Entèvyou ak Lodyansè Charlot Lucien

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

« Mwen defini ‘Lodyans’ kòm yon fòm istwa ki sèvi nan fason Ayisyen distrè tèt yo … fason yo pale de bagay yo wè, bagay yo tande, bagay moun rapòte yo … Nou menm, lodyansè pwofesyonèl, nou pran tan nou pou n travay Lodyans lan pou n ba li yon aspè pli pedagojik toujou … » — Charlot Lucien

Charlot Lucien, Ricarson Dorcé, Laissa Moïse, Jemima Morinvil ak Paul Belony monte sou Platfòm MIT-Ayiti pou yo brase lide sou istorik, fonksyonnman ak enpòtans « Lodyans » nan sosyete nou.

Nan videyo ki an ba la a, Charlot Lucien antre nan brase lide ak Laissa Moïse ansanm ak Jemima Morinvil pou l ban nou yon ti istorik sou konsèp « Lodyans » lan e sou enpòtans Lodyans pou lekòl tèt an wo. Charlot esplike fason lekòl yo ka sèvi ak Lodyans kòm tèks pou elèv yo analize nan sal klas. Daprè analiz Charlot, tèks lodyans yo ka ede elèv yo konprann sosyete a pi byen. 

Atik Ricarson Dorcé a se yon pledwaye ki mande pou pratik lodyans rive fasilite teknik kominikasyon ki ka ede lasyans manyen pi plis moun nan peyi a.  Ki donk bay lodyans ka sèvi kòm teknik pou vilgarizasyon lasyans.

Laissa, Jemima ak Paul, yo menm, pataje videyo ak tèks pa yo pou yon ti pyès teyat (yon « skit ») kote n ap ka wè bèl deba k ap fèt nan sal klas sou tematik ki enpòtan pou elèv yo. Nan skit sa a, lide ap fwote fwote youn ak lòt kòm ki dirè nou te nan mitan yon bèl lodyans. Skit sa a ka tou sèvi kòm egzanp pou montre ki jan yon pratik ki byen ankre nan kilti lakay ka ede elèv yo aprann fè deba pou chache verite. Se kalte deba sa yo ki ka kore aprantisaj aktif, lespri kritik ak kreyativite nan aprantisaj lasyans ak nan lòt aktivite dekouvèt.

Charlot Lucien se yon lodyansè, yon atis, yon powèt ki fèt nan vil Okay ann Ayiti. Li sèvi ak kreyativite li pou l fè pwomosyon kilti ak istwa peyi d Ayiti.  Li se direktè Asanble Atis Ayisyen nan Massachusetts li te kreye an 1995.  Pami travay li kòm lodyansè e powèt, nou jwenn : 5 CD lodyans (Ti Oma ; Ti Cyprien ; Diogène nèg mawon ; Grann Dede ; San bri, san konT) ak yon liv powèm « Tantasyon latravèse ».  Nou jwenn travay lodyansè li nan sektè akademik e kiltirèl oz Etazini, an Frans, an Gwadloup, o Canada.  Pandan 20 dènye ane ki sot pase yo, li prezante plizyè konferans sou valè kilti Ayisyen, sou enpòtans lodyans kòm materyèl didaktik e kòm zouti pou bati pon ant divè kilti, ak sou rapò ak enflyans istwa Ayiti sou istwa Etazini. Li resevwa plizyè pri onorifik nan vil Boston e nan eta Massachusetts pou militans kiltirèl li oz Etazini. Li se yon manm Northeast Storytelling oz Etazini.

Men sit wèb Charlot : http://www.charlotlucien.com/

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments