Bay lodyans : zouti pou lasyans ann Ayiti

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

« Pratik lodyans lan ka sèvi pou n pataje konesans lokal, pou n valorize idantite nou kòm nasyon epi pou n ranfòse solidarite nou. » – Ricarson Dorcé

Ricarson Dorcé, Charlot Lucien, Laissa Moïse, Jemima Morinvil ak Paul Belony monte sou Platfòm MIT-Ayiti pou yo brase lide sou enpòtans « Lodyans » nan sosyete nou.

Atik Ricarson Dorcé a, ki an ba la a, se yon pledwaye ki mande pou pratik lodyans rive fasilite teknik kominikasyon ki ka ede lasyans manyen pi plis moun nan peyi a.  Ki donk bay lodyans ka sèvi kòm teknik pou vilgarizasyon lasyans.

Epi tou, gen yon gran lodyansè, Charlot Lucien, ki monte sou Platfòm MIT-Ayiti nan yon entèvyou ak Laissa Moïse ansanm ak Jemima Morinvil. Nan videyo sa a, Charlot ban nou yon ti istorik sou konsèp « Lodyans » lan e sou enpòtans Lodyans pou lekòl tèt an wo. Charlot esplike fason lekòl yo ka sèvi ak Lodyans kòm tèks pou elèv yo analize nan sal klas. Daprè analiz Charlot, tèks lodyans yo ka ede elèv yo konprann sosyete a pi byen. 

Laissa, Jemima ak Paul, yo menm, pataje videyo ak tèks pa yo pou yon ti pyès teyat (yon « skit ») kote n ap ka wè bèl deba k ap fèt nan sal klas sou tematik ki enpòtan pou elèv yo. Nan skit sa a, lide ap fwote fwote youn ak lòt kòm ki dirè nou te nan mitan yon bèl lodyans. Skit sa a ka tou sèvi kòm egzanp pou montre ki jan yon pratik ki byen ankre nan kilti lakay ka ede elèv yo aprann fè deba pou chache verite. Se kalte deba sa yo ki ka kore aprantisaj aktif, lespri kritik ak kreyativite nan aprantisaj lasyans ak nan lòt aktivite dekouvèt.

Biyografi otè a – Ricarson Dorcè

Ricarson Dorcé gen yon lisans nan sikoloji. Li gen yon metriz nan istwa ak patrimwàn. Li pran fòmasyon nan syans devlòpman — nivo metriz. Epi tou, li etidye dwa ak kominikasyon sosyal. Jounen jodi a, li se etidyan nan Inivèsite Laval kote li sou wout pou l pran yon doktora nan disiplin etnoloji ak patrimwàn. Rechèch li konsantre sou patisipasyon kominotè, touris kominotè ak patrimwàn kiltirèl imateryèl. Li pataje rezilta travay li nan jounal ak liv ki pibliye ann Ayiti, Kebèk ak lòt kote.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments