ki bay mòd pwodiksyon an ; se mòd pwodiksyon an ki detèmine enstitisyon ki nesesè yo e ki ba yo fòm. Pa egzanp, gen sosyete ki fè komès long distans ak karavàn chamo oubyen sou lanmè ; sosyete sa yo te gen tan kreye enstitisyon asirans lan depi nan tan lontan. Jounen jodi a, yo pran yon bò ekwasyon an — enstitisyon yo, pou kont yo — epi yo ba l twòp enpòtans, ki fè nou manke konprann bagay yo byen.
- « Regle gouvènans lan kòm sa dwa »
Nan lane 1990 yo, lè reprezantan Konsansis Wachingtonn yo te panse yo te gen tout solisyon nan men yo, yo te konn ap pwone yon « rediksyon nan wòl leta a » kòm yon eleman fondamantal nan pwogram yo a. Yo te plede pale « leta » ak « gouvènman » mal. Men, nan fen deseni 1990 la, yo te reprann leta a ak gouvènman an, sèlman yo degize yo ak mo « gouvènans » lan. O nivo mondyal, pi gwo pwoblèm gouvenans se lè gen sa yo rele yon « leta fayi » ki se yon leta ki echwe nèt. Daprè jounal Financial Times, Bank Mondyal gen yon lis 48 peyi ki riske tonbe nan kategori sa a. Lè n gade peyi k ap efondre yo, nou pa bezwen fè gwò analiz pou n wè si gen yon sèten chapant sistèm pwodiksyon ki karakterize yo.
Pa egzanp, nan pifò peyi leta fayi yo, pa gen izin nan vil yo, ki fè tout moun ap travay nan menm aktivite yo epi pa gen yon klas mwayèn ki pou bay estabilite politik. Sèl avantaj peyi sa yo genyen nan mache mondyal la, sèl sa yo ka ekspòte, se men d èv bon mache. Pa gen demann pou travayè ki fòme epi moun ki fòme yo al chache lavi lòt kote. Nan peyi ki gen chapant ekonomik sa a, anpil fwa n ap jwenn yon chèf k ap kòmande nan chak zòn. Ann Amerik Latin, yo rele sa « caudillismo » epi, nan peyi Somali ak Afganistan, yo pale de chèf militè oubyen « warlords ». Lè yon nasyon pa gen yon chapant pwodiktif ki bay leta yon rezon pou l egziste e ki bay pèp la yon vi ekonomik ki kreye koyezyon sosyal, l ap difisil pou nasyon sa a rive bati yon leta ki fonksyone kòm sa dwa.
- « Regle kapasite pou konpetisyon an kòm sa dwa »
Nan menm anbyans neyo-liberal ane 1990 yo, gen yon lòt konsèp ki te vin an vòg ki se « kapasite pou konpetisyon » — lè yon moun oubyen yon peyi ka bat konpetitè l yo, yo di l « konpetitif ». Dapre mwen, rezon ki fè koze sa a te vin popilè kon sa, se paske sa l vle di a pa twò klè epi paske nou ka itilize l pou prèske nenpòt sitiyasyon. Pa egzanp, konsèp sa a pèmèt yon ekonomis al kote yon mandyan oubyen yon peyi epi ba l yon dyanostik tankou : « Ou manke konpetitif ». L ap gen rezon e l ap konvenkan ; men, an reyalite, li pa vrèman di anyen lè l di sa. Lè fini, nou ka pale de « kapasite pou konpetisyon » nan tout sikonstans menm lè n vle pale de fenomèn kontrè, tankou salè ki wo ak salè ki ba. Nan yon konpayi, kapasite pou konpetisyon an pi klè. Li gen pou wè ak kapasite konpayi a genyen pou l bat konpetitè li yo, pou l grandi epi pou l fè benefis nan mache a.
Si nou pran definisyon konsèp « konpetitif » la genyen nan kad yon konpayi, nou wè l vle di yon pwosesis ki ogmante richès moun ak peyi a travè ogmantasyon nan salè reyèl yo ak revni yo. Poutan, lè m te vizite peyi Ouganda, sa fè kèk tan, m te temwen jan yo itilize mo a pou pwone yon rediksyon nan salè yo, ki t ap gen efè kontrè. Gras ak yon akò ak Eta Zini ki te rele « Dekrè pou Kwasans ak Òpotinite ann Afrik » (« AGOA » se abrevasyon pou non akò a ann angle), te gen kèk zòn franch ki te tabli nan Ouganda pou fè rad. Konpetisyon entènasyonal la t ap bat zòn franch sa yo, ki te fè Prezidan Museveni mande yon rediksyon nan salè minimòm lan pou Ouganda te ka vin pi « konpetitif ».
- « Regle inovasyon yo kòm sa dwa »
Nan lane 2000 ak 2001, lè Alan Greenspan te repran lide Joseph Schumpeter yo, li tou entegre Schumpeter nan kouran dominan pami teyori ekonomis yo. Se te yon lòt pretèks pou esplike mizè Tyè Monn lan : se paske yo pa inove menm jan ak konpayi Silicon Valley yo ki fè yo pòv kon sa. Men, yon fwa ankò, yo souliye yon sèl aspè yo te bezwen ajoute nan fòmil estanda yo a pandan yo bliye anpil bagay enpòtan nan teyori Schumpeter a. Inovasyon ki gen plis enpak yo toujou egziste nan yon kontèks ; se pa nan nenpòt endistri n ap jwenn yo. Lè fini, endistri ki pemèt inovasyon sa yo emèje, nou p ap jwenn yo tout kote. Si Bill Gates te yon gadò kabrit nan peyi Mongoli, li pa t ap ka fè tout sa l fè yo ak Microsoft. Nenpòt moun ka konprann sa ; men, teyori ekonomi ki dominan an mal pou l entegre lojik sa a.
Gen yon lòt bagay yo bliye ankò. Tout inovasyon pa menm epi, selon fòm inovasyon an, l ap gen yon efè diferan. Gen « inovasyon pwodui », tankou inovasyon Microsoft ap fè jodi a oswa tankou sa Henry Ford te konn ap fè avan yo. Souvan, inovasyon sa yo bay plis pwofi pandan yo ogmante salè reyèl travayè yo. Epi gen yon lòt kalite inovasyon ki fèt lè yo kòmanse itilize nouvo teknoloji nan lòt endistri pou rann pwosesis yo pi efikas — se sa yo rele « inovasyon pwosesis ». Konsekans prensipal inovasyon pwosesis yo se bese pri yo pou konsomatè yo. Pa egzanp, avyon yo pa tèlman chanje nan dènye 25 lane yo ; men, jan nou achte biyè avyon ak nouvo teknoloji an liy yo fè biyè avyon yo vann mwen chè kounye a. Gen ka tou kote yon inovasyon kreye yon presyon negatif sou salè yo. Pa egzanp, gras ak sit entenèt ki pèmèt nou konpare pri lè n ap chwazi yon otèl, otèl yo oblije desann pri yo epi yo fè mwens benefis.
Schumpeter te gen yon etidyan ki te rele Hans Singer. Misye te pote yon gwo kontribisyon nan ekonomi devlopman lè l te montre jan yon inovasyon nan sektè matyè premye nan Tyè Monn lan konn fè pri yo desann pou konsomatè ki nan peyi Premye Monn yo alòs ke inovasyon pwodui nan peyi Premye Monn yo konn ogmante salè nan menm peyi sa yo. Sa vle di, menm lè peyi pòv yo inove, anpil fwa yo pa benefisye sa. Lè fini, souvan yo fòse peyi pòv yo espesyalize yo nan aktivite ekonomik kote pa gen okenn posibilite inovasyon — pa egzanp, gade fabrikasyon boul bezbòl ann Ayiti — epi yo pral kritike peyi sa yo paske yo p ap inove menm jan ak peyi rich yo.
- « Regle antreprenarya a kòm sa dwa »
Modèl ekonomi ki dominan an pa tèlman konsidere antreprenarya — ni inisyativ moun an jeneral — pami faktè ekonomik ki enpòtan yo. Poutan, dènyèman, yo kòmanse pale de mank antreprenarya kòm yon lòt pretèks pou esplike mizè a. Se yon esplikasyon ki pa gen sans ditou pyès. Nan peyi rich yo, pa gen anpil antreprenè : pifò moun se nan yon djòb yo travay. Se nan peyi pòv yo tout moun oblije lage kò yo nan antreprenarya pou yo ka chache lavi. Sa k manke nan peyi pòv yo se pa antreprenè, se bon kondisyon ak bon jan opòtinite ki pou pemèt antrepriz yo pwogrese.
- « Regle edikasyon an kòm sa dwa »
Sa k pi enpòtan nan yon ekonomi kapitalis, se lespri ak volonte moun — sa vle di, konesans ak antreprenarya. Lè n tande sa, nou ka panse sa peyi pòv yo bezwen, sitou, se plis fòmasyon. Amelyore sistèm edikasyon an enpòtan, se vre ; men, sa pa ase. Fòk nou ranfòse kapasite popilasyon an pandan n ap kreye anplwa ki mande konpetans moun ki gen bon jan fòmasyon. Si pa gen travay, ranfòse edikasyon se lave men siye a tè paske moun ou fòme yo pral kite peyi a. Se menm jan ak richès peyi pòv yo, ki al jwenn peyi rich yo tou.
- « Regle klima a kòm sa dwa »
Lè ekonomis dominan yo wè tout politik yo enpoze sou peyi pòv yo ap fè gwo echèk, yo chache lòt esplikasyon ankò epi kounye a yo vini ak yon seri lide sou klima, jeyografi ak maladi. Ekonomis lontan yo te gen tan analize faktè sa yo. Yo te konprann jan faktè sa yo enpòtan, se vre ; men, alafen, sèl sa faktè sa yo fè se kreye yon kontèks pou aktè yo aji. Men, jounen jodi a, ekonomis dominan yo ap site faktè sa yo kòm pretèks pou yo envante yon seri istwa ki plis sèvi enterè neyo-kolonyal ak neyo-enperyalis yo.
Depi nan lane 1500 yo, tout moun te konnen jeyografi ak klima gen yon enpak sou lokalizasyon endistri yo. Men, gen yon lòt koze yo te konnen tou : kondisyon jeyografik ak klimatik pa dwe anpeche yon endistri pran fòm nan yon peyi. Ak bon jan politik ekonomik, nou ka ekilibre faktè sa yo pou mete izin sou pye nenpòt kote. Sèlman, tout tan obstak jeyografik oubyen klimatik la pi gwo, n ap bezwen yon pi gwo pwoteksyon pou konpanse l.
- « Regle maladi yo kòm sa dwa »
Yon lòt diskou yo itilize pou esplike jan peyi pòv yo pa ka devlope se kesyon maladi twopikal yo. Yo renmen pale de maladi malarya sitou. Jan m ap montre nou, se jis yon lòt egzanp kote ekonomi dominan an ap gade sou efè mizè a olye yo chache konprann rasin mizè a.
Malarya te egziste ann Ewòp pandan plizyè syèk. Menm nan tan Anpi Women, gen dokiman kote yo pale de jan yo t ap konbat maladi sa a. Te gen malarya nan anpil kote pesòn moun pa t ap imajine jodi a. Gen zòn byen wo nan peyi Swis, pa egzanp, nan yon altitid ki rive nan 1.400 mèt an lè nivo lanmè a, ki te enfekte ak malarya nan epòk mwayenn aj la. Ata Larisi te gen malarya. Ewòp te resi kwape maladi sa a ak yon pwosesis endistriyalizasyon ak devlopman. Lè yo te entansifye agrikilti yo ak nouvo teknoloji, yo te reyisi drene marekaj yo. Endistri yo te ranfòse leta yo, ki te gen bidjè tou pou mete gwo pwogram sante piblik sou pye ak pou fè kanpay kont maladi sa a. Men, nan plas devlopman ekonomik sa a ki te fè peyi ewopeyen yo rich pandan yo tou elimine malarya lakay yo, kounye a sa yo pwopoze pou kontinan Afriken an se pou li rete nan wòl li kòm (neyo) koloni — kòm pwodiktè matyè premye — olye yo ede l devlope yon sektè endistriyèl. Olye yo pemèt Afrik devlope, pou l ka peye lajan l prete a, tanzantan yo padonen dèt li yo. Olye yon bon jan devlopman ki t ap tou kwape maladi tankou malarya, yo voye moustikè ba yo. Olye yo geri chapant ekonomik la ki nan rasin pwoblèm kontinan Afriken an, peyi rich yo plede ap mete ti pansman sou sentòm yo. Nou gen pou nou apwofondi nan agiman sa a nan yon lòt chapit.
Lè yo mete anfaz sou jeyografi, klima ak maladi kòm faktè ekonomik, sa se yon divèsyon pou n pa wè jan politik Konsansis Wachingtonn lan fè gwo echèk pandan dènye deseni yo. Si n konprann sa, nou pa bezwen sezi lè n wè moun ki plis ap pwone vye lide sa yo, tankou Jeffrey Sachs, se menm yo menm ki te responsab ansyen politik ki te echwe avan yo tou. An tou ka, yo fè m sonje yon pawòl Nietzsche ki di kon sa « mal ki pi di a, se mal yon bon moun kòmèt la », paske y ap anpeche nou fokis sou nannan pwoblèm lan, ki se chapant sistèm pwodiksyon peyi pòv yo.
Deba
Otè a bay yon lis pretèks òganizasyon Wachingtonn yo itilize, depi nan lane 1990 yo, pou jistifye echèk modèl ekonomik yo te enpoze sou peyi ki mwens endistryalize yo. Pami pretèks sa yo, èske gen nan yo ou konn tande deja ann Ayiti ? Tanpri, bay kèk egzanp. Daprè ou, ki jan pretèks sa yo sèvi kòm divèsyon — pou nou pa wè vre pwoblèm yo ?
Tèks la pale de jèn ekonomis nan peyi ki po ko fin endistryalize yo. Li montre ki jan sistèm lan pini moun ki gen yon vizyon ki pa nan kad modèl Wachingtonn lan e ki jan sa ankouraje jèn ekonomis yo adopte diskou Wachingtonn lan. Èske w konnen kèk entelektyèl ayisyen ki fè yon esperyans kon sa deja ? Nan ki sans ? Ki konsèy ou ta ka bay yon jèn entelektyèl ayisyen ki panse yon jan ki pa aliyen ak sistèm lan ?
___________
Otè : Erik Reinert
Referans : Se vèsyon kout chapit 6 nan yon liv Erik REINERT te ekri an 2007, ki rele How Rich Countries Got Rich and Why Poor Countries Stay Poor.
Tradiksyon : Emilio Travieso
Revizyon : Ekip MIT-Ayiti a (Djeride Jean-Baptiste, Luckenson Augustin, Michel DeGraff, Pierre Negaud Dupenor) ak Stevens Azima.
Remèsiman : Gabriel Lacroix, Réginald Milorme, Juvens Nazaire, Julien Philippe.

Erik S. Reinert se yon ekonomis nòvejyen. Li se pwofesè nan Tallinn University of Technology, nan peyi Estoni, epi li se pwofesè d onè nan University College London, nan Wayòm Ini.
Misye gen yon pakou enteresan, paske li entegre vi entèlektyèl li ak anpil esperyans pratik kòm antreprenè. Apre yon lisans nan ekonomi nan peyi Swèd, li te ale Etazini kote li te fè yon metriz nan administrasyon (MBA) nan inivèsite Harvard epi yon doktora nan ekonomi, nan inivèsite Cornell.
Lè l te fin etidye, Reinert te vin pwopriyetè yon antrepriz entènasyonal ann Ewòp. Apre 20 an kon sa, li vann antepriz la epi li vin envesti tout travay li nan rechèch sou ekonomi. Li fè anpil rechèch sou istwa teyori ak politik ekonomik ki fè peyi yo devlope oswa pa devlope.