Papa Galia

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Se James English nan Texas Christian University ki ekri liv Papa Galia sou lavi Galia ak papa l, Ti Gérald. Liv sa a se yon istwa sou lanmou, kouraj ak pèseverans. Epi tou, se yon istwa sou enpòtan respè dwa moun, yon istwa ki montre nesesite pou chak grenn moun jwenn lwa bouch yo ak respè dwa yo kòm sa dwa — paske tout moun se moun, kèlkeswa andikap ki ka frape nou. Gérald Oriol Jr. (Papa Galia) se yon modèl pou tout moun ki rankontre obstak nan lavi yo. Jan Ti Gérald esplike nou nan entèvyou li ban nou sou video ki an ba la a, andikap pa dwe anpeche yon moun andikape  viv lavi l. Sa pa dwe anpeche l egzèse dwa li ak wòl li kòm sitwayen. Ti Gérald gen rezon, wi : Pi gwo defi nan lavi yon moun andikape (e nan lavi nenpòt ki lòt moun) se baryè sosyal, baryè kiltirèl (baryè lengwistik ladan tou), baryè fizik ki soti nan chwa politik ak pratik tou lè jou nan sosyete a. An n pataje vizyon Ti Gérald : « Erezman, baryè sa yo, nou gen kapasite pou n demantle yo… Atravè edikasyon, nou gen posibilite pou nou sansibilize sosyete a sou dwa moun andikape yo… Ti pa ti pa, nou ka demantle tout baryè sosyal, entelektyèl e fizik sa yo »

Yon plan leson pou liv Papa Galia sou andikap

Deskripsyon : Leson sa a ka sèvi pou entwodui konsèp « andikap » nan sal klas pou elèv primè ak segondè, epi li ka ede nan fè sansibilizasyon sou divès fòm andikap ki egziste. Leson sa a ap ede elèv yo konprann « andikap » la epi y ap jwenn aktivite kote yo pral fouye zo nan kalalou konsèp la.

Objektif :  Nan fen leson an elèv yo pral kapab

  1. Defini konsèp « andikap » la.
  2. Konprann kèk karakteristik ki defini andikap fizik, entelektyel ak mantal.
  3. Apresye akomodasyon ki la pou ede moun andikape.
  4. Kominike pi byen ak moun andikape.
  5. Konnen ke moun andikape gen plas yo nan sosyete a, epi respekte dwa yo kòm moun ki moun menm jan ak tout moun.

Aktivite pou anseyan : Mande elèv yo :

  1. Ki sa mo « andikap » la vle di ? Ankouraje yo pou yo pataje sa yo konnen sou konsèp andikap la.
  2. Bay kèk egzanp sou andikap fizik. Esplike elèv yo divès karakteristik andikap fizik ka genyen — toukou andikap moun ki avèg oswa soud oswa enfim…
  3. Ki sa andikap entèlektyèl ak mantal la ye? Ki maladi ki ka lakòz yon moun vin gen andikap mantal ?  Ankouraje elèv yo kominike ant yo, epi esplike yo divès kalte andikap entèlektyèl ak mantal. Bay kèk defi oswa pwoblèm ke yon moun ki gen andikap entèlektyel ka jwenn nan lavi tou lè jou.
  4. Kòman nou ka ede yon moun ki gen andikap fizik ? Prezante elèv yo divès materyèl ki envante pou ede moun ki gen andikap fizik — zouti tankou linèt, beki, chèz woulant, aparèy elektwonik pou moun ki soud. Epi esplike ki kalte edikasyon ki fèt pou ede moun andikape kominike youn ak lòt (pa egzanp, edikasyon ki sèvi ak lang siy).
  5.  Ki pi bon fason nou ka ede moun ki gen andikap entèlektyèl oswa andikap mantal yo ? Fè yon envantè divès kalte resous ki ka ede moun andikape sa yo — tankou terapi, medikaman, e latriye.

Aktivite pou elèv yo :

  • Aprè elèv yo fin li Papa Galia, mande yo pou yo idantifye kèk andikap nan liv la ansanm ak karakteristik andikap sa yo — tankou karakteristik fizik oswa mantal.
  • Mande elèv yo pou yo esplike rezon ki fè andikap fizik ka vin lakòz andikap mantal.
  • Divize klas la an 3 gwoup :  Gwoup 1 : Andikap fizik ; Gwoup 2 : Andikap entèlektyel ; Gwoup 3 : Andikap  mantal.  Mande chak gwoup pou yo  fè rechèch sou tip andikap ki entèrese yo pi plis. Mande chak gwoup pou yo ekri 2 paj sou andikap yo chwazi a. Mande yo pou yo pale de lavi yon moun andikape : plas ak dwa moun sa a nan sosyete a, rezon ki lakòz moun sa a andikape, epi sèvis ki adapte pou moun sa a (pa egzanp,  sèvis nan biwo leta, bank, transpò piblik, e latriye). Sa pral sèvi kòm devwa pou yo fè lakay yo. Epi travay avèk yo sou pwojè a ann apre nan sal klas. Ede elèv yo vin gen konfyans nan tèt yo pou yo ka prezante travay la devan tout lekòl la.
  • Mande elèv yo pou yo fè yon kanpay nan lekòl la pou  sansibilize lot elèv yo sou pwofil ak bezwen moun andikape.
  • Mete postè sou andikap nan chak klas nan lekòl la.
  • Òganize yon konferans kote gwoup yo pral prezante pwojè yo devan tout elèv ak pwofesè nan lekòl la.

Entèvyou ak Gérald Oriol Jr. (Papa Galia)

Biyografi

Prezidan Michel Martelly te nonmen Gérald Oriol Jr. Sekretè d Eta pou Entegrasyon Moun Andikape ann Ayiti nan mwa oktòb 2011. Kòmanse an 2017 jiska mas 2020, Oriol sèvi Prezidan Jovenel Moïse nan menm pozisyon an kote li t ap sipèvize sèt (7) biwo ki bay moun andikape sèvis. Kòm Sekretè d Eta, Oriol t ap vize objektif sa yo : kreye opòtinite ekonomik pou moun andikape ; bay moun andikape aksè pou yo jwenn edikasyon ; ranfòse pwoteksyon dwa moun andikape ; ankouraje devlopman yon anviwònman fizik ki aksesib ann Ayiti ; epi devlope resous ak kapasite pou leta ayisyen ka bay moun andikape bon jan sèvis. Oriol te fè etid ki ba li yon Lisans nan University of Florida epi yon Metriz nan Harvard University.  Nan lane 2017, Texas Christian University onore Oriol ak tit « Doktè nan Sèvis Piblik ».

James Edward English resevwa yon Lisans nan Literati Angle nan College of William & Mary epi yon Mètriz nan Istwa nan Texas Christian University kote l ap travay kòm Konseye Entènasyonal. Li pibliye plizyè atik ak editoryal nan jounal tankou Ability Magazine, China Report ak Miami Herald. Depi 2011, li se konseye Gérald Oriol, Jr. nan travay Oriol pou entegrasyon moun andikape ann Ayiti.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments