Entèvyou ak Clédicianne Dorvil pou Papa Galia

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Se James English nan Texas Christian University ki ekri liv Papa Galia sou lavi Galia ak papa l, Ti Gérald (Gérald Oriol Jr.). Liv sa a se yon istwa sou lanmou, kouraj ak pèseverans. Epi tou, se yon istwa sou enpòtans respè dwa moun, yon istwa ki montre nesesite pou chak grenn moun jwenn lwa bouch yo ak respè dwa yo kòm sa dwa — paske tout moun se moun, kèlkeswa andikap ki ka frape nou.

Papa Galia (Ti Gérald), ki se yon moun andikape k ap goumen pou respè dwa tout moun, esplike sa aklè : «Andikap [yon moun] pa dwe anpeche l viv lavi l epi egzèse dwa li kòm sitwayen.  Pi gwo defi nan lavi yon moun andikape, se pa defisyans lan, se pito baryè sosyal, baryè kiltirèl, baryè fizik ke sosyete a mete kanpe. Erezman, baryè sa yo, nou gen kapasite pou n demantle yo…  Atravè edikasyon, nou gen posibilite pou nou sansibilize sosyete a sou dwa moun andikape yo… Ti pa ti pa, nou ka demantle tout baryè sosyal, entelektyèl e fizik sa yo»

Entèvyou nan videyo ki pi ba la a se avèk Clédicianne Dorvil, yon sikològ k ap travay pou « demantle baryè » sa yo ki ka anpeche moun andikape jwi lavi yo.

Clédicianne Dorvil pale kreyòl, franse ak angle.  Li se yon sikològ ki gen lisans pou l fè terapi ak evalyasyon ni nan eta Noujèze, ni nan eta Pennsilvani, oz Etazini. Li fèt Gran Rivyè di Nò ann Ayiti. Li rete Noujèze kounye a. Li bay sèvis kòm sikològ klinisyen, sikològ eskolè, espesyalis nan modifikasyon konpòtman, epi kòm konseye nan entèvansyon kriz. Li travay avèk ti moun epi adolesan ki gen divès kalte difikilte, tankou difikilte nan konpòtman, nan aprantisaj, nan fason yo devlope divès kalte konesans nan sèvèl yo, e latriye. Epi tou, Clédicianne travay ak adilt ki gen istwa twoma oswa maladi mantal ki grav oswa pwoblèm legal. Li toujou ap chache ede ti moun kou gran moun ki soti nan divès kilti ak divès gwoup etnik.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments